Nimewo espesyal, janvye 2008 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Ayiti : kriz politik, kriz konstitisyonèl oubyen toude ?

Se tèm sa a ki te diskite nan dènye konferans deba ICKL te fè pou ane 2007 la. Anvan nou rantre nan detay, n ap raple, aktivite konferans lan, se yon pratik ki egziste nan enstiti a depi li koumanse fonksyone. Chak ane, ICKL òganize yon seri konferans deba sou yon seri kesyon k ap brase bil peyi a oubyen mouvman popilè a. Pou ane 2007 la, gen kat ki rive fèt. Dènye konferans lan te fèt nan dat 23 novanm 2007. Li te rele Ayiti : kriz politik, kriz konstitisyonèl ou byen toude ?

ICKL òganize deba sa a nan yon moman kote peyi a ap viv yon kriz grenn kraze. Malgre dènye eleksyon ki fèt yo ki pèmèt gen yon prezidan eli k ap dirije Leta a ak palman an k ap fonksyone, nou ka konstate sa pa rezoud kriz peyi Dayiti ap viv jounen jodi a. Sitiyasyon mizè a vin pi grav epi ensekirite a toujou ap taye banda.

Divès moun k ap chache konprann kriz la entèprete li nan fason pa yo. Pou sèten moun, kriz n ap viv jounen jodi a, se yon kriz estriktirèl. Sa vle di, yon kriz ki gen rasin li nan chapant sosyete a. Alòske, gen lòt moun ki lage kriz la sou do konstitisyon an. Nan sans sa a, Prezidan Preval te fè konnen se konstitisyon an k ap simaye kriz nan sosyete a. Pou sa, li kwè yon gwo pase men merite fèt ladan. Gen lòt moun nan peyi a ki fè konnen tou se pa konstitisyon an ki pi gwo pwoblèm peyi a. Nan peyi a gen yon bann pwoblèm tankou edikasyon, sante, lojman ak divès lòt ankò ki pi fondamantal epi ki merite rezoud.

Anfèt, nou ka konstate gen anpil deba k ap fèt sou kriz la oswa sou konstitisyon an. Men, anpil moun k ap reflechi sou kesyon sa yo, koupe rapò alevini ki genyen ant kriz konjonktirèl la ak kriz estriktirèl la epi yo mete tout bagay sou do konstitisyon an. Nan sans sa a, nou kwè kriz k ap travèse sosyete a jounen jodi a ak deba k ap fèt sou konstitisyon an merite atire atansyon nou kòm aktè k ap batay pou yon chanjman total kapital nan sosyete a.

Pou anime refleksyon sa a, nou te gen avèk nou Charles Vorbe, ki se yon pwofesè nan Inivèsite Leta a. Pou kòmanse entèvansyon an, Chal Vòb te fè konnen, kesyon sa a n ap debat la, se yon kesyon enpòtan ki angaje tout peyi a. Gen anpil gwo enterè, anpil kontradiksyon men, nou pap rete nan detay yo ; n ap chita sou bagay ki pi esansyèl yo. Entèvenan an te separe pawòl li yo an nan de (2) pati. Nan premye pati a, li gade yon seri mo kle (konsèp) pou eseye konprann sa k ap pase jounen jodi a. Nan dezyèm pati a, li te eseye fè konprann konsèp yo, mo kle yo nan reyalite peyi Dayiti ap viv jounen jodi a.

Kout je sou konsèp yo (Mo kle yo)

Entèvenan an te pran egzanp yon mo kle tankou kriz. Pou nenpòt bagay yo di kriz. Mo sa a ki te konn sèvi sitou nan domèn medikal, yo pral itilize l tou nan syans sosyal yo. Men tou, sans yo ba li nan syans sosyal yo pa depaman ak sans medikal la. Lè sa a, yo pral obsève gwo kontradiksyon ki gen nan sosyete a nan diferan nivo pou konprann kriz la.

Diferans ant kriz estriktirèl ak kriz konjonktirèl

Kriz estriktirèl la mete an kesyon fason sosyete a chapante, fason sosyete a òganize l pou li pwodui. Alòske, kriz konjonktirèl la pa mete chapant sosyete a an kesyon. Men, li kapab pote kèk chajman nan fason sosyete a òganize a. Se yon rapò dyalektik (alevini) kote tout bagay aji sou tout bagay.

Nan syans politik, yo konsidere twa (3) kalite kriz, men, youn pa separe nèt ak lòt menmsi yo chak gen sans pa yo. Kalite kriz sa yo se :

1) Kriz gouvènmantal

Se lè gen pwoblèm ant pouvwa egzekitif la ak pouvwa lejislatif la. Nan ka sa a, youn pèdi konfyans lòt. Sa vle di, ou gen yon kriz gouvènmantal.

2) Kriz rejim politik

Kriz rejim politik la mete an kesyon antant ki genyen ant klas sosyal yo pou jere enstitisyon yo. Konsa, klas dominant yo pèdi kontwòl antant lan. Yo gen difikilte pou chita dominasyon yo a.

3) Kriz Leta a

Kriz Leta a, se yon kriz ki pi laj pase 2 lòt yo. Li poze kesyon sou rezondèt Leta a menm. Leta pa ka bay sèvis, mas yo pa fè li konfyans epi dominasyon an vin difisil. Yon sitiyasyon konsa kapab mete dominasyon an an danje. Sitiyasyon sa a konn lakòz klas dominant yo chache antant epi fè alyans prese prese pou pa kite sitiyasyon an chape nan men yo.

Kouman konprann reyalite a apati konsèp sa yo

Pou chache konprann reyalite peyi Dayiti a apati konsèp, mo kle sa yo, entèvenan an te pran plizyè egzanp. Pou esplike kriz gouvènmantal la, li te rale sa ki te pase ak ansyen minis kilti a Danyèl Eli ak tantativ entèpelasyon premye minis Jak Edwa Aleksi. Nan ka Danyèl Eli a, sitiyasyon an te vin tèlman pouri, depite yo te blije gouvènman an voye minis la ale. Nan ka Jak Edwa Aleksi a, se vre entèpelasyon an pa fèt, men, anpil bagay montre sa poko fini, nenpòt ki lè sa ka rive. Kidonk, kriz la pa rezoud.

Pou sa ki konsènen kriz rejim politik la, entèvenan an te pran egzanp kesyon amandman konstitisyon an. Dapre li, kriz rejim politik la egziste depi konstitisyon an parèt. Gen yon ansanm enstitisyon ki prevwa nan konstitisyon an ki pa janm rive kanpe. Sa vle di, nouvo rejim politik ki prevwa nan konstitisyon an pa janm rive tabli tout bon. Kèk enstitisyon ki rive tabli yo, se anba presyon sa fèt.

Poukisa se jodi a yo plis pale sou kesyon sa yo ?

Li ta sanble gen yon antant ki jwenn nan mitan klas dominant yo ki te kreye enstitisyon yo pou wè sa rejim politik sa a ka bay. Men veritab enterè ki dèyè kriz la. Enperyalis la vle pou klas dominant yo jwe jwèt la. Se pou sa dayè li okipe peyi a. Nan sans sa a, gen presyon k ap fèt nan jan lajan ap debloke. Sa vle di, si yon bagay pa fèt nan jan enperyalis la vle a, lajan pap debloke. Se yon machanday k ap fèt ak kesyon an. Enperyalis la ap jwe pou kriz la pa mennen nan kriz Leta a. Ki Leta atò ? Leta boujwa a.

Pou sa, yo lave sèvèl pèp la ak yon bann pawòl te kowosòl. Men malgre sa, Leta a pèdi tout kredi nan mitan popilasyon an, mas yo pa fè li konfyans. Kidonk, gen anpil kondisyon ki reyini pou Leta a chanje. Sa ki manke an reyalite, se zouti òganizasyonèl ki pou akonpaye mas yo nan batay pou chanje kalite Leta pouri sa a.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Yon ane ki pa ale nan avantay mas popilè yo nan nivo politik.

- Ki avantaj AYITI ta kapab genyen nan APE ?

- Pou konprann travay ICKL la


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL