Nimewo espesyal, Jiyè 2010 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Lwa eta dijans 15 avril 2010 : Yon lòt kalòt pou dwa grandèt majè Ayiti

Gouvènman Preval-Bellerive la depoze nan mwa avril 2010 la, yon lwa sou eta dijans nan palman an. Lwa sa a vote nan tou 2 chanm yo, epi gouvènman an pibliye l nan jounal ofisyèl peyi a "Monitè". Tout moun ka remake lwa sa a fè anpil bri, anpil pale nan divès sektè nan peyi a. Pou kisa tout kontestasyon sa a sou lwa eta dijans lan ? Nan ane 2008, apre pasaj 4 siklòn Fay, Ana, Gistav, Ayk ki te ravaje anpil zòn epi mete ekonomi peyi a sou lagraba ; gouvènman an te deklare eta dijans, lè sa, pat gen tout wounouwounou sa yo. Anvan nou fouye zo nan kalalou sou lwa dijans avril 2010 la, an n gade koze eta ijans la, ki sa l ye ? Nan ki sikonstans yo deklare eta dijans nan yon peyi ? Dapre lwa ayisyen yo kilès ki otorize pran desizyon sa a ?

Lè yon fenomèn natirèl tankou siklòn, inondasyon, tranbleman tè pral pase osnon fin pase epi li fè osnon kapab fè anpil dega, dirijan yon peyi kapab deklare eta dijans. Fòk nou di, nan ka tranbleman tè a se lè li fin pase, paske eta konesans syantifik yo sou koze a pa pèmet yo di kilè egzakteman yon tranbleman tè ap fèt. Dirijan yo deklare eta dijans, sa vle di, pandan yon peryòd tan byen detèmine, otorite yo adopte mezi pou fè fas kare ak katastwòf la. Nan peryòd Eta dijans la, gouvènaman an pa ekzanp dwe aji yon fason rapid, li pa oblije suiv tout pwosedi ki tabli nan kad fonksyon piblik la. Apre peryòd ijans lan, gouvènman an gen pou l bay rapò, rann kont devan lachanm sou itilizasyon lajan li te genyen nan peryod ijans la. N ap sonje senatè yo te voye Michèle Pierre-Louis ale sou pretèks, chèf gouvènman an pat kapab jistifye 197 milyon dola vèt yo te depanse pandan peryòd ijans lan.

Lwa ayisyen yo prevwa se otorite santral yo osnon otorite lokal yo ki ka deklare eta dijans nan tout peyi a osnon nan yon pati. Lwa peyi a di, gouvenman an ka deklare eta dijans pou yon peryòd yon mwa. Apre sa, li kapab renouvle l pou yon lòt mwa ankò. Si gen nesesite pou renouvle eta dijans lan yon 3e fwa, fòk ekzekitif la jwenn akò palman an. Nan ka se otorite lokal yo ki deklare eta dijans la, se delege osnon vis-delege ki kapab fè sa annakò ak majistra ki konsènen yo. Eta dijans nan nivo lokal ka dire 5 jou pou pi plis. Li ka renouvle pou yon lòt 5 jou ankò ak konsantman gouvènman an.

Lwa sou eta dijans 15 avril 2010 la : kote l soti ? ki sa ki ladan l ?

Apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, gouvènman an te deklare eta dijans sou tout peyi a. Pèt ak dega yo anpil ; plis pase 300.000 moun pèdi lavi yo, 300 mil blese epi plis pase 500 mil moun ale nan pwovens. Dapre kèk enfòmasyon, dega materyèl yo depase 11 milya dola vèt (An n raple 1 milya = mil milyon). Tranbleman tè a fè plis dega nan depatman Lwès ak Sidès, men se tout depatman peyi a k ap sibi gwo konsekans yo. Se rekòt ti peyizan yo ki sèvi pou bay popilasyon zòn yo ak plis pase 500 mil moun ki deplase yo manje. Sa ki lakoz tout estòk semans ki te sere pou plante pase nan chodyè. Agrikilti peyizan an ki deja sou lagraba akoz tout politik louvri vant mache lokal la, politik wete trip mete pay, gouvènman ayisyen yo depi plis pase 20 lane ap aplike. Nou pran sektè agrikilti a men li te kapab nenpòt ki lot sektè tankou sante, ledikasyon elatriye. Se menm reyalite a, seksyon yo, vil pwovens yo pa gen enfrastrikti sifizan pou kòlte ak nouvo sitirasyon sa a. Yon fwa ankò, n ap peye konsekans 2 repiblik nan yon sèl peyi a. N ap peye chè konsekans peyi anndedan/peyi andeyò, dirijan ayisyen yo pa janm koupe fache ak li a. Se nan repiblik Pòtoprens pi gwo enfrastrikti yo chita, seksyon kominal yo prèske pa gen anyen. Si dirijan yo te aplike yon politik ki chita sou enterè peyi a, enterè popilasyon an, yo t ap mete lekòl, lopital, wout, dlo potab, elektrisite nan tout peyi a. Konsa, apre 12 janvye, pil blese yo t ap kapab al pran swen nan lòt lopital byen ekipe nan lòt depatman yo, timoun tap kapab al lekòl san pwoblèm. Se pou di, kijan politik grenn kraze dirijan peyi yo ap aplike ak presyon kèk enstitisyon tankou Bank mondyal, FMI responsab tou sa k pase 12 janvye a ; se pa selman tranbleman tè a ki lakoz. Gen tranbleman tè ki pase ak pi gwo soukous nan lòt peyi ki pa fè tout dega sa yo. Se nan sitiyasyon sa, gouvènman Preval-Bellerive la apre li fin deklare eta ijans nan peyi a 17 janvye epi renouvle l pou kont li 31 janvye, prezante yon lwa sou eta ijans devan lachanm. Lwa a vote, li gen 2 gwo koze ladan l ki bay tèt chaje : Eta ijans la ap dire 18 mwa epi kreyasyon yon komisyon enterimè pou rekonstwi Ayiti.

• Eta ijans lan dapre lwa sa ap bout jouk nan mwa oktob 2011. Nan peryòd sa, gen yon gwo randevou ki se eleksyon. Eleksyon gen pou fèt nan tout nivo, pou brase, chanje osnon kenbe pèsonèl politik yo, soti nan prezidan pase nan senatè, depite rive nan kolektivite yo. Se yon randevou kote aktè politik yo ap foubi zepon yo pou wè kijan yap rive kenbe osnon pran pouvwa. Nan kontèks sa a, gen plizyè regwoupman politik ki kanpe depi nan fen ane 2009 la. Ladan yo gen Inite ki se regwoupman prezidan Preval, manm Lespwa, ak lòt politisyen ki kite pati politik yo te menm fòme. Gen Altènativ ki fòme ak OPL, Fizyon,elt…, gen PLA ki gen ladan RDNP, GREH,elt. Kèlkeswa lè eleksyon yo fèt, nan fen novanm 2010 osnon apre se sou peryòd ijans la l ap fèt. Depi kounye a, anpil kote nan peyi a, lapolis ap fè menas sou kèk moun pou yo pa fè manifestasyon. Otorite yo bay kòm rezon, peyi a nan eta ijans. Tout sa se mannèv pou kraponnen moun pou yo pa bat chalbari dèyè tout vye zak briganday, koripsyon gouvènman an ap fè. Si depi kounye a anpil entimidasyon ap fèt pou anpeche moun ekzèse dwa yo genyen pou pale, manifeste libelibè, pi devan ka pi tris.

• Lwa sou eta dijans lan kreye tou yon komisyon enterimè pou rekonstwi Ayiti. Komisyon sa a ki la pou 18 mwa tou gen ladan reprezantan ayisyen ak delege kominote entènasyonal la ak dyaspora a. Dapre lwa a, manda komisyon an se mete sou ray plan devlopman Ayiti a. Li gen pou l etidye pwojè, debloke kòb pou ekzekite pwojè yo nan kad rekonstriksyon an. Apre 18 mwa a, komisyon an ap pase mayèt la bay yon lòt enstans lwa a rele Reji pou Devlopman Ayiti. Depi nan rankont Nouyòk la ki te fèt nan dat 31 mas, kominote entènasyonal la ak dirijan ayisyen yo te chwazi ansyen prezidan meriken Bill Clinton ak premye minis ayisyen pou kounye a, Jn Max Bellerive pou dirije komisyon rekonstriksyon an. Komisyon an gen ladan 24 manm : 12 ayisyen ak 12 etranje. Men sa pa vle di yo egalego, sitou lè nou konnen reprezantan nou yo, se moun ki plis al tande reprezantan kominote entènasyonal la, olye yo diskite ak yo. Se pa moun ki pral gade blan an nan je.

Se yon gwo souflèt prezidan an, senatè ak depite yo, atravè lwa sou eta dijans lan, bay dwa grandèt peyi a ak kreyasyon komisyon sa a. Dwa grandèt peyi a ki te deja pran gwo pataswèl ak prezans fòs okipasyon Nasyonzini yo MINISTA sou teritwa nasyonal la. Mete sou sa, lwa a bay tout enstitisyon leta ki la pou elabore, planifiye, ekzekite pwojè nan peyi a yon bwa long kenbe. Li mete komisyon enterimè a chita sou tèt yo tout. Komisyon an pa gen kont pou l rann, ni mande yo sa yo panse. komisyon an ap gen tout pouvwa pou oryante, debloke fon pou pwojè ki makònen ak enterè gwo peyi yo. Se pa san rezon ansyen prezidan meriken Bill Clinton, k ap prezide komisyon an te deklare, l ap fè Ayiti vin premye peyi nan karayib la nan zafè entènet san fil. San nou pa fèmen je sou enpòtans entènet genyen nan fè enfòmasyon sikile pi rapid nan mond lan, nou pa kwè pou moun k ap dòmi anba tant yo, elèv, etidyan ki pa ka ale lekòl, ouvriye, ti peyizan ki pa ka travay nan bon kondisyon, mas chomè yo, nou pa kwè pou yo se entenèt ki priyorite peyi a.

Komisyon pou rekonstwi Ayiti a, sou ki rekonstriksyon yap pale/ avèk kilès ? Nan enterè kilès ? Fòk nou raple Plan Aksyon pou Relèvman ak Devlopman Nasyonal la (PARDN) se pitit vant PDNA ki li menm se yon dokiman ki swadizan ranmase bezwen peyi a genyen apre dezas 12 janvye a. PDNA fèt nan peryòd 18 fevriye pou rive 13 mas, se 90 espè etranje ak 150 konseye ayisyen ki fè l. Nan koze sa yo se pa kantite a ki pi enpòtan, men se kilès k ap dirije, kap depanse, ki gen kontwòl sa kap fèt la. Ou ta gen dwa gen 200 ayisyen ak 5 etranje epi se lide, se pozisyon 5 etranje yo ki pase nan travay la. Sou chimen pou te mete kanpe PARDN lan, gwo absan an se popilasyon an. Li menm apre 12 janvye te sove ak zong li ak detèminasyon li anpil moun anba dekonb. Gouvènman Preval-Bellerive la pa chita ak li pou konnen dizon pa l sou jan pou rekonstriksyon an fèt. Gouvènman an rete, yon lòt fwa ankò, fidèl, soumi ak dikte kominote entènasyonal la. Rekonstriksyon k ap pale jodi a, pa zafè pèp ayisyen, se pito yon lokazyon pou gwo peyi yo fè gwo konpayi lakay yo fè plis lajan, bay moun lakay yo travay, pandan pèp ayisyen kontinye ap viv nan kras, nan fatra, anba tant ki pa ka twonpe ni soley, ni lapli alewè pou gwo van, inondasyon ak siklòn. Lwa ijans avril 2010 la, se angrè pou kòripsyon kontinye boujonnen kon djondjon nan peyi a. Rekonstriksyon k ap pale a rantre nan plan pou kenbe Ayiti anba grif gwo puisans yo.

Rekonstriksyon an rantre nan plan pou bare tout pwojè ki vize reprann dwa grandèt peyi a, bati yon leta granmoun k ap aplike politik ki nan enterè mas pèp la. Senatè ak Depite 48e lejislati a, ak vòt lwa ijans avril 2010 la bay kout tiwèl pa yo nan simante plan dominasyon gwo peyi yo sou Ayiti.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Ayiti : Ki rekonstriksyon ? Pou ki moun ?


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL