Nimewo 10, fevriye 2003 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Irak : dan pouri gen fòs sou bannan mi

Depi atak 11 sektanm ki te fèt sou Etazini an, politik entènasyonal la pran yon lòt vitès. Atak sa a ta pral sèvi Etazini pretèks pou l te ranfòse tèt li sou plan militè epi ranfòse sèvis siveye rapòte l. Mouvman sa yo ap fèt nan sousi pou Etazini ranfòse dominasyon l sou tout planèt la, sitou nan kad sa yo rele nouvo lòd mondyal la. Sou baz sa a, Etazini bay tèt li dwa pou l atake nenpòt moun oubyen peyi li konsidere kòm ènmi li. Atak 11 sektanm lan bay enperyalis meriken yon bon pretèks pou sa : "teyoris." Kidonk, depi w pa dakò ak Etazini, oubyen w ap batay kont depandans, dominasyon ak eksplwatasyon osinon, ou pa deside sèvi l ankò (Noryega, Ben Laden, Sadam), ou riske pase anba zam pou "teyoris." Si anplis youn ou lòt nan posiblite sa yo, ou gen gwo enterè tankou petwòl ki enterese enperyalis la, ou riske pran zam pirèd toujou. Se nan lojik sa a pou n al chache konprann sa k ap pase Irak jounen jo. Kòm Sadam se yon diktatè, Jòj Busch kòm gwo demokrat deside al touye pèp Irak la anba kout zam pou mete "demokrasi" nan peyi Irak, epi "sove" pèp la anba Sadam.

Men, an reyalite, gen lontan depi Etazini ap chache pretèks pou al fè dega an Irak swadizan pou konbat Sadam kòm diktatè, kòm teyoris epi sove pèp la anba li. Konsa, nan yon rapò 22 paj Busch te prezante devan konsèy sekirite Nasyon Zini (ONI) nan dat 12 sektanm 2002, li te akize Irak poutèt :

1) Li pa respekte 16 rezolisyon ONI.

2) Li gen zam chimik ak misil balistik ki kapab touye anpil moun.

3) Li vyole dwa moun anpil.

4) Sadam se yon teyoris, elatriye….

Rapò sa a te pèmèt konsèy sekirite a pran yon rezolisyon pou voye enspektè l yo al gade si Irak pwodui mòd zam sa yo vre. Malgre enspektè yo pa rive pwouve akizasyon sa yo, Etazini wè mò, li deside atake Irak kanmenm. Pou sa, Etazini fè tout kalte mannèv pou jwenn akò ONI. Men, kòm Lalmay, Lafrans ak Lachin gen enterè pa yo y ap defann nan dosye Irak la, yo te anpeche rezolisyon Etazini yo pase nan konsèy sekirite.

Nan plizyè peyi nan tout kontinan yo, anpil manifestasyon fèt pou di non kont lagè a. Nan dat 15 fevriye 2003 sèlman, plis pase 10 milyon moun manifeste nan plizyè gwo vil ann Afrik, ann Ewòp, ann Azi, ann Amerik. Nan peyi Etazini, anpil manifestasyon fèt, tou. Malgre konsèy sekirite ONI an pa dakò, malgre tout manifestasyon yo, Etazini atake Irak kanmenm nan dat 24 mas 2003. Koulye a nou ka poze tèt nou kesyon. Eske maladi Etazini te genyen an se limenm li te di doktè a ?

Nan moman n ap pale la a, militè Ameriken ak Britanik yo, deja gen kontwòl sitiyasyon an. Men, pou sa fèt, fòs militè yo touye plizyè milye moun nan popilasyon Irak la menm jan yo te deja fè sa nan lane 1991. Enfòmasyon ki bay deja fè konnen gen anviwon 9 jounalis ki mouri nan gè sa a. Gen lòt jounalis ki pèdi dyòb yo poutèt yo t ap chache di kèk verite sou gè a ki pa fè Etazini plezi. Demokrasi Busch la kraze anpil kay. Pwoblèm dlo, kouran vin pi grav jounen jodi a nan peyi sa a. Nou poko gen chif egzat sou kantite lajan ki deja depanse nan gè sa a. Men nou konnen, pou kòmanse gè a sèlman, Etazini te debloke $79 milya dola vèt. Sa vle di, san nou pa konte lajan ki pral depanse swadizan pou rekonstui Irak, gen plizyè dizèn milya dola pep meriken an ki depanse deja.

Kòm Etazini ak sipò tyoul li yo fin gen kontwòl sitiyasyon an, se li koulye a k ap deside ki wòl lòt peyi enperyalis ap gen pou yo jwe nan sa yo rele rekonstriksyon Irak la. Se limenm tou ki deside ki wòl tyoul li, ONI, ap gen pou l jwe nan kesyon sa a. E, gen kèk gwo konpayi ameriken ki deja jwenn kontra pou gwo lajan nan kesyon sa a.

Ki leson pou n tire nan sa k ap pase Irak la ?

Premye leson pou n tire nan gè a ap pèmèt nou retounen sou yon kesyon enpòtan nou te poze piwo a. Nou te mande tèt nou, eske maladi gouvènman Etazini soufri a, se limenm ki te di doktè a ? Tout rale nou sot fè la yo pèmèt nou di non kareman. Veritab maladi a pote non petwòl. Irak se youn nan pi gwo pwodiktè petwòl ki gen soulatè. Se pou sa li te atake Irak nan lane 1991, se pou menm rezon sa a li frape Irak ak Sadam ankò jounen jodi a, malgre Sadam, menm jan ak Noryega epi Ben Laden, se yon pitit vant Etazini. Kidonk, nou konstate la a, moun sa yo ki pote non swa dilè dwòg oswa teyoris, se Etazini menm ki prepare yo. Alò, si se Etazini k ap prepare teyoris yo, ki pi gwo leta teyoris ki gen pase Etazini ? Ki pi gwo teyoris ki gen pase jòj Busch ? Eske teyoris ka konbat teyoris ? Lòt leson enpòtan pou n tire a, se sou enstitisyon fantòm ki rele ONI an. Malgre konsèy sekirite a di li pa dakò ak gè a, se konstate enstitisyon sa a t ap konstate dega yo. Li pa janm ka leve yon dwèt pou di "ola." Tout moun te konnen deja enstitisyon sa a se yon bwat fatra. Etazini sèvi ak li jan l pito, lè l pito epi li jete l kareman lè l pa bezwen l. Pandan gè a, Etazini pa t bezwen l, li voye l jete. Koulye a Etazini ap tann li nan sa l rele rekonstriksyon Irak la. Sa k pi grav, li deja pare pou jwe wòl sa a. Ki moralite ak krediblite yon enstitisyon konsa genyen ankò nan lemonn ? Ki wòl serye li ka jwe nan lavni pèp yo sou latè ? Eske yon enstitisyon konsa gen plas li ankò ?

Dènye leson nou ka tire a chita sou itilizasyon laprès nan gè a. Pou masakre lespri moun, se tout lajounen nou tande yon bann enfòmasyon tèt anba sou jan gè a ap dewoule. Finalman, ou te gen enpresyon gè sa te chaje ak yon bann Jan Dadi Simeyon nan nivo entènasyonal. Bò lakay pa nou, anpil jounalis annik bay enfòmasyon sa yo san yo pa poze tèt yo kesyon. Yon espesyalis ki t ap analize gè a fè konnen, nan tip gè sa yo an jeneral ''pi gwo viktim lan se laverite", tèlman gen manti k ap bay sou dewoulman gè sa yo. Tout mannèv sa yo, se pou detounen lespri moun epi pou fè advèsè a pèdi kontwòl li. Sa pèmèt nou konprann ki wòl kesyon enfòmasyon an kapab jwe nan pèmèt ou genyen yon batay oubyen pèdi yon batay.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Yon sèl solisyon : se kontinye goumen…


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL