Nimewo espesyal, Jiyè 2010 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Ayiti : Ki rekonstriksyon ? Pou ki moun ?

Depi apre katastwòf 12 janvye a ki te touye plis pase 300 mil moun, gen yon pawòl rekonstriksyon ki vin alamòd nan peyi a. Apre katastwòf la, nou te konstate gouvènman an te bèbè, pye koupe, bra koupe. Gouvènman an te anba dekonb. Se kominote entènasyonal la ak ONG yo, sitou sila ki soti lòtbò dlo yo ki t ap koupe rache. Gen plis pase 2 milya dola ki depanse nan 3 premye mwa yo. Men, nou ka konstate pifò moun ki viktim yo toujou anba dra, yo menase anba lapli ak siklòn. Ti moso manje ki bay yo, se nan imilyasyon sa rive fèt. Anpil moun te blije mete yo nan ran depi vè 2zè nan maten pou jwenn kèk mamit diri jouk nan mitan jounen. Pafwa, lapolis ak militè etranje kale yo. Gen moun ki pwofite sitiyasyon sa a pou fè anpil lajan nan vann kat oswa nan vann manje.

Akote faz ijans lan, kominote entènasyonal la ak dirijan yo anonse faz rekonstriksyon peyi a. Pou chita pwojè rekonstriksyon an, kominote entènasyonal la ak dirijan yo mete kanpe yon plan, san patisipasyon pèp la, san patisipasyon moun ki viktim yo. Yo rankontre nan Sendomeng 17 mas epi nan Nouyòk 31 mas pou diskite sou plan an. Moun ki anba dra yo, peyizan yo, ouvriye yo, ti machann yo ak anpil moun nan tiboujwazi a, pa konnen anyen nan plan sa a. Alòske pouvwa a ak tout kominote entènasyonal la di se pou nou y ap fè plan sa a. Pou layite plan an, kominote enperyalis la ak pouvwa restavèk la mete kanpe yon Komisyon Pwovizwa pou Rekonstui Ayiti ki gen pou ti non : CIRH. Nan tèt komisyon sa a, gen ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ak premye minis Jean-Max Bellerive. Akote yo gen yon bann etranje ak ayisyen nan komisyon an. Komisyon sa a yo di ki la pou rekonstwi Ayiti a, sot fè premye rankont li Dominikani, nan yon vil ki rele « Punta Cana ». Nan rankont sa a ki te fèt pou pase peyi a nan betiz, yo sèlman refè menm pwomès ki te deja fèt nan rankont 31 mas Nouyòk la. Ann gade Pwomès ki nan plan sou rekonstriksyon Ayiti a ak pwomès ki abitwe fèt deja yo

- Kèk pwomès ki nan plan sa a

Se pa premye fwa yo fè nou mòd pwomès sa yo. Gen moun ki di, si pwomès te ka devlope Ayiti, tout ayisyen t ap deja milyonè. Anvan nou gade pwomès ki abitwe fèt deja yo, an n fè yon ti kout je sou sa yo rele plan pou rekonstwi Ayiti a. Nan plan sa a, gen 4 gwo moso ki se : refondasyon teritoryal, refondasyon ekonomik, refondasyon sosyal ak refondasyon enstitisyonèl. Nan sans sa a, yo di yo pral rekonstwi zòn ki devaste yo, prepare sezon siklonik lan, fè amenajman teritwa ak devlopman lokal, amenaje basen vèsan yo, ranfòse pwodiksyon nasyonal, bay plis kouran elektrik, mete moun ki pèdi kay yo nan kay pwovizwa ak pèmanan, kreye anplwa, prepare rantre lekòl la epi bati lòt lekòl, refè enstitisyon yo mache elatriye. Plan sa a yo di ki la pou rekonstwi Ayiti a, ap koute 11,5 milya dola. Nan rankont 31 mas la, kominote entènasyonal la pwomèt pou li bay 9,3 milya dola. Nan lajan sa a, li pwomèt pou li bay 5,2 milya pou 3 pwochen lane k ap vini yo.

Si nou gade byen, nou ka konstate, pifò sa ki di la yo, nou konn tande yo deja nan lòt pwomès, yo pa nouvo. Nan moman n ap ekri la a, nou ka konstate tou, pa gen anpil bagay ki fèt pou rantre lekòl la epi moun ki anba tant yo deja gen gwo pwoblèm ak lapli plis anons siklòn k ap panike yo.

- Kèk Pwomès ki abitwe fèt deja

Nan kilti ayisyen an, gen yon pwovèb ki di « twou manti pa fon ». Se pa kounye a kominote entènasyonal la ap pwomèt Ayiti. Gen anpil pwomès ki fèt deja, men peyi a vin pi mal. Si pwomès moun sa yo te ka devlope Ayiti, tout ayisyen pòv yo t ap deja soti nan lamizè.

Se nan mwa jiyè 2004, kominote entènasyonal la te fè premye konferans entènasyonal li sou Ayiti. Nan konferans sa a ki te fèt 19 ak 20 jiyè, bayè yo te pwomèt pou bay Ayiti plis pase yon milya dola vèt. Dapre sa yo te di, Ayiti te jwenn plis pwomès pase sa li te al mande nan konferans lan. Ayiti te al chache 924 milyon dola, yo ba li pou plis pase yon milya dola pwomès. Pwomès sa yo te rantre nan kad pwogram CCI a. Fòk nou di, pat gen pyès dat ki te bay sou lè pou lajan sa a te debloke. Sekretè Deta annapre pou trezò nan peyi Etazini nan moman an ki te John B. Taylor te bay garanti lajan an pap pran tan pou li debloke. Men, popilasyon an pa janm wè ki kote pwomès sa yo pase.

Nan mwa jen 2005, kominote entènasyonal la te pwomèt ayiti yon bourad 30 milyon dola vèt, nan yon konferans sou do Ayiti, ki te fèt Monreyal, nan dat 16 ak 17 jen. Bayè yo te pwomèt lajan sa a pou kreye travay, distribisyon kouran epi pou kore polis nasyonal la. Blakawout ki gen nan kapital la ak nan rès peyi a kont pou nou konprann ki rezilta pwomès sa yo bay. Nan dènye tan sa yo, se lapli ak konpayi elektrik Venezyela te konstui yo ki pèmèt nou jwenn yon ti kouran nan kèk vil. Nan dat 20 ak 21 oktòb 2005, se peyi Bèljik ki te resevwa rankont bayè yo. Rankont sa a te chita sitou sou kèk pwojè ki andedan pwogram CCI a. Se te yon rankont pou ranfòse pwomès ki te deja fèt nan kad CCI a. Nan dat 24-25 jiyè 2006, konferans entènasyonal sou ayiti a te fèt nan pòtoprens. Nan rankont sa a, gouvènman Preval-Alexis a te prezante yon plan pou 5 lane ki te koute anviwon 7 milya dola. Yon bon pati nan lajan sa a se te pou pwogram apèzman sosyal la. Nan rankont sa a, kominote entènasyonal la te pwomèt pou li bay 750 milyon dola pou 15 mwa. Nou tout te konstate pat gen anyen ki te fèt, pat gen okenn apezman sosyal.

Si nou gade eksperyans sa yo sèlman, nou ka konstate, yon moun k ap bat bravo pou pwomès bayè fon yo, se yon moun k ap pran metsin sou kont pentad mawon. Pawòl FMI, Bank Mondyal, Bid ak sa yo rele peyi donatè yo oubyen peyi zanmi yo, se pawòl te kowosòl, pawòl pou bat dèyè nou, pou voye nou al dòmi chita tann yo vin fè pou nou. Si nou chita ap tann yo, lè nou gade nan mont nou, n ap wè li fè midi blanch. Eksperyans rekonstriksyon nan amerik santral la, an patikilye nan Nikaragwa ak Ondiras.

Pou nou konprann sa ki pral pase nan kesyon rekonstriksyon k ap pale a, li enpòtan pou n al gade kèk eksperyans rekonstriksyon ki fèt deja. Nan lane 1998, gen yon gwo siklòn ki te ravaje zòn amerik Santral la pandan 5 jou. Siklòn sa a te rele MITCH. Ondiras ak Nikaragwa te pran gwo kou anba siklòn sa a. Te gen anviwon 9 mil moun ki te mouri, plizyè milyon moun te deplase. Dega ki te fèt yo te rive jouk nan 6 milya dola anviwon. Avyon te dekole soti toupatou sou latè ak manje, medikaman pou pote èd bay Nikaragwa ak Ondiras. Sa te pèmèt yo bouche kèk twou nan pwoblèm yo. Nan kontèks sa a, kominote entènasyonal la te lanse yon seri deba pou rekonstwi peyi sa yo. Nan sans sa a, yo te mete kanpe yon enstans ki te rele : « Gwoup Konsiltatif pou Rekonstriksyon ak Transfòmasyon Amerik Santral la ». Gwoup sa a te gen anviwon 50 peyi ki te manm li. Te genyen tou Bank Entèrameriken pou Devlopman (Bid), Fon Monetè Entènasyonal (FMI), Bank Mondyal, Pwogram Nasyonzini Pou Devlopman (PNUD) elatriye. Apre 3 reyinyon ki te fèt nan Wachintonn, peyi Etazini nan lane 1998, nan peyi Lasuis nan lane 1999, bayè yo te mete yo dakò sou estrateji rekonstriksyon an. Tout peyi yo ak bayè yo te mete yo dakò pou rekonstwi yon lòt Amerik santral. Deviz la se te : « Rekonstwi ak Transfòme ». Yo te bay tèt yo plizyè objektif. Ladan yo te gen :

-   Rediksyon pwoblèm sosyal ak ekolojik yo

-   Konsolide demokrasi a, dwa moun ak transparans nan leta a

-   Redui dèt peyi a genyen pou lòtbò dlo

-   Byen kòdone aksyon bayè yo

Pou rekonstwi peyi sa yo epi atenn objektif ki te fikse yo, Kominote entènasyonal la te pwomèt nan mwa me 1999, 9 milya dola sou fòm don, kredi ak alèjman dèt pou peyi sa yo. Sou 9 milya dola a, Ondiras te resevwa 2,7 milya dola epi Nikaragwa te resevwa 1,5 milya. Nan travay rekonstriksyon yo te di ki t ap fèt la, se sèlman kèk sèvis ki te la deja yo te rive mete anplas ak kèk wout ki te fèt. Angwo nou ka di, yo te rive mete yon pati nan sinistre yo nan kay, yo te ranfòse defans sivil peyi sa yo men yo te pase akote objektif esansyèl yo te bay tèt yo a ki se rekonstuwi yon lòt Amerik santral. Tout jefò sa yo t ap fèt nan menm lojik anvan yo. Se menm politik neyoliberal la ki te kontinye aplike. Sa vle di pat gen okenn dispozisyon ki te pran pou te konstwi yon lòt Amerik santral vre. Epi tou, kominote entènasyonal la pa ta ka fè sa tou. Dyòb rekonstwi oubyen transfòme yon peyi, se dyòb sitwayen k ap viv nan peyi a. Sitou, moun ki gen enterè nan chanjman sa a. Nou di moun ki kwè nan chanjman, se paske an reyalite, gen moun se sitiyasyon katastwòf la ki bon pou yo. Sitiyasyon an te tèlman grav, menm Bank Mondyal, youn nan enstitisyon ki te responssab rekonstriksyon an te deklare objektif yo te bay tèt yo a te twò gwo. Sa vle di, Bank Mondyal te rekonèt yo te echwe.

Fòk nou di, se pandan Daniel Ortega ki se yon prezidan pwogresis monte sou pouvwa a, l ap eseye korije dega politik neyoliberal yo fè nan peyi Nikaragwa.

Ki Ayiti nou vle konstwi ?

Eksperyans rekonstriksyon Nikaragwa ak Ondiras la dwe sèvi nou leson. Li montre nou aklè, nou pa ka konte sou bayè yo ak peyi ki di yo se zanmi nou, pou rekonstwi peyi nou. Se vre yo kapab rive konstwi palè nasyonal, DGI ak kèk lòt enstitisyon leta. Men, zafè rekonstwi lòt Ayiti a, pa gen sa pyès. Se nou menm ki pou òganize nou pou n wete peyi a, nan sa li ye la a. Pou nou rive la, fòk nou konstwi bon jan altènativ politik pou pran pouvwa a ansanm ak pèp la epi nan enterè pèp la.

Kalite rekonstriksyon y ap pale a, se yon swadizan rekonstriksyon k ap plonje peyi a pi fon nan katastwòf ak nan depandans. Kominote entènasyonal la, pwomèt pou li bay anviwon 5 milya dola pou 3 lane, alòske pou 3 mwa ijans yo sèlman, li di li depanse plis pase 2 milya dola pou viktim yo. Sa pa anpeche pifò viktim yo toujou anba dlo. USAID pou kont pa li ki se yon ONG ameriken, di li depanse yon milya dola nan 3 mwa a. Yon bon pati nan lajan ki vini pou ede Ayiti a, depanse nan militè ameriken yo. Dapre chif ki bay yo, sou chak dola USAID depanse nan 3 premye mwa ki sot pase apre 12 janvye a, gen prèske mwatye (0,45 dola) ki depanse sèlman nan militè ameriken yo.

Tout sa montre nou aklè, nou paka konte sou piyajè lòtbò dlo yo ak dirijan piyajè yo pou konstwi yon lòt Ayiti. Se pou sa li obligatwa pou nou konstwi pwòp altènativ pa nou pou nou konstwi yon lòt Ayiti, kote moun ka jwenn manje, lekòl ak swen sante gratis. Nou dwe gonfle fòs nou pou n konstwi yon Ayiti kote peyizan yo gen tè pou yo travay ak bon jan ankadreman leta pou yo travay tè a. Sa vle di tou, fòk nou konstwi yon lòt kalite leta. Yon leta granmoun, nan yon peyi granmoun. Pou n rive nan kalite leta sa a, nan kalite Ayiti sa a, fòk nou sispann pise gaye, fòk nou konstwi pwòp altènativ politik pa nou.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Lwa eta dijans 15 avril 2010 : Yon lòt kalòt pou dwa grandèt majè Ayiti


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL