Ane 2005 - Nimewo 2 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Leta ak fonksyonman li nan peyi a

Ayiti te nan pasaj depi lè Tousen Louvèti ak ekip li a te parèt ak premye konstitisyon an nan ane 1801. Peyi a te rele Sendomeng e li te toujou yon koloni Lafrans. Leta ayisyen reyèlman kreye premye janvye 1804. Mèvèy sa a rive fèt apre dènye viktwa mas esklav yo ak Jan Jak Desalin antèt rive pote sou lame franse a. Lame franse a, se te pi gwo lame sou latè nan moman sa a. Malgre se mas esklav yo ki te jwe pi gwo wòl la kòm fòs soysal ki te gen plis enterè nan yon lòt kalite Leta, se yo menm ki te premye viktim.

Kote mòd Leta sa a ki kont mas popilè yo soti ?

Leta ayisyen rive kreye gras ak kouray mas esklav yo malgre dezyèm komisyon sivil la ak Santhonax dabò nan Nò epi Polverel kèk mwa apre nan Lwès ak nan Sid te deklare esklavaj kaba depi nan ane1793. Men depi nan epòk sa a, te deja kòmanse genyen divès fraksyon klas ki tap boujounnen ant ansyen lib ak nouvo lib. Genyen yon pati ansyen lib ki te menm rive rich ak anpil tè. Yo te mete anpil nouvo kiltivatè travay pou yo. Nou pa dwe sezi lè nou aprann genyen ansyen esklav tankou Tousen Louvèti ki te posede konben milyon nan lajan franse ak dola ameriken. Anpil lòt tankou Desalin te deja rive gran pwopriyetè ki menm te posede travayè sou bitasyon yo. Bagay sa yo, nan moman lakoloni.

Nan mitan sa ki te esklav yo ak sa ki te deja pwopriyetè esklav, nan mitan ansyen lib yo ak sa ki te fenk rive lib yo, gwo batay ki tap mennen kont kolon franse yo te pran 2 sans. Pou sa ki te deja rich yo, yo te plis bezwen libète pa yo epi yo te bezwen pou kolon blan yo te rekonèt valè yo kòm egal-ego. Pou dezyèm kategori moun sa yo, yo te bezwen libète yo. E pou libète sa pat malatchong, yo te bezwen bon tè ak bon tit pou yo travay. Se nan kannal sa a, gwo jeneral yo ak Desalin kòm pi gwo chèf, apre yo wè yo pap janm jwenn sa yo bezwen nan tèt kole ak franse yo, te rantre nan lit tout bon jous yo rive pwoklame endepandans nou jou ki te premye janvye 1804.

Depi lè sa a, batay la chanje mak fabrik. Li tounen yon lit ant klas. Gwo chèf yo ak kòkòday yo gen pifò bon tè yo anba men yo fas ak pi fò popilasyon an ki tounen peyizan san tè. Klas kap domine yo vin ogmante ak moun ki soti nan lòt peyi sitou kòm gwo komèsan. Kidonk, Leta ayisyen derape sou baz enjistis. Anpil gouvènman monte, yo desann, men yo toujou kenbe menm sistèm nan kote bourik travay pou chwal galonnen.

Leta ak gouvènman

Leta se poto mitan yon peyi. Mòd Leta yon peyi esplike kareman nan ki kalite sosyete nap viv. Li ka yon sosyete kote yon ti ponyen moun ap domine majorite a oubyen tou kote se majorite pèp la ki fòme klas kap domine a. Klas kap domine yo, nan tou de (2) ka sa yo toujou bab pou bab ak klas yap domine yo. Yon gouvènman, se tout moun anndan yon peyi kap dirije Leta a pou kenbe klas sosyal yo jan yo ye a. Lè pèp ayisyen nan langaj kouran di ''li pè Leta'', sa vle di li pè kalite moun kap dirije nan non Leta krazezo nou an. Lè nap fè yon analiz konjonkti, nou plis analize kòman gouvènman an ap dirije peyi a nan lit ant klas yo, yon lit ki konn pran tout kalite fòm, li ka vyolan tankou li ka parèt san gwo difikilte. Lè nap fè yon analiz estrikti, nou plis chache konprann chapant sosyete a, yon chapant ki pap kraze fasil si pèp la pa mete gwo kout mato. Tou de (2) kalite analiz sa yo enpòtan nan batay nap mennen pou nou rive transfòme sosyete eksplwatasyon sa a.

Gouvènman an la pou jere Leta a. Nou jwenn plizyè klas sosyal ki fòme chapant peyi pa nou an tankou nan milye peyizan : ti peyizan yo ak peyizan mwayen ki bab pou bab ak grandon yo epi ak pwopriyetè kapitalis kap achte fòs kouray peyizan yo. Nou jwenn nan bouk ak nan vil yo, lòt kalite travayè kap vann fòs kouray yo, an fas gwo komèsan, mèt labank, mèt izin. Li egziste tou yon dividal travayè endepandan tout kalite, ak yon latriye pwofesyonèl ki sèvi ren pou sistèm nan pa kase, sa yo pran abitid rele klas mwayèn nan. Se yo ki fè jwenti sa a ant mas pèp la ak lènmi tout tan li yo.

Men chapant sa a pa ka kenbe tèt li pou kont li. Pou li fè sa, li kreye yon seri aparèy tankou gouvènman, lame-lapolis, tribinal, lalwa ak prizon elt. Ti analiz rapid sa a ede nou konprann poukisa ni gouvènman, ni lachanm depite ak senatè, ni tribinal pa janm bay tout klas sosyal yo menm pwoteksyon, ni nan sosyete pa nou, ni nan nenpòt ki lòt sosyete. Chapant Leta sa a fè kategori moun sa yo kap dirije aparèy sa yo toujou panche an favè klas kap domine a. Ann Ayiti, chapant sa toujou kont mas popilè yo kontrèman ak nan peyi Kiba kote tout lwa, tout mezi dirijan peyi sa yo pran, se nan enterè mas yo. Yon gouvènman gen dwa sou pouvwa san li pa rive kontwole Leta. Gouvènman Aleksann - Latòti a, menm Leta boujwa ayisyen an, yo pa rive gen kontwòl li akòz tout grif makout ak lavalas ki sou li. Ankò pi plis toujou, lè mas pèp la ap rive pran pouvwa, lap gen obligasyon pou li fonn nèt tout chapant Leta sa a pou mete kanpe yon lòt kalite Leta ki koresponn ak mak fabrik Leta tou nèf la.

Maksis yo, lè yo analize byen, yo divize aparèy Leta a nan de (2) gwo kategori.

-  Nan yon seri kategori, nou jwenn aparèy ki nan administrasyon yo ki genyen : prezidan, premye minis, minis, kontribisyon elt. ak enstitisyon kraze zo, sa yo rele tou " aparèy represif Leta yo". Aparèy sa yo tankou tribinal, lame, lapolis ak prizon, yo la pou drese tout moun pou yo rete nan limit sistèm nan trase a. Sa ki te pase ti peyizan Tèt Kole yo nan ane 87 montre nou aklè klas kap domine yo pap neglije okenn mwayen pou yo defann enterè klas yo. Yo tout la pou yo kreye lòd ak pou kenbe lòd. Si nan peyi pa nou an, wòl represyon ak kraze zo a parèt devan, nan lòt peyi ki parèt gen plis demokrasi yo, wòl sa yon ti jan anba chal toutotan enterè klas k ap domine a pa menase. Men tou, toutotan gouvènman k ap moute yo pa gen kapasite pou satisfè bezwen ki pi nesesè pou tout moun viv nan la diyite, aparèy kraze zo yo ap toujou jwe premye wòl nan sosyete tankou pa nou yo.

-  Men menm lè aparèy administrasyon ak aparèy kraze zo sa yo ap jwe manman wòl yo ki se kenbe tout moun sou pinga yo, aparèy sa yo patisipe anba anba nan fè mesaj ideyolojik yo pase tou.

-  Nan lòt kategori aparèy yo, nou kontre ak tout enstriman ideyolojik yo ki la pou koule nan sèvo nou lide jan sistèm nan ye a, se konsa pou li dwe rete paske pa gen lòt ki pi bon pase li. Sa yo rele :" aparèy ideyolojik Leta" . Lafanmi, legliz, lekòl, jounal, radyo, televizyon elt. ki nan men klas kap domine yo kenbe premye plas nan sans sa a. An menm tan tou, li pa san pou san ( 100%) ideyolojik, li jwe ti wòl kraze zo tou. Se tout ti pinisyon nou konn resevwa lakay, lekòl, lè pè, pastè, ougan ba nou fè penitans, lè sa nou fè pa merite prizon ak lòt kalite vyolans Leta.

Li enpòtan pou fè remake poukisa nou mete bagay prive tankou legliz, lafanmi, menm lekòl ki nan peyi nou plis pase 80% nan men prive anndan aparèy ideyolojik Leta. Se paske mesaj yap fè pase yo, se mesaj klas kap domine yo ki mare ak kalite Leta nou genyen epi gouvènman restavèk yo.

Leta ak gouvènman ayisyen kont mas popilè yo

Ak ti rale sa a, nou ka konprann sa ki pase nan peyi a depi lenpandans nou kote se yon Leta grandon ki te pran pouvwa ak yon gouvènman menm plim menm plimay ki te pran yon pil mezi pou pèmèt Leta sa kenbe. Se pa yon aza ki fè premye gouvènman yo te plis ap kwape peyizan pito pou yo te kreye anpil lekòl. Desalin te menm pran pozisyon pou konbat vodou, premye relijyon pèp la ki te patisipe nan ede li mete yon lame revolisyonè kanpe, alòske se baz lame sa a menm ak Makandal, Boukman yo ki mennen nou nan chase kolon blan yo.

Poutan mas popilè yo toujou rete premye priyorite nan bouch gouvènman yo. Tout sa yap reyalize, se toujou nan non pèp, menm lè pèp la pa legim nan soup (nan sa kap reyalize yo). Peryòd eleksyon yo toujou rete moman kote klas kap domine yo ak tout politisyen restavèk yo toujou itilize mas yo plis. Moun sa yo fè mas yo tout kalite pwomès menm pwomès ki pa rantre nan konpetans yo tankou kandida pou depite kap pwomèt wout ak bati lekòl san yo pa eklèsi elektè yo wòl ak limit sistèm nan bay branch chak aparèy yo.

Leta ak gouvènman pa menm. Lè nou melanje de (2) nivo sa yo, sa plonje nou nan erè kote nou melanje taktik ak estrateji, oubyen tou, lit konjonktirèl ak lit estriktirèl. Melanj sa a anpeche nou konprann byen mak fabrik lit nap mennen kote jete ou byen chanje gouvènman pa menm ak jete ou byen kraze sistèm peze souse a. Menm lè nan chanje gouvènman, mas yo toujou tire anpil eksperyans, men si li pa pote nivo batay yo pi wo ak pi lwen, l ap ka toujou benefisye ti amelyorasyon, men se ap toujou nan mitan menm zwazo mechan yo.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Yon lòt Kontra Sosyal oswa yon lòt Leta nan yon lòt kalte sosyete ?

- Yon pwojè transfòmasyon Leta ayisyen

- Kisa Leta ye ?

- Nou ka rebati kay la !


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL