Ane 2008 - Nimewo 1 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Neyoliberalis la nan kriz

Nan kòmansman mwa avril la, yon bon pati nan peyi a pran lari pou rele aba lavichè. Si radyo ak televizyon isit kou lòt bò dlo te bay evennman sa a tout enpòtans sa yo, se paske rele anmwe a te sitou fèt an menm tan nan plizyè kote nan peyi a epi menm nan plizyè peyi etranje. Poutan, anvan, te genyen lòt gwo manifestayon ki te reyalize nan divès lòt vil. Nou ka sonje gwo manifestasyon KPN te reyalize jou 26 fevriye nan zòn Miragwàn. Menm lè kèk radyo te rapòte li, leve kanpe sa a te sanble pou radyo sa yo yon senp manifestasyon. Nan fè kòmantè sou evennman mwa avril yo, radyo yo ak jounal yo pa te raple sa ki te pase anvan yo tou, tankou nan vil Ench ak MPP. Poutan, se yon dife ki te kòmanse boule nan divès kwen nan peyi a anvan li te tounen yon boukan. Se metye boujwa yo ak laprès k ap travay pou yo separe tout evennman yo youn ak lòt pou mas la pa ka analize yo ansanm.

Manman lide ki t ap sikile nan tout manifestasyon sa yo ki te jwenn sipò yon gwo majorite nan popilsayon an, se te aba lavichè, aba politik neyoliberal la ak aba okipasyon. Men, laprès boujwa isit tankou lòt bò dlo melanje lavichè ak kriz manje, sa yo rele an franse ''crise alimentaire". Kòmkidire, se yon bann moun ki pa jwenn manje k ap kouri kon moun fou nan lari chèche manje. Lavichè a pa menm bagay ak kriz manje. Peyi a chaje ak manje k ap gaspiye. Nan plizyè kwen nan peyi a, menm lè se nan move kondisyon demwatye y ap travay, manje abitan ap pouri sou pye, ap pouri nan tann machin, pandan moun pa ka achte sa ki nan mache. Anmenmtan tou, li klè si se pat politik neyoliberal la ki kase kou yon bon pati nan pwodiksyon agrikòl la, si te genyen tou bonjan refòm agrè ak ankadreman teknik, kredi elatriye, peyizan yo t ap pwodui plis manje toujou.

Kidonk, nou ka di, zafè lavichè a chita sou 2 gwo rezon nan mitan yon bann lòt. Youn, se paske pouvwa politik la depi sou Janklod Divalye rive jous jounen jodi a kontinye louvri vant peyi a bay tout zagribay ak vye rad, vye soulye ki soti nan peyi letranje. Manje peyizan, soulye kòdonye ak rad koutiryèz pèdi valè. Lòt rezon an, sèke pwodui ki la yo, malere pa ka achte yo paske yo pa genyen lajan. Politik neyoliberal pouvwa nou yo, olye pou yo kreye travay, pito vann pou po patat gwo antrepriz Leta ki te konn abitye rapòte lajan, lajan ki te ka sèvi pou okipe ak bati lopital, lekòl elt. Tout sèvis sosyal sa yo ki te ka ale nan avantay mas pèp la. Gouvènman an, nan louvri vant peyi a, kreye plis chomaj lavil tankou nan milye riral yo. Travayè agrikòl pa ka viv, ti peyizan yo oblije bandonnen lakilti pou lòt aktivite ki pa miyò pase sa. Gwo chèf yo ap revoke je fèmen anplwaye nan tout antrepriz piblik yo pou yo ka lage yo youn apre lòt nan ponyèt zanmi yo ak gwo kapitalis etranje ki pa genyen okenn enterè nan lavni Ayiti. Gwo evennman mwa avril la, se yon egzèsis ki enpòtan anpil nan aprantisay mas popilè yo pou yo mete kout mato nan dèyè sistèm kapitalis neyoliberal la. Men moun ak òganizasyon k ap reflechi yo remake, gen yon eleman ki enpòtan anpil nan lit mas yo, pou lit sa yo ka pran direksyon yo merite a : eleman ki manke a, se yon pati politik ki soti nan mitan yo epi k ap suiv yon liy revolisyonè. Se yon nesesite ki pa ka rete tann ankò si nou tout vle majorite moun k ap viv nan malsite yo soti nan kondisyon sa yo, si nou derefize kontinye lage kò nou bay politisyen malonèt ki ranmase depi mwa avril la langaj lit kont neyoliberal nou yo pou yo ka vale nou pi byen nan eleksyon.

Jounen jodi a, kapitalis la ap viv yon moman difisil nan lemonn antye. Men, nou pa dwe kriye laviktwa twò vit. Nou pa fèt pou bliye pa genyen okenn sistèm politik ak ekonomik ki lage kò li bay mas yo menm lè li pa kapab ankò. Anplis, sistèm kapitalis la kòken. Menm lè w wè li prèske mouri, li gen kapasite pou l reparèt sou yon lòt fòm ki pi makawon toujou. Ann ranfòse òganizasyon baz nou yo pandan n ap pran desizyon travay sou kreyasyon yon pati politik revolisyonè k ap koupe fache ak tout pratik pati tradisyonèl nan yon sèl objektif : rekreye yon Ayiti dapre rèv ansyen esklav yo te genyen nan tan lakoloni : Yon Ayiti granmoun ki an mezi reponn ak tout bezwen pitit li yo. Yon rèv mas peyizan, mas travayè lavil tankou nan seksyon kominal yo pa janm lage nan tout batay yo toujou ap mennen.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Ayiti premye me : yon jounen lit travayè nan yon peyi san travay

- Reyalizasyon ak pèspektiv pou ane 2008 la


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL