Ane 2005 - Nimewo 2 Ptvwa mouvman popil a


 

Yon lt Kontra Sosyal oswa yon lt Leta nan yon lt kalte sosyete ?

Tankou nou konnen li, depi yon bon bout tan, Gwoup 184 la di li vle tabli nan sosyete a yon lt kalte Kontra Sosyal. Depi pwoj sa a pran lari, gen divs reyaksyon ki soti swa pou kore li oswa pou kritike l. Pif reyaksyon ki ale nan sans pou Kore Pwoj sa a soti sitou nan nivo klas politik la, laprs ak yon seri ganizasyon ki pwch gwoup 184 la. Nan refleksyon nou pral f la a, n ap prezante pwoj kontra sosyal la ak kk kritik ki ft sou li epi n ap poze tou kk kesyon ki ka pote nou reflechi.

Yon kout je sou pwoj Kontra Sosyal Gwoup 184 la

Gwoup 184 la defini Kontra Sosyal la tankou yon bagay ki chita sou senp volonte, kote moun ki siyen l yo mete yo dak pou yo f yon wout ansanm, pou rive menm kote. Nan sans sa a yo kw, kontra sosyal la dwe pmt yo tabli yon nouvo Leta ki osvis nasyon an ak tout Ayisyen. Gwoup la gade sitiyasyon peyi a ap viv jounen jodi a tankou rezilta yon seri antrav istorik ki se pwoblm inite pp ayisyen an, pwoblm blokaj devlopman peyi a, ak pwoblm peyi a k ap depafini nan nivo politik, sosyal ak ekonomik. Dapre dokiman an, pwoj Gwoup 184 la vize : bati yon sosyete tounf ; konbat prejije ; goumen kont lamiz ; konbat iyorans ; sove anviwnman peyi a ; ranfse dwa travay yo ; f vi politik la tounen yon bagay nmal ; defini lt val ; devlope peyi a.

Pou Gwoup 184 la, depi lendepandans, nou pa janm rive gen yon Leta ki mete l tout bon nan svis popilasyon an epi ki rive tabli yon veritab pwoj devlopman sosyete a. Gwoup 184 la kw, Leta tounf ki defini nan konstitisyon an pa janm rive tabli tout bon vre. Nan sans sa a, li kw kontra sosyal la dwe mete anplas mekanis pou sa ki di nan konstitisyon 1987 la aplike tout bon vre. Peyi a gen ladan twp prejije, diskriminasyon ak eksklizyon. Nan sans sa a, yo di yo pran angajman pou konbat prejije sou tout fm. Gwoup la di tou gen twp ayisyen ki pv, k ap viv nan miz ak nan grangou, ki paka ale lekl. Ravin nan tw gwo ant moun ki rich ak moun ki pv yo epi ant vil yo ak kanpay yo. Gwoup la kw nouvo kontra sosyal la dwe defini mwayen pou Leta konbat kesyon sa yo. Dapre gwoup la, gen twp timoun ki gen laj pou sa, ki paka ale lekl, gen twp moun ki pa konn li ak ekri nan peyi a. Gwoup la kw tou gen twp diferans nan kalte edikasyon k ap bay anndan yon menm peyi. Peyi a pa pwodui tou ase konesans. Sou baz sa a, li di kontra sosyal la dwe defini kondisyon pou tout pitit peyi a jwenn yon edikasyon ki gen kalite. Nan nivo anviwnman, sitiyasyon an grav nt. Tt mn yo ak pln yo ap fin dekale. Nouvo kontra sosyal la dwe pmt defini estrateji pou pwoteje anviwnman an.

Nan pwoj kontra sosyal la, Gwoup 184 la rekont tou, relasyon travay yo chita sou gwo-ponyt, kit se nan antrepriz yo, nan administrasyon piblik la ak nan jaden yo. Nan sans sa a, gwoup la kw nouvo kontra sosyal la dwe garanti dwa pou travay f sendika, dwa pou yo gen sekirite sosyal ak pibon sal. Gwoup la di tou, li vle nmalize lavi politik la pou evite psekisyon politik, koudeta ak dechoukay. Gwoup 184 la di gen yon seri val k ap dispart nan sosyete a. Kontra sosyal la dwe bay mwayen pou chavire tandans sa yo yon manny pou ka gen fratnite, resp pou patrimwn piblik ak resp pou pwopriyete prive.

Kk kritik sou pwoj kontra sosyal Gwoup 184 la

Youn nan ganizasyon ki kritike pwoj kontra sosyal Gwoup 184 la se : Mouvman Demokratik Popil (MODEP). Oganizasyon sa a ekri deja plizy dokiman sou pwoj kontra sosyal la. Nan yon dokiman ki pote non  Kout je kritik sou pwoj kontra sosyal Gwoup 184 la , MODEP deklare boujwazi a vle f kw l ap defann enter tout moun alske an reyalite, se enter pal l ap defann. Dapre MODEP, pwoj sa a se yon pwoj ki vize ranfse dominasyon yo sou sosyete a ak eksplwatasyon y ap f sou travay yo. Nou ka konstate gwoup la gen anpil sansiblite pou pwopriyete prive. Dapre MODEP, gwoup la mande pou nou respekte mwayen ki pou pmt yo domine ak eksplwate klas defavorize yo nan sosyete a. MODEP kw tou, boujwazi a kapab toujou anvizaje f kk pase men sou pwl nan sistm nan pou l pa eklate nan figi yo. Men, sa pa vle di yo vle tout bon vre yon lt kalte Leta kote yon ponyen moun ta sispann toufounen yon majorite. MODEP poze tt li kesyon pou li di  l boujwazi sa a ki pa janm koupe fache ak politik vann peyi a, ak eksplwatasyon sou do mas travay yo, ak pratik kontrebann k ap kraze ti pwodiksyon peyizan yo, ap pale de yon nouvo kontra sosyal, li enptan pou nou konnen sa sa vle di. Ki sa sa vle di tabli yon lt kalite rap sosyal nan mitan sitwayen ak sitwayn peyi Dayiti ? Pou gwoup 184 la, se antrav istorik li site yo ki lakz sitiyasyon peyi a ap viv jounen jodi a. Sa gwoup la rele antrav istorik yo pase pou kz pwoblm peyi a. Gwoup la pa gade ki akt ki lakz sitiyasyon sa a. Se kmkwa boujwazi a pa gen okenn responsablite nan sitiyasyon an. Se kmkwa, yon fwa antrav yo dispart, tout pwoblm rezoud. Nan lide gwoup 184 la, listwa sanble yon bagay ki ft pou kont li, san psonn pa responsab anyen.

Nou ka konstate pwoblm jistis sosyal la pa poze an pwofond nan dokiman Gwoup 184 la. Poukisa pif moun pa konn li ak ekri, poukisa yon makn timoun paka al lekl ? Nan enter ki moun patipri, prejije ak eksklizyon yo egziste, ki moun k ap ba yo jart ? Gwoup la pa reponn kesyon sa yo dapre MODEP. Gwoup la site mo peyizan an nan tks li a men li pa di anyen sou kesyon t a ki se kd lonbrit peyizan yo. Menm si Gwoup la rekont relasyon travay ki gen nan antrepriz yo abitr, li pa di akl sa ki dwe ft pou relasyon gwo-ponyt sa yo kaba. Nan sans sa a, MODEP kw si nou vle bati yon lt kalte Leta kote gen jistis sosyal, fk nou koupe fache ak tout pratik politik otorit ak patipri ki genyen nan tout relasyon sosyal ayisyn yo.

Anfas pwoj Gwoup 184 la, MODEP pwopoze sa l rele  yon viv ansanm revolisyon . Pwoj sa a dwe chita sou revadikasyon fondalnatal mas popil yo, li dwe vize transfme sosyete a nan enter mas defavorize yo. Kidonk, se yon pwoj ki dwe vize yon lt kalte Leta nan yon lt kalte sosyete kote pa gen pi gwo k ap souse pi piti. Pwoj sa a dwe konstri ak bonjan ganizasyon ki nan kan pp la ki dwe bay tt yo zouti politik pou pote pwoj a. Annatandan nou rive nan lt kalte sosyete sa a, MODEP kw militan ak ganizasyon konsekan yo dwe fse Leta a pran mezi sa yo :

1. Jistis agr ak jistis fiskal. MODEP kw okenn kontra sosyal pa kapab tabli san nou pa rezoud kesyon t a. Kidonk, se peyizan yo k ap travay t, se yo ki dwe gen kontwl t a. Leta dwe fse moun ki gen mwayen yo peye plis taks ki pou pmt sosyete a fonksyone.

2. Svis sosyal ak pwoteksyon anviwonman. Anviwnman an ap depafini, vil yo tounen bidonvil paske enjistis ki genyen nan milye riral yo, blije peyizan kite lakay yo. Peyizan yo ap viv san lekl, san dispans, san lojman, san lwazi, san transp. Leta dwe bay klas popil yo svis epi pwoteje anviwnman an. 3. Demokrasi kiltirl ak patisipasyon politik. Tout moun ft pou jwenn kondisyon pou devlope k yo ak lespri yo selon kilti popil a. Kondisyon sa yo, svis yo ap pmt sitwayen yo patisipe nan lavi politik peyi a. 4. Liberasyon fanm ak travay. Depi lontan fanm yo ap sibi anba gason yo ki chita sou grenn sipery yo. Pouvwa dominasyon sa a svi pezesouse yo, ki eksplwate fanm yo nan faktori yo pou f plis tiyon toujou. Konsa li pa posib pou nou pale sou kondidyon travay nan faktori yo san nou pa gade kondisyon travay fanm yo. 5. Inivsite a dwe granmoun tt li. Yon lt Leta ta vle tou di koupe fache avk depandans lan. Se pou Inivsite a kapab fme sitwayen ki mt tt yo. Konsa yo va mete kanpe politik ki pou rebati nasyon an sou fondasyon libte ak kilti popil.

Pou nou fini

Si nou gade san reflechi objektif Gwoup184 la fikse yo, ak pwopozisyon li f yo, nou kapab kouri bat bravo. Menm si li pa fouye pwoblm yo an pwofond, sten pwopozisyon part enteresan. Men anreyalite, si n al gade pratik boujwazi a ap devlope nan antrepriz yo, jan y ap trete travay yo tankou esklav, nou ka konstate, yo poko divse ak move pratik yo abitye devlope. Eske se pa depi nan lavy ft pou nou w si ft ap bl ?

B kote pa li, MODEP pa devlope sa li rele  viv ansanm revolisyon a  nou espere gen pwopozisyon k ap vini nan sans sa a. Pwopozisyon ki ft pou f fas ak reyalite jodi a se yon seri bagay ki dapre nou ta kapab ft nan kad yon Leta boujwa. Men, karakt raket boujwazi nou gen la a ak eta sosyete a jounen jodi a kapab f yo sanble ak yon seri pwopozisyon ki radikal. Nan sans sa a, pa gen okenn kado k ap ft menm pou nou jwenn minimm sa yo. Se nan batay slman nou ka rache yo. Men, pa bliye batay sa a dwe rantre nan kad yon batay pou yon chajman total kapital.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Leta ak fonksyonman li nan peyi a

- Yon pwoj transfmasyon Leta ayisyen

- Kisa Leta ye ?

- Nou ka rebati kay la !


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HATI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits rservs | ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et ralis par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribu sous license GPL