Ane 2005 - Nimewo 1 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Demokrasi, diktati ak eleksyon

Ni demokrasi ni eleksyon tou de (2) se pwodi listwa. Yo se rezilta tout kalite lit diferan pèp sou latè mennen pou yo genyen plis plas nan dirije peyi yap viv la. Demokrasi ak eleksyon, se pitit rapò fòs ant diferan klas sosyal ki egziste nan yon sosyete. Nan peyi nou tankou nan lòt peyi sou latè, se pa tout moun ki te toujou gen dwa vote. Moun ki pa te gen anpil byen, moun ki pa te konn li, e jous byen ta, fanm pa te gen dwa vote. Mo eleksyon ak mo demokrasi a monte menm chwal, men yo pa toujou vle di menm bagay. Dayè, yo pa toujou mache ansanm ni nan listwa pa nou, ni nan listwa rès peyi nan limanite.

Depi apre Janklod Divalye te fòse pran lafwit nan ane 86, yon bon valè nan opinyon nasyonal ak entènasyonal la deklare Ayiti soti nan preske 30 ane diktati pou pran chemen demokrasi. Nan lide boujwazi ap fè sikile isit tankou rès kote sou latè, demokrasi ak diktati se lèt ak sitwon. Kote youn ye, lòt la pa la. An reyalite, sa demokrasi vle di ?

Demokrasi vle di se pèp la ki bay pouvwa kote li egzèse pouvwa sa a nan avantay li. Men reyalite a sou latè pa prezante kon sa menm jan tout kote. Sa ki mete nou fas pou fas ak de (2) gran fòm demokrasi. Youn yo rele demokrasi reprezantif ak lòt la yo rele demokrasi patisipatif.

Demokrasi reprezantatif la baze sou lide majorite yon pèp vote yon moun swa kòm prezidan, senatè, depite, majistra ou kazèk. Pèp la bay eli sa yo manda pou reprezante li. Ak manda sa a, eli sa yo gen dwa pran tout desizyon nan non majorite sa a, menm desizyon majorite sa a pa dakò ak li. Demokrasi sa a, nou rankontre li tout kote boujwazi a ap domine. Se pou sa yo rele demokrasi sa a tou demokrasi boujwa.

An fas demokrasi boujwa a, nou kontre yon lòt fòm demokrasi ki pi pre vrè sans mo a. Se demokrasi patisipatif kote pèp la jwenn diferan espas nan pouvwa a pou fè lide li pase e pou fè respekte lide sa a dapre prensip ki tabli. Demokrasi patisipatif la rele tou demokrasi popilè pwiske li sou kontwòl pèp la soti nan mach echèl ki pi ba rive nan pi wo a. Nou ka fè esperyans lan nan òganizasyon nou yo lè se de twa grenn moun kap dirije li ak lè se patisipasyon tout moun kap ede li vanse.

Demokrasi ak revè li diktati

Men lè nou gade byen, demokrasi tankou tout fenomèn nan listwa dapre lwa dyalektik la mache ansanm ak kontrè li ki se diktati. Diktati a tou tankou demokrasi a parèt sou de (2) fòm. Yon fòm kote gen yon minorite dirijan kap koupe rache e ki anpeche majorite a bouje tankou diktati Divalye a. Ak yon lòt fòm ki pi fen pou dekouvri. Lè sa a li parèt anba kouvèti demokrasi klas ki gen pouvwa lajan, pouvwa politik epi ki kontwole prensipal aparèy ideyolojik tankou jounal, televizyon , radyo elt. Limit demokrasi boujwa a, se diktati yon minorite sou do mas yo. Fòs demokrasi popilè a, se diktati yon majorite sou do yon minorite ki derefize pèdi pouvwa li.

Boujwazi a nan ipokrizi li toujou kache aspè dyalektik sa a sètadi batay an menm tan konplisite alevini ki egziste ant demokrasi ak diktati. Demokrasi sa a pran plizyè fòm dapre jan rapò klas yo ki depann nivo lit klas yo ye nan yon sosyete a. Sa gouvènman ayisyen ap fè pou pwoteje sistèm kraze souse a, gouvènman ameriken ou franse pap fè li depi nati sistèm nan pa atake. Se pa paske gouvènman sa yo pi bon moun pase pa nou yo. Se senpman kondisyon reyalite yo ki oblije yo kenbe yon sèten nivo demokrasi tout tan sitiyasyon lit ant klas yo an favè yo. Nan ane 80 yo, prezidan Rigann te bay yon sendika nan ayewopò Kenedi yon delè pou li revoke tout ouvriye ki tap fè yon grèv si yo pa reprann travay yo. Nan mwa mas sa a, gouvènman peyi Lafrans pran yon lwa sou kesyon anplwaye piblik yo malgre milyon moun pran lari pou denonse lwa sa a.

Pou byen konprann alevini dyalektik sa a, nou dwe konnen nan chak kontradiksyon, toujou genyen yon pati ki jwe premye plas la, yon lòt pati jwe dezyèm plas la. Nan sistèm boujwa a, demokrasi a parèt devan, men an menm tan, li rezève yon seri mezi pou anpeche mas popilè yo ranmase demokrasi sa a nan avantay yo. Demokrasi anwo, diktati anba sou do pèp la. Si nou pran egzanp peyi Etazini kote laprès boujwa deklare se peyi ki gen plis demokrasi sou latè. Poutan se de (2) pati politik menm plim, menm plimay kap koupe rache. Yo simen tout pikan kwenna pou anpeche pati kap chache kreye yon lòt kalite relasyon ak travayè yo pran jarèt. Chak eleksyon nan peyi sa yo koute milya dola. Ki pwoletè, ki ti peyizan ki ka poze kandida ?

Sa nou konprann nan koze eleksyon a ?

Lè klas popilè yo patisipe nan eleksyon, an jeneral, pati revolisyonè yo twouve yo tout tan nan mitan de (2) pozisyon ki pa kole youn ak lòt. Nou jwenn yon pozisyon ki mache nan eleksyon. Dapre teyori sa a, mas yo dwe rantre anndan enstitsyon boujwa yo pou yo kòmanse aprann dirije yo pandan yap pwofite kòmanse deboulonnen yo pou prepare revolisyon an. Yon lòt pozisyon rejte kare bare tout patisipasyon nan eleksyon. Klas dominant yo dapre kategori moun sa yo, si tèlman kontwole enstitisyon sa yo tankou palman, tribinal yo, yo pap pèmèt okennn klas sosyal demonte yon sistèm yo mete plizyè syèk pou konstwi, menm si se toujou ak konkou mas travayè lavil tankou nan mòn, yo rive fè konstriksyon sa a. Demokrasi reprezantatif la, se yon pyèj kote kandida se yon moun, lè li pase nan eleksyon, lepisouvan, se yon lòt moun. Ka Aristid la, se yon bon egzanp nan sans sa a.

Menm lè tou de (2) pozisyon sa yo pote yon jèm verite, menm si eleksyon sou kontwòl boujwazi a chaje ak limit, nou ka rive jwenn yon solisyon ki kòrèk, san nou pa tonbe nan opòtinis, sètadi san nou pa eseye marye san okenn prensip de (2) lide ki kontrè. Eleksyon boujwa pote jèm lanmò li tou sitou se apre anpil batay pèp yo kesyon eleksyon an rive nan nivo li ye jodi a. Li ka ede mas yo jwenn yon soulajman pandan yap kontinye òganize yo pou ranvèse rapò fòs yo nan avantay yo. Nap viv anpil ka konsa nan Amerik latin la jounen jodi a kote lagoch ak konkou yon bon valè pèp la ap twoke kòn ak sipòtè neyoliberalis la. Ka Venezwela mande pou nou swiv la.

Nou konnen pou mas yo rive egzèse demokrasi popilè a nan nivo tout aparèy yo, eleksyon an pap sifi . Se sèl ak konkou soulèvman tout klas sosyal ak tout kouch sosyal ki gen enterè nan transfòmasyon sosyal la ki ka rive fè boujwazi a sede san li pap janm sispann batay pou li reprann pouvwa li. Yon kondisyon pou sa reyisi, se nesesite egzistans yon kan revolisyonè - yon lide ki diferan ak yon pati avangad- kote plizyè pati lagòch ak òganizasyon mas yo dakò sou yon plan batay ak yon pwogram ki chita sou linite antre yo ak sou linite antre yo ak majorite pèp la. Kan popilè a, pou li byen solid, li dwe chita sou yon liy kòrèk sètadi yon liy ki ranmase tout revandikasyon mas yo.

Kote mouvman popilè a ye ann Ayiti ?

Nan ka peyi Dayiti, mouvman popilè a ba anpil. Li merite anpil pridans ak bon jan analiz nan pwochèn eleksyon yo. Kan popilè a degrennen e li pa reprezante yon vre fòs sosyal pou al twoke kòn li ak klas dominant lokal yo nan konfyolo yo ak pwisans neyoliberal mondyal la. Eske eleksyon sa yap prepare la yo ap ede ou byen pral filange plis toujou sa ki rete nan mitan pèp la ? Eske òganizasyon yo tire leson esperyans yo fè plizyè fwa ak manm yo nan dènye eleksyon yo kote eli pa yo tounen pi gwo lènmi yo ? Eske yon òganizasyon kap travay pou konstwi ou byen rekonstwi baz li gen enterè al pote tèt yo bay makou san okenn prensip pou tout tan yap rekòmanse ? Youn nan pi gwo revandikasyon mas popilè yo jodi a, se jwenn dwa pou revoke moun yo eli yo ki pa respekte pawòl yo dapre prensip moun ki gen dwa bay yon moun yon djòb, yo dwe gen dwa revoke li.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Patisipasyon sitwayen ak eleksyon

- Kesyon eleksyon ann Ayiti : deba ak pèspektiv

- Eleksyon ak patisipasyon popilè nan listwa Ayiti


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL