Ane 2008 - Nimewo 1 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Ayiti premye me : yon jounen lit travayè nan yon peyi san travay

Sans ak enpòtans premye me a

Tankou nou tout konnen li, premye me se jounen entènasyonal lit travayè. Jounen sa a fè n sonje lit travayè yo mennen nan divès peyi sou latè pou amelyorasyon kondisyon travay yo. Se sa ki fè dat sa a gen anpil enpòtans pou tout travayè sou latè. Nan divès peyi, travayè yo ak lòt militan pwogresis toujou pwofite jou sa a pou mande bon kondisyon travay.

Nan peyi kapitalis yo, otorite yo toujou pran yon seri desizyon ki depaman ak vrè sans jou sa a. Otorite yo pwofite jou sa a pou yo bwè gwòg yo epi fè bèl diskou ak bèl pwomès. Men, anreyalite, se zafè patwon yo y ap regle sou do travayè yo. Nan sans sa a, pou evite konfizyon epi chita sou vrè sans premye me a, nou kwè li enpòtan pou nou fè yon ti rapèl sou kote kesyon premye a soti.

Tankou nou deja kòmanse di li, premye me a se rezilta batay travayè yo, anpatikilye ouvriye yo. Nan lane 1884, Federasyon Travayè Ameriken te reyini pou fè katriyèm kongrè li nan peyi Etazini. Nan kongrè sa a, sendika yo ki andedan Federasyon an, te pran desizyon pou mennen yon kokenn chenn batay pou fòse patwon yo retire sou kantite tan ouvriye yo nan yon jounen. An n raple, nan moman sa a, yon jounen travay te depase 8tèdtan. Sendika yo te chwazi jou premye me pou yo derape ak mouvman yo a paske pifò antrepriz Etazini te kòmanse ane kontab yo nan dat sa a.

Premye me 1886, 2 lane apre, presyon sendika yo te lakòz patwon yo retire sou jounen travay la. Anviwon 200 mil travayè ameriken jwenn satisfaksyon pou yo travay 8tèdtan pa jou. Men, batay la pa t fini la, paske te gen anpil lòt travayè ki te kontinye ap travay plis pase 8tèdtan pa jou. Konsa, mobilizasyon yo te kontinye pi rèd, Nan dat 3 me, 3 moun mouri nan yon gwo manifestasyon ki t ap fèt nan vil Chikago. Nan demen, sa vle di 4 me, malgre lapolis te touye 3 moun sa yo, mobilizasyon yo te kontinye pi rèd toujou. Lapolis t ap fè anpil presyon sou manifestan yo, se nan moman sa a, yon bonm pati al tonbe devan fòs lòd yo epi plizyè polisye mouri. Apre zak sa a, lapolis arete 8 manifestan. Nan dat 21 jen 1886, lajistis tanmen yon pwosè kont travayè yo. Nan dat 11 novanm 1886, lajistis kondane 3 nan manifestan yo pou pase tout rès vi yo nan prizon epi pann 5 lòt yo.

Apre dram chikago a, 2e entènasyonal la ki se yon mouvman ki reyini pati kominis nan diferan peyi, te reyini 3 lane apre nan vil Pari pou fè 2e kongrè li. Nan moman sa a, jounen travay la nan peyi Lafrans te ant 10 al pou 12èdtan pa jou. Konsa, nan dat 20 jen 1889, travayè yo pran desizyon pou yo manifeste nan divès peyi sou latè chak premye me pou fòse gouvènman yo pran desizyon pou redui jounen travay la 8tèdtan. Sou baz sa a, batay sa a vin gaye nan tout Ewòp la.

Nan dat premye 1891, lòbèy pete nan yon manifestasyon ki t ap fèt nan vil Foumi ki nan peyi Lafrans. Lapolis tire sou ouvriye yo ki t ap manifeste pasifikman, 10 moun mouri. Pami yo, te gen yon ouvriye fanm ki rele Marie Blondeau, fanm sa a te vin tounen senbòl jounen an. Ak evènman sa a, jou premye me a vin rantre byen fon nan tradisyon lit tout travayè nan tout Ewòp la. Konsa, tout enstitisyon entènasyonal yo vin rekonèt jou sa a. Men, sa pa anpeche menm enstitisyon entènasyonal yo, gwo peyi kapitalis yo ak restavèk ki reprezante yo nan ti peyi yo, toujou sèvi ak jou sa a nan fason pa yo pou detounen vrè sans li. Yo fè l tounen yon jou fèt pou gwo zouzoun banboche sou tèt travayè. An n gade kouman premye me a pase ane sa a nan peyi Dayiti.

Nan ki kontèks premye me a jwenn nou pou ane sa a nan peyi Dayiti

Nan peyi Dayiti, premye ane sa a jwenn nou nan yon kontèks espesyal. Toupatou nan peyi a, lavichè, grangou, mizè ak chomaj ap frape pòt kay malere ak malerèz yo chak jou. Nan dènye moman sa yo, malgre sitiyasyon an ap pi grav, boujwa yo pa janm rate okazyon pou yo monte pri pwodui yo jan yo vle. Grangou a tèlman rèd, popilasyon an ba l non "klowòks" ak "asid batri". Pandan plizyè ane, te gen anpil plenyen kont grangou a. Pafwa, kèk òganizasyon òganize sitin oubyen manifestasyon pou di non kont lavichè a. Gen mobilizasyon ki fèt nan okay, nan NIP anba direksyon KPN ak nan pòtoprens. Men, pandan mwa avril la, se tout peyi a ki te leve kanpe pou di non. Mas yo, travayè yo te leve kanpe nan tout depatman peyi a pou yo di non kont okipasyon peyi a, non ak aplikasyon plan neyoliberal la k ap donnen lavichè. Akote pwoblèm lavichè a k ap koupe trip mas yo, anpatikilye travayè yo, gen kesyon chomaj la. N ap viv nan yon peyi kote pifò moun pap travay. Apeprè 70 al pou 80 sou chak 100 moun, ap viv nan chomaj.

Olye pouvwa anplas la aji pou rezoud pwoblèm grangou a ak chomaj la, se li menm k ap aplike yon plan lanmò sou zòd FMI ak Bank Mondyal. Nan kad plan sa a, pouvwa ki pase yo ak pouvwa anplas la prèske fin detwi pwodiksyon nasyonal la, yo deja privatize plizyè antrepriz epi plizyè lòt sou lis pou vann bay sektè prive piyajè a. Sa k pi grav, pouvwa ap klewonnen chak jou nan radyo l ap bay travay, alòske nan lapratik, se moun l ap revoke nan travay. Nan TELECO, plizyè milye moun deja pèdi dyòb yo epi lage de bra balanse sou beton an. Nan APN, pouvwa a revoke plizyè santèn travayè. Nan antrepriz leta yo, gen anpil moun, se jou y ap konte. Fòk nou di se pa nan leta a sèlman travayè yo ap pèdi travay. Nan pak endistriyèl la kote ki gen plizyè faktori, boujwa yo fè sa yo pito. Nan mwa ki sot pase yo, yon boujwa nan pak endistriyèl la ki rele Jean Paul Faubert, revoke plis pase 800 ouvriye san li pa peye yo preyavi. Depi lè sa a, ouvriye yo tanmen yon mobilizasyon pou fòse patwon an peye yo. Kòm leta sa a se yon leta k ap defann enterè boujwa, afè sosyal fè lapolis ak lajistis arete 2 nan ouvriye yo pou ka fè yo fèmen bouch yo. Se gras ak mobilizasyon ouvriye yo ak konkou lòt sektè plis avoka ouvriye yo ki fè 2 moun sa yo rive jwenn liberasyon yo. Kidonk, premye me ane sa a, devlope nan yon kontèks grangou, mizè, ensekirite ak chomaj.

Kouman premye me a te òganize nan peyi a

Nan peyi Dayiti ak nan plizyè peyi kapitalis, otorite yo di premye me a se fèt travay. Konsa, otorite yo nan peyi Dayiti toujou sèvi ak jou sa a pou banboche sou do travayè ak travayèz yo. Se yon jou pou yo koule bweson yo, fè bèl diskou sou do travayè ak travayèz epi òganize fwa sou channmas. Anjeneral, pifò pwodui ki nan fwa agwo atizanal sa yo, se pwodui pèpè. Sa vle di, otorite yo sèvi ak fwa sa yo pou detwi pwodiksyon agrikòl nasyonal la. Ane sa a, otorite yo pat òganize fwa pèpè yo a sou channmas la. Nan esplikasyon ki bay, sèten moun di se revokasyon gouvènman an li lakoz sa. Pou lòt moun, se pa vre, yo di gouvènman an te pè òganize fwa a akoz gwo mobilizasyon ki sot fèt yo. Sèten moun fè konnen fwa a te ka soulve yon gwo mobilizasyon sou channmas la. Kèk moun ki nan grangou te kapab pwofite fwa a pou yo manje gratis ti cheri. Dayè, bri a te gentan koumanse kouri anvan jou premye me a rive.

Malgre pat gen aktivite ofisyèl ki te fèt jou premye me a, plizyè òganizasyon te make jou sa a nan fason pa yo, nan divès kwen nan peyi a.

Nan pòtoprens, te gen plizyè aktivite. Anplwaye revoke nan Teleko yo te pran lari pou mande peye yo 3 lane travay ; anplwaye meri pòtoprens yo te nan lari pou mande lajan yo dwe yo ak pi bon kondisyon travay ; plizyè santèn ouvriye revoke nan pak endistriyèl la te nan lari a tou pou mande leta pran responsablite li pou fòse Jean Paul Faubert peye yo epi pou mande leta ogmante salè minimòm nan 300 goud pou pi piti. Sou channmas la, nan plas kote leta konn òganize a, plizyè òganizasyon te plante pikèt yo pou mande leta ogmante salè minimòm nan 300 goud pou pi piti, pou mande leta tabli bonjan refòm agrè, ankadre peyizan yo, ba yo kredi agrikòl epi fè bak sou plan neyoliberal la, pou ogmante pwodiksyon nasyonal la. Dapre òganizasyon yo, plan neyoliberal la ak pwodiksyon nasyonal, se lèt ak sitwon. Oganizasyon yo te mande leta pou li desann pri tout pwodui premye nesesite yo, kontwole kantite benefis gwo komèsan yo ap fè sou pwodui yo epi tabli magazen leta nan tout peyi a. Magazen leta yo ta ka vann pwodui yo nan yon pri ki pi ba pase pri ki sou mache a. Se pat sèlman nan pòtoprens ki te gen mobilizasyon nan okazyon premye me a. Nan Nòdwès la ak nan Plato santral sitou nan Savanèt, manm Tèt Kole yo te mobilize, pou mande leta ba yo tè pou yo travay ak bonjan ankadreman, pou mande leta wouze tè yo epi legalize tè leta peyizan yo rive rache anba men grandon.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Reyalizasyon ak pèspektiv pou ane 2008 la

- Neyoliberalis la nan kriz


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL