Ane 2005 - Nimewo 1 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Kesyon eleksyon ann Ayiti : deba ak pèspektiv

Kontak popilè deside lanse deba sou eleksyon nan mitan òganizasyon popilè yo, yon mannyè pou klas popilè yo anjeneral patisipe tankou granmoun nan koze eleksyon kap klèwonnen nan mitan anpil lòt sektè nan sosyete a. Òganizasyon ki reprezante enterè moun pòv, moun eksplwate ak moun yo mete akote nan distribisyon richès peyi a ak nan pouvwa politik la dwe konnen li genyen yon responsabilite istorik nan louvri je moun sa yo. Lè n konsidere anpil enterè politik, sosyal, ekonomik, kiltirèl ak ideyolojik koze eleksyon an charye, nou panse, li enpòtan pou klas popilè yo pataje konpreyansyon ak pozisyon yo. Konpreyansyon sila dwe pèmèt nou analize mòd alevini k ap fèt ant diferan enterè kap twoke kòn nan eleksyon yo epi gwoup ak klas ki kanpe dèyè enterè sa yo. Anplis, yo dwe gade pèspektiv diferan enterè sa yo pa rapò ak pwojè sosyete ki kache dèyè yo.

Eleksyon pa yon senp evènman politik kote sitwayen al vote, kote kandida ap goumen ak kandida, men li se yon zak ki konfime dwa grandèt yon peyi ak moun kap viv ladan epi tou li se mwayen pou yon gwoup oubyen yon klas sosyal pran pouvwa. Eleksyon pa sèl mwayen ki ekziste pou pran pouvwa nan sosyete yo. Genyen revolisyonè ki pran pouvwa ak zam deja nan non klas popilè yo nan plizyè peyi tankou Kiba ak Nikaragwa. Genyen tou tòsyonè ak kriminèl ki pran pouvwa ak zam nan men nan non boujwazi a oubyen ti klan yo repranzante a tankou sa fèt plizyè fwa ann Ayiti ak lame dayiti nan koudeta yo. Genyen revolisyonè ak pwogresis ki patisipe nan eleksyon pou pran pouvwa tou. Chwa pou pran pouvwa nan eleksyon oubyen nan lit ak zam depann esansyèlman ak nivo òganizasyonè1, oryantasyon ideyolojik ak politik, rapò ak lit klas yo epi ak kontèks jeyopolitik yo. Diferan faktè sa yo dwe antre nan refleksyon kap fèt sou kouman pran pouvwa.

Eleksyon kòm zak politik se yonn nan mannyè pou yon sistèm politik òganize patisipasyon sitwayen yo. Na n yon demokrasi ki chita sou defans klas popilè yo, patisipasyon an pa ta dwe limite nan eleksyon selman, li ta dwe okontrè layite kò l nan zafè sosyal ak ekonomik peyi a nan enterè yo. Pa genyen demokrasi san sitwayen. Sitwayen an se motè tout sistèm demokratik. Lè sitwayen yo patisipe nan demokrasi a, sistèm politik la vin lejitim, savledi, sitwayen yo dakò ak li. Men fòk nou fè anpil atansyon. Sitwayen yo konn kwè y ap kore demokrasi enpi se diktati y ap kore. Yo kore diktati nan demokrasi se lè demokrasi a pap defann enterè majorite sitwayen nan pwofi yon minorite ki repranzante klas dominant yo oubyen boujwazi a. Lè sistèm politik la ap defann enterè yon klas oubyen yon gwoup sosyal sèlman, se diktati li ye. Savledi, toujou genyen posibilite diktati nan yon demokrasi. Se sa k fè, nan tout demokrasi, sitwayen yo pa dwe lage kò yo sou kont leta. Sitwayen dwe rete djanm, sitwayen dwe otonòm ak konbatif vizavi leta kelkilanswa siyati leta sa.

Jodi a sektè popilè a dwe konprann nan kad eleksyon k ap pale nan peyi a li an fas yon estrateji pou pran oubyen ranfòse pouvwa. Estrateji sila sou kontwòl kominote entènayonal la ak boujwazi a atravè gwoup 184 ak gouvènman tranzisyon an. Se boujwazi a ak klas dominant yo kap ranfòse dominasyon yo sou rès sosyete a. Estrateji eleksyon an nan kontèks sa pap anfavè klas popilè yo ki pa kontwole okenn espas ni nan pouvwa a ni nan aparèy elektoral la. Yon patisipasyon popilè kelkonk nan eleksyon sa yo siyifi yon kolaborasyon san gade dèyè nan pwojè enperyalis ak klas dominant yo genyen pou Ayiti. Pati politik ki pral patisipe nan eleksyon yo pa makònnen ak revandikasyon klas popilè yo. Pati sa yo pa danse kole ak pwojè pou goumen pou defans souverènte peyi a, pwojè pou yon jistis sosyal, elatriye. Pati sa yo pa mache ak revandikasyon ti peyizan, ti machann, ti ouvriye, elatriye. Pèp la dwe genyen pwòp pati politik pa li pou defann enterè l san mare sosis ak klas dominant yo. Klas popilè yo dwe panse ak mòd òganizasyonèl ki pou kore altènatif demokratik popilè a. Devan feblès òganizasyonèl sa mouvman popilè a poko kapab patisipe nan eleksyon. Tout patisipasyon mouvman popilè a nan yon eleksyon dwe antre nan yon estrateji global konstriksyon demokratik nan kad yon transfòmasyon sosyal.

Nou panse tou, yon òganizasyon nan sektè popilè a ki estime li fò nan yon lokalite kapab al chache gany politik nan eleksyon sa yo pou favorize konstriksyon altènativ demokratik popilè a. Gany politik sa vledi, angaje yon batay anfavè demokrasi nan fè respekte konstitisyon 87 la ki garanti nan lespri li, libète endividyèl ak piblik epi dwa ekonomik, sosyal ak kiltirèl popilasyon an. Gany politik la vize pote revandikasyon klas popilè yo nan espas leta kote se sèlman enterè boujwazi a kap mennen. Batay legal ak leta boujwa a dwe jete baz pou koumanse konstri yon sitwayènte nan tout lajè kote lidè politik, pouvwa politik pap kapab sèvi ak lajan pou detounen lit pou liberasyon an. Batay legal ak leta boujwa a dwe defann dwa pou klas popilè yo viv alèz nan jwenn swen sante, travay, lekòl, kay, elatriye. Batay legal ak leta boujwa a dwe espas pou klas popilè yo revandike dwa grandèt peyi a, men sitou dwa pou yo viv nan yon sosyete ki gen jistis sosyal. Batay legal ak leta boujwa a pa kote pou ti magouyè al chache relasyon, defann ti enterè pèsonèl, men se moman pou defann enterè klas popilè yo. Modòd pou eleksyon kap vini yo chita nan rasanble tout fòs popilè konsekan pou pwopoze nasyon an yon altènatif demokratik popilè pou transfòmasyon sosyal la.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Demokrasi, diktati ak eleksyon

- Patisipasyon sitwayen ak eleksyon

- Eleksyon ak patisipasyon popilè nan listwa Ayiti


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL