Nimewo espesyal, janvye 2008 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Ki avantaj AYITI ta kapab genyen nan APE ?

Jounen jodi a, genyen 2 gwo kontradiksyon ki make relasyon Ayiti ak lòt peyi sou latè nan zafè komès. Lavi popilasyon an makònen ak travay latè, alòske pifò sa moun yo bezwen pou yo manje soti nan peyi etranje. Epi, pifò manje sa yo antre nan peyi a san yo pa peye taks. Sitiyasyon sa a se konsekans Plan ajisteman estriktirèl FMI mete kanpe nan peyi a depi lane 1986, aprè pèp Ayisyen an te fin dechouke diktatè Jan Klod Divalye sou pouvwa a. Li se konsekans tou, politik baryè lib, gouvènman Aristid la te aplike nan peyi a nan lane 1995. Politik baryè lib sa a elimine kesyon peye taks la sou machandiz k ap soti aletranje yo. Plan ajisteman estriktirèl FMI an ak politik baryè lib Aristid la mete Ayiti pami peyi sou latè kote Leta lage kontwòl komès ak peyi etranje yo nan men sektè prive a.

Nan lane 1975, Konvansyon Lome a, ki se yon dokiman ki tabli règ sou kouman pou sèten peyi fè komès antre yo, te pèmèt peyi Afrik, Karayib ak Pasifik yo vann pwodui yo nan peyi Ewòp yo san yo pa peye taks ladwann. Peyi Afrik, Karayib ak Pasifik yo, sa yo rele peyi ACP yo, te benefisye mezi sa a jis nan ane 2000 yo.

Epoutan, 23 jen 2000 gen yon akò ki siyen nan vil Kotonou, ki nan peyi Benen, ki elimine avantaj sa a epi lanse negosiyasyon sou yon Akò Patenarya Ekonomik (APE) ant Inyon Ewopeyèn ak peyi ACP yo. Negosyasyon sa yo ta dwe bout ak siyati diferan peyi ki konsène yo, nan finisman ane 2007 la.

APE a pwopoze kòm relasyon komèsyal : yon akò baryè lib ant Inyon Ewopeyèn ak 6 gwo blòk rejyonal. Blòk sa yo gwoupe yo anndan peyi ACP yo. Chak blòk sa yo dwe fòme nan mitan yo yon mache komen, ki vle di youn kapab vann lakay lòt san yo pa peye taks ladwann yo anndan blòk la. Epitou yo dwe adopte menm regleman sou kesyon ladwann nan an jeneral, sa vle di fòme yon inyon dwanye. Regleman sa yo dwe pèmèt diferan peyi ki nan yon blòk pran menm valè taks sou machandiz k ap soti nan lòt peyi ki pa nan menm blòk ak yo. Ansuit, blòk sa yo ap kapab negosye akò baryè lib la ak Inyon Ewopeyèn.

Diskou ofisyèl Inyon Ewopeyèn nan fè kwè politik sa yo se zouti pou devlopman dirab ak ranfòsman peyi ACP yo. Si w sèlman gade APE sa byen rapid, ou kapab di Ayiti pral jwenn avantaj ladann. Nan Blòk Ayiti ye a, li rele KARIFOWÒM. Nan Blòk la genyen peyi KARIKÒM yo (Babad, Giyàn, Jamayik, Trinidad ak Tobago, Bayamas, Beliz, Dominik, Grenad, Monsera, Sent-Lisi ak Sen-Vensan, Antigouya, Sen-Kits-ak-Nevis, Sirinam, Ayiti) epi Repiblik Dominikèn ki pa manm KARIKÒM, dayè se sa ki fè yo rele li KARIFOWÒM.

Nan sans sa a, Ayiti ta dwe elimine taks ladwann sou machandiz k ap soti nan peyi KARIFOWÒM yo ak peyi Inyon Ewopeyèn yo. Men, lè Ayiti antre nan inyon dwanye a, li ta dwe benefisye yon montan taks ki menm bagay ak lòt peyi KARIFOWÒM yo. Taks sa yo t ap plis pwoteje ekonomi peyi a parapò ak machandiz ki pa soti nan Inyon Ewopeyèn ak peyi KARIKÒM yo. Kantite machandiz Ayiti achte nan peyi ki pa nan KARIKÒM ak Inyon Ewopeyèn repranzante plis pase mwatye (65%) nan sa li achte aletranje. Sa a t ap pèmèt ekonomi peyizan an rale yon souf paske pwodui yo t ap vann pi ba pri pase diri pèpè ki soti nan peyi Etazini ak poul toufe ki soti nan peyi Brezil.

Gen kèk peyi nan Karayib la ki pap jwenn, nan sans sa a, menm avantaj ak sa Ayiti ta kapab jwenn, paske taks ladwann yo deja pi plis pase Ayiti. Pou rezon sa a, Inyon Ewopeyèn vle pou blòk karayib la pa fòme ni yon mache komen ni yon inyon dwanye. Alòske mache komen an ak inyon dwanye a, se te sèl enterè Ayiti te genyen nan APE a. Sitiyasyon sa a montre relasyon miyo miba ki genyen ant peyi ACP yo ak Inyon Ewopeyèn.

An Ayiti, kèk sektè òganize leve kanpe kont APE a. Kowalisyon BARE APE a te fè kèk rekòmandasyon bay Gouvènman Preval-Aleksi a. Nan rekòmansyon sa yo, Kowalisyon an mande gouvènman an pa siyen APE paske mòd akò ekonomik sa yo deja voye nan chomaj plis pase 8 san mil moun akòz politik baryè lib ane 1990 yo. Kowalisyon an kwè, Leta Ayisyen pa kapab kontinye ak politik ekonomik sa yo k ap detwi ekonomi peyizan yo.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Yon ane ki pa ale nan avantay mas popilè yo nan nivo politik.

- Ayiti : kriz politik, kriz konstitisyonèl oubyen toude ?

- Pou konprann travay ICKL la


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL