Ane 2005 - Nimewo 1 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Patisipasyon sitwayen ak eleksyon

Depi aprè rejim lavalas la fin tonbe sou pouvwa a nan finisman mwa fevriye 2004 la, gouvènman ki monte pou yon ti bout tan an pa sispann kleronnen sèl djòb li se reyalize eleksyon lib, onèt ak demokratik. Pandanstan, anpil aktè nan sosyete sivil la ap brandi labanyè 'patisipasyon sitwayen' yo kòm pi bon mwayen pou garanti yon bon jan demokrasi nan peyi a. Jounen jodi a, nan pil ak pakèt deba ki genyen sou koze eleksyon ki pou fèt nan finisman lane 2005 la nan peyi a, nou kwè li enpòtan pou relanse refleksyon sou kesyon 'Patisipasyon Sitwayen yo' nan lide pou pèmèt plis moun wè pi klè epi pran pozisyon daprè enterè yo genyen nan jwèt k ap jwe yo.

Nan refleksyon n ap pataje la a, nou gen pou gade 2 gwo koze, yon bò koze patisipasyon an, yon lòt bò koze sitwayen an. Nan yon dezyèm moman n ap gade kesyon patisipasyon sitwayen yo ak eleksyon kòm espas pou egzèse sitwayènte a.

Kisa nou rele patisipasyon an ?

Patisipasyon se yon mo yo itilize anpil nan divès sikonstans. Nan tout ka yo itililize l li toujou ap chèche enplikasyon yon moun oubyen yon gwoup moun nan yon aktivite byen klè. Pou nou menm, nan kad refleksyon n ap fè la, nou ap gade koze patisipasyon an nan tout dimansyon li. Kifè alapapòt nou blije, non sèlman gade kisa patisipasyon an ye, nan ki kondisyon nou ka pale sou yon patisipasyon reyèl an menm tan kilè anpil aktè ap itilize mo patisipasyon an pou sèvi ak moun. Kòm se kontèks sosyo politik ayisyen ki enterese n, n ap fè kèk referans ak kèk zouti ayisyen pou chita refleksyon an.

Patisipasyon « se yon òganizasyon volontè ant 2 oubyen plis moun nan yon aktivite ansanm kote depi an lagan li klè se pa yo menm sèlman k ap tire benefis aksyon yo ap mennen an. Nan pwosesis patisipasyon an gen alafwa pataj pouvwa ak konesans ». Nan yon pwosesis patisipasyon, tout aktè yo pa toujou gen menm wòl, ni menm nivo angajman. Kesyon patisipasyon pa yon bagay ki senp, ou gen dwa kwè w ap patisipe poutan se yon pwojè ki kont enterè w ou gen dwa ap kore. Pa egzanp nan modèl demokrasi boujwa a kote gen eleksyon chak peryòd, se pandan ou ap jete bilten an yo konsidere ou ap patisipe. Eske ou te enplike nan defini pwojè ou ap vote pou li ? eske ou te enplike nan chwazi moun ki pou reprezante w la ? Mòd patisipasyon sa a se yon fòm manipilasyon ki fè sitwayen konprann se yo menm ki chwazi reprezantan yo. Kidonk yon aktè sosyal oubyen politik ki vle rantre nan dinamik patisipasyon, li gen yon seri kesyon pou li poze anvan li rantre nan jwèt la : patisipasyon poukisa ? ki wòl m ap jwe nan pwosesis patisipasyon an ? avèk kiyès m ap mete ansanm pou m ptisipe ? ki kalite leta ki kapab garanti patisipasyon reyèl sitwayen yo daprè revandikasyon y ap charye ?

Konstitisyon 87 la, li menm tou wè koze patisipasyon sitwayen yo nan pouvwa piblik la. Se sa anpil moun rele kanal patisipasyon sitwayen yo. Se nan chapit ki gen arevwa ak kolektivite teritoryal yo, patikilyèman nan espas asanble teritoryal yo, anpil moun kwè sitwayen yo kapab patisipe. Men la ankò li enpòtan pou gade ki kalite patisipasyon konstitisyon an ap pale. Se li menm ki deside kouman pou patisipasyon sa a fèt. Li pa kite espas pou sitwayen yo mete patisipasyon sa a an kesyon. Jou sitwayen ta kanpe pou denonse mòd patisipasyon sa a, se menm konstitisyon sa a ki pral konsidere kòm gwoup moun k ap kraze leta, ki pa respekte lalwa.

Kidonk kesyon patisipasyon an pa dwe yon eleman ki vag, ki pa rantre nan okenn pwojè politik ki klè. Si nou pran egzanp eksperyans patisipasyon (Bidjè patisipatif) ki fèt nan Pòto Alegre, yon vil nan peyi Brezil, li montre nou aklè patisipasyon sitwayen yo ap total kapital lè gen yon pwojè politik ki klè ki akonpaye l. Sa vle sitwayen yo gen pwòp zouti yo ki kapab ranmase revandikasyon sa yo nan egzèsis pouvwa leta a. Nan sans sa a, menm lè eksperynas Bidjè Patisipatif la ap fèt nan kad yon leta boujwa, nou konnen wòl Pati Travayè Brezil (PTB) la nan eksperyans sa a.

Ki sa yo rele sitwayen an ?

« Yon sitwayen an se pa sèlman yon moun ki ap viv avèk feblès li, anbisyon pèsonèl li, dinamis. Men se yon moun ki wè klè, ki ap negosye epi eseye fè pase pwojè l ak tout kominote l ap viv la. Se yon moun ki libere l de tout prejije ki makonnen ak kondisyon sosyo ekonomik li, ki kapab pran pozisyon sou tout sa gen arevwa ak enterè kolektivite a, san li pa mete devan enterè pèsonèl li. »

Daprè konstitisyon 87 la : « yon sitwayen se tout ayisyen ki gen 18 lane ak plis ki kapab jwi dwa sivil ak politik li ». Nan menm konstitisyon an li fikse responsablite sitwayen an ki se : respekte konstitisyon an ak anblèm peyi a, vote nan eleksyon, peye taks, sèvi kòm jire, defann peyi a si gen lagè, fòme tèt li ak pèfeksyone, respekte ak pwoteje anviwònman an, respekte lajan ak byen leta, respekte byen lòt moun, travay pou lapè, pote konkou bay moun ki an danje, respekte dwa ak libète lòt sitwayen. Konstitisyon sa a fikse tout yon seri dwa sitwayen yo genyen , patikilyèman dwa fondal natal yo ki dwa pou viv, pou rete an sante…

Si gen yon seri kritè pifò moun dakò pou defini yon sitwayen tankou : dwa ak devwa li genyen, nasyonalite li…Anpil moun kwè se leta a ki pou fikse na ki kad pou sitwayen egzèse sitwayènte la, sa vle dwa ak devwa ki makonnen ak estati li kòm sitwayen. Nan sans sa a nou kwè, si nou pati sou prensip leta boujwa a pa reprezante enterè tout sitwayen yo, nou kwè sitwayen ki anba dominasyon leta boujwa dwe jwenn bon jan mwayen pou mete leta sa a an kesyon. Se nan non egzèsis sitwayènte sa a menm sitwayen sa yo gen responsablite pou transfòme leta a. Pa egzanp nan peyi Etazini, yon sitwayen bezwen 4 milyon dola pou li kapab eli. Ki sitwayen òdinè ki kapab jwenn lajan sa a pou kore kandida oubyen pati ki ap defann enterè yo. Sinon se gwo antrepriz miltinasyonal yo ki pral finanse kandida sa yo pou defann enterè pa yo. Kidonk gen sitwayen ak sitwayen. Kifè li enpòtan pou poze kesyon sa a, èske jwisans yon sitwayènte entegral kapab garanti nan yon demokrasi fòmèl ?

Kisa yo rele Patisipasyon Sitwayen an ?

Anpil moun pale sou kesyon Patisipasyon Sitwayen an nan yon pèspektiv 'demokrasi patisipativ'., sa vle di sitwayen gen posiblite pou bay dizon yo sou yon seri desizyon leta yo ap pran nan non yo. Fòk nou siyale kesyon Patisipasyon Sitwayen an kòmanse pale anpil nan finisman lane 80 yo akoz divès kriz demokrasi fòmèl la ap fè fas. Eleksyon an ki te konsidere kòm prensipal espas kote sitwayen vin bay dizon yo ak yon bilten vòt ap vin gen chak jou pi plis mwens patisipasyon. Nan menm kontèks sa a, akoz politik neyo liberal k ap aplike nan yon bann peyi sou latè, pifò gany sosyal sitwayen te genyen ap pèdi ti kras pa ti kras. Kidonk, sitwayen nan peyi sa yo ap mete chak jou pi plis leta sa yo an kesyon. Kifè, gen yon seri mouvman sosyal ki pral kanpe pou egzije leta respè tout yon seri dwa yo genyen. Kesyon sitwayènte vin tounen yon kokenn chenn revandikasyon ak yon espas batay pou divès kategori sitwayen.

Jan nou te siyale anvan an, danje ki gen nan koze patisipasyon sitwayen an, li melanje tout kalite sitwayen yo nan menm sak. Si nou dakò tout sitwayen yo, nan sistèm kapitalis la pa kapab egzèse sitwyète yo menm jan, li enpòtan pou gade ki kalite sitwayen ki enplike nan yon dinamik patipasyon an. Konsa n ap kapab konstate ki pwojè ki dèyè chak dinamik patisipasyon. Pa egzanp, nan peyi Venezyela gen yon gwoup sitwayen ki pote kole ansanm pou pran larelèv nan divès lekòl ki te rantre nan grèv pou kapote rejim Chavez la. Eksperyans patisipasyon sa a vin kore aklè yon pwojè politik sosyal ak ekonomik, an menm tan rejim nan dakò ranmase revandikasyon sitwayen sa yo, malgre gen lòt kategori sitwayen (boujwazi a) ki voye pye.

Egzanp sa a fè nou reflechi sou posiblite mas yo genyen pou ranmase kesyon patisipasyon sitwayen an nan pèspektiv pa yo. Sa vle di bay patipasyon an nannan ak oryantasyon pa yo. Sitwayen sistèm kapitalis la mete sou kote yo deside ki kalite leta yo bezwen epi bay tèt yo zouti pou rive nan leta sa a. Demach sa a, nou kapab konsidere li kòm yon responsablite kòm sitwayen pou transfòme leta nan enterè majorite moun ki konpoze l yo. Patisipasyon sa a pa lòt bagay ke patisipasyon mas popilè yo pou transfòme kondisyon lavi yo.

Patisipasyon Sitwayen ak eleksyon. Eleksyon an se yon espas tankou anpil lòt, sitwayen yo genyen pou patisipe. Men nou dwe fè anpil atansyon ak koze sa a. Si patisipe vle di enplikasyon aktè yo nan tout faz nan pwosesis la, nou kapab di vote nan eleksyon pa vle di sitwayen yo patisipe, nan anpil ka yo sèlman vin pote kole, lejitime yon pwojè ki pa genyen anyen pou wè ak enterè. Patisipasyon sitwayen nan ka sa a pa lòt bagay se manipilasyon.

Sitwayen yo menm dwe poze kesyon sou koze eleksyon an li menm. Eleksyon pou kisa ?. Eleksyon pou kanpe ki leta ?. Ki fòs politik ak sosyal ki enplike nan pwosesis eleksyon an ? ki kalite pwojè gwoup sa yo charye ? ki kondisyon sosyo ekonomik sitwayen yo ap viv ki kapab garanti yon enplikasyon an granmoun nan pwosesis elektoral. ? leta k ap òganize eleksyon an eske li granmoun tèt li ?

Si nou reponn ti kesyon sa yo, n ap konprann byen vit Patisipasyon Sitwayen an pa senp egzèsis nan poze yon aksyon aprè ou rantre lakay ou. Se konsa demokrasi pèpè wè li lè li mande sitwayen yo vote pou reprezantan yo anprè al chita tann. Eleksyon an dwe yon moman kote sitwayen yo, daprè enterè sosyo ekonomik, ap poze kesyon sou Patisipasyon Sitwayen an. Ki sans vòt sitwayen an genyen si li pa kapab ede l vin yon sitwayen entegral ki pa sèlman gen dwa men ki kapab jwi kòmsadwa tout dwa li yo. Kidonk patisipasyon mas yo nan yon pwosesis elektoral dwe klè sou : ki gany patisipasyon yo ap pote nan pèspektiv pou transfòme leta peze souse a. Lè sa a se yon patisipasyon an konsyan, li gen mak fabrik klas eksplwate ki ap batay pou transfòme kondisyon lavi yo. Kidonk patisipasyon mas yo kapab toujou rekipere pa lòt sektè reyaksyonè si yo pa gen pwòp zouti politik pa yo. Kifè patisipasyon mas mande yon vijilans an pèmanans sou kelkeswa rejim politik la pou defann enterè yo nan kad egzèsis yon lòt kalite 'Patisipasyon sitwayen'

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Demokrasi, diktati ak eleksyon

- Kesyon eleksyon ann Ayiti : deba ak pèspektiv

- Eleksyon ak patisipasyon popilè nan listwa Ayiti


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL