Les rendez-vous de l'ICKL

Les listes de l'ICKL

Nouveautés - Cliquez ici pour vous enregistrer sur la liste des nouveautes du site et d'autres activites de l'ICKL

ForumPaysan - Cliquez ici pour vous enregistrer sur la liste du forum afin de recevoir les documents appropriés


 

Bilan Kritik sou 100 premye jou gouvèman Michelle Pierre-Louis a
Pozisyon Mouvman Demokratik Popilè (MODEP)
Posté le jeudi 18 décembre 2008 par icklhaiti

Nan mwa avril ki sot pase a, mas yo nan divès kwen nan peyi a te leve kanpe pou di non kont okipasyon,grangou, chomaj ak lavichè, ki se rezilta politik neyoliberal plizyè gouvènman ki pase yo t ap aplike nan peyi a. Men, depi an lagan, nan prezantasyon politik jeneral li, gouvènman Michelle Pierre-Louis a te deja montre li pa sou wout pou satisfè revandikasyon sa yo. Politik jeneral gouvènman Michelle P. Louis a reprann angwo menm chema DSNCRP a ki se bib dirijan ayisyen yo mete yo dakò pou yo aplike anba grif FMI ak Bank Mondyal. Men anreyalite fòk nou di, depi gouvènman sa a monte, se ijans li di l ap jere. Anpil lajan depanse, anpil monte desann fèt sou pretèks pou ede viktim yo, men, pwoblèm yo la pirèd. 100 jou apre gouvènman an fè ap manniganse sou pouvwa a bò kote prezidan Preval, ki bilan nou ka fè nan nivo ekonomik, politik ak sosyal ?

Nan nivo ekonomik ak sosyal

Premye bagay ki te deja montre gouvènman sa a pata pral regle anyen, se politik jeneral premye minis lan te prezante devan palman an. Politik jeneral sa a ki chita sou DSNCRP a, pa pwopoze okenn solisyon serye pou fè fas ak pwoblèm grangou, chomaj, pwodiksyon nasyonal la ak okipasyon peyi a. Kòm politik jeneral la pa kanpe sou anyen, aksyon gouvènman an pandan 100 jou a te plis chita sou jesyon ijans pou ede viktim siklòn yo. Pou fè fas ak pwoblèm sa a, anviwon 200 milyon dola debloke sou fon PETROCARIBE a. Plis pase 143 milyon dola deja angaje nan fon sa a. Men, anpil moun ap chache kote fon sa a fè, pesonn pa wè kote li pase.

Gouvèman an kontinye tèt bese nan aplike politik neyoliberal la. Pandan plizyè milye anplwaye Teleko lage de bra balanse nan lari, anpil lòt travayè deja pèdi travay yo nan APN, nan kad politik vann antrepriz leta yo tankou lo patat. Konsa, mizè mas yo ap ogmante, pri anpil pwodui kontinye ap grenpe monte malgre pri gaz la ap bese chak jou pi plis. Nan tout peyi a, se grangou k ap fè lalwa. Nan komin Bèlans ki nan depatman Sidès la, anviwon 14 moun deja mouri nan grangou.

Sèl nòt pozitiv nou note pandan tan sa a, se Akò Patenarya Ekonomik yo ki pa rive siyen. Malgre sa, nou pa santi gouvènman an deside ale jouk nan bout ak pozisyon sa a. Sou kesyon pwodiksyon nasyonal la, depi nan politik jeneral la, gouvènman an te deja deside li pap manyen kesyon sa a nan pwofondè li. Pa gen anyen ki prevwa sou kesyon refòm agrè a, ni sou INARA, malgre gen moun k ap touche pou sa. Aloske menm Michel Pierre Louis sa te lap goumen pou yon demokrasi agrè nan peyi. Kidonk, si se pou gouvènman sa a, peyi a fèk kòmanse nan ensekirite alimantè.

Nan nivo politik

Nan nivo politik, gouvènman sa a lage kò li nan 2 plan men toupuisan kominote entènasyonal la. Sa k pi grav, se sou patwonaj MINUSTAH, palman an ak tout gouvènman an rive travay sou yon ajennda lejislatif. Sa ki montre aklè, gouvènman an ak tout palman an santi yo alèz anba okipasyon an. Malgre prezidan Preval di li ta swete pou MINUSTAH ale nan finisman manda li a, pouvwa a pa montre li vle pran okenn mezi konkrè pou wete peyi a anba okipasyon. Okontrè, pouvwa anplas la ap sere kò li pi fon anba bra kominote entènasyonal la, menm jan y ap fè sa pou FMI ak Bank Mondyal.

Se ak anpil kè kontan kòripsyon ap taye banda nan administrasyon piblik la. Se ak anpil difikilte pou yon moun ki pa konwonpi rive fonksyone nan Leta a. Menm èd ki bay pou viktim yo pa rive chape anba siklòn kòripsyon an. Nan lapolis, nan lajistis, se kòripsyon k ap byen mennen malgre tout refòm kominote entènasyonal la di li fè. Anpil otorite nan Leta a ap viv nan lwil, y ap woule gwo mak machin agase pèp pandan pèp la ap mouri grangou. Alòske, salè anpil nan yo paka pèmèt yo mennen mòd vi sa a. Men, pa gen pesonn ki di yo anyen. Se kòmkwa nan Leta pouri sa a, si w pa konwonpi, ou pa alamòd. Memsi rapò « Transparency Internatioanal » yo se pa pawòl levanjil, men nou kwè maladi kòripsyon an atake administrasyon leta a jouk nan zo. Poutan, pa gen siy pandan 100 premye jou a ki montre gouvènman sa a gen volonte politik pou li atake tout bon, maladi kòripsyon an.

Nan kalfou sa a, kisa nou dwe fè ?

Nan kalfou tenten n ap viv jounen jodi a, nou dwe rann nou kont, nou pa gen lòt chwa, nou dwe batay pou tabli yon Ayiti granmoun, yon Ayiti Sosyalis, yon Ayiti ki libere anba diktati enstitisyon finansye entènasyonal yo, peyi rich yo, MINUSTAH ak tout tyoul ki anba zòd yo nan peyi a. Men pandanstan, li enpòtan pou nou kontinye òganize nou pou fè presyon sou otorite k ap touche lajan pèp la pou yo :

1) Tanmen yon veritab refòm agrè nan peyi a, bay peyizan yo bonjan ankadreman pou pitit pèp la ka jwenn manje pou li manje nan bon kondisyon

2) Remete kanpe Magazen leta yo, pou vann pwodui premye nesesite yo nan pri ki pi ba pase pri ki sou mache a, selon dekrè oktòb 1989 la

3) Sispann pran lajan pèp la pou peye FMI ak Bank Mondyal, lajan sa yo dwe sèvi pou bati lekòl ak lopital pou pitit pèp la

4) Sibvansyone gaz pwopàn ak kewozèn nan yon fason pou pwoteje anviwonnman an

5) Mete kontwòl sou pri tout pwodui ak sèvis premye nesesite yo, yon fason pou gwo komèsan yo pa vann pwodui yo pri yo vle

6) Kanpe nèt sou tout negosyasyon k ap fèt nan kad APE a epi travay pito pou entegre Ayiti nan pwogram ALBA a

Pou MODEP :

Guy NUMA

Nickson BOUMBA

icklhaiti [ICKL HAITI]



 

ICKL / Adresse : 28, rue Jn Baptiste, Canapé-Vert - HT 6115, Port-au-Prince, HAÏTI
Tel : (509) 245 4598 , 510 0111 - E-mail : ickl @ickl-haiti.org - URL :
www.ickl-haiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL