Ane 2005 - Nimewo 2 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Yon pwojè transfòmasyon Leta ayisyen

Nou pran yon gwo responsabilite jodi a lè n chwazi lanse refleksyon sou nesesite transfòmasyon estrikti sosyal ki donnen yon Leta ki toujou ap fonksyone nan peyi a sèlman nan enterè yon ti minorite moun ki gen richès, konesans ak pouvwa. Nou di gwo responsabilite paske n pa genyen tout enfòmasyon sou tout rapò sosyal, politik, kiltirèl ak ekonomik ki rasanble pou bay Leta sa fòm li genyen jodi a yon bò, epi yon lòt bò, nou pa konsidere n genyen otorite pou n pale nan non tout lòt aktè ki konsène yo. Nan sans sa, n ap sèlman lanse kèk eleman pou diskisyon nan mitan aktè yo nan kan pèp la.

Nap koumanse refleksyon an ak yon rapèl sou nati Leta ayisyen an menm. Nou kwè anpil sektè nan goch ayisyen an antann yo deja sou ki sa Leta ayisyen ye konkrètman. Anpil entelektyèl sitou pwogresis yo dakò pou reprezante Leta ayisyen tankou yon Leta ki kont pèp la menm. Leta sa ankouraje eksklizyon majorite a tankou ti peyizan yo nan jwisans richès peyi a. Leta sa òganize sosyete a sou baz rapò inegal ak diskriminasyon ant fanm ak gason, ant moun wouj ak moun nwa, ant moun ki pale kreyòl ak moun ki pale franse, ant moun andikape ak moun ki pa andikape, ant gwoup ak klas sosyal yo, ant moun andeyò ak moun lavil, elatriye. Leta sa enstale yon sistèm antidemokratik kote represyon ap fèt chak jou sou klas popilè yo ki ta renmen jistis sosyal tabli nan sosyete a. Leta sa se yon Leta kòwonpi ki pije malere epi li refize respekte dwa sitwayen yo genyen pou ale lekòl, jwenn lasante, jwenn kay pou yo rete, pou yo viv tankou moun.

Se diferan konsta sa yo sou sa Leta ayisyen an ye a ki fè anpil gwoup pwogresis, anpil moun nan popilasyon an menm kèk sektè nan boujwazi a mande transfòmasyon Leta sa. Men atansyon, tout gwoup sosyal yo pap mande menm kalte transfòmasyon. Genyen gwoup tankou 184 la kap mande modènizasyon Leta ayisyen nan fòm akayik epi restavèk sistèm kapitalis la. Modènizasyon pa vle di transfòmasyon. Leta kapab modèn pandan li rete yon Leta ki chita sou dominasyon boujwazi a ak eksklizyon sosyal kote yo toujou konsidere ti peyizan yo tankou moun andeyò. Pwojè kontra sosyal kèk sektè nan boujwazi a ap sipòte depi plis pase yon lane, se yon prèv ki montre genyen moun nan sektè sila ki pa fi n dakò nèt ak oryantasyon Leta jounen jodi a. Se yon prèv ki ka montre tou, sitirasyon peyi a trouve l jodi a ap chipote anpil sektè ak klas sosyal. Men prèv sa pa vledi, klas yo sispann ekziste, li pa vledi, non plis, sektè nan boujwazi a ki fòme 184 la koupe fache ak pratik dechèpiye klas popilè yo. Li vledi pou nou, yon ouvèti pou divès klas yo jwenn yon konpwomi pou diskite pwoblèm tout ayisyen. Li rete kounye a pou chak sektè vini ak lide pa yo. Lè sa n ap genyen plizyè lide, plizyè pwojè sou yon plan transfòmasyon Leta ayisyen.

Genyen anpil mouvman sosyal ak popilè nan listwa peyi Dayiti ki pote deja nan fason pa yo, revandikasyon ki ta kapab pèmèt nou jwenn baz pou n panse transfòmasyon Leta ayisyen jodi a. Malgre lit popilè sa yo pa t genyen menm oryantasyon, menm aktè sosyal, demand transfòmasyon Leta a parèt byen klè sou divès aspè. Nan devlòpman lit sosyal popilè sa yo depi nan batay esklav yo pou lendepandans pase nan Akawo, nan lit kont lokipasyon ameriken ak Chalmay Peral, tonbe nan 46, 86 jous rive menm nan GNB nan lane 2004, kesyon jistis sosyal, egalite ak entegrasyon sosyal, souverènte peyi a, demokrasi ak patisipasyon poze kòm baz ki ranmase alafwa dimansyon konjonktirèl ak estriktirèl pwoblematik Leta ayisyen.

Mak fabrik pou yon nouvo Leta an Ayiti

Vizyon nou degaje sou mak fabrik Leta ayisyen jodi a ak mòd alyansay nou vle konstri ak klas popilè yo fè n genyen yon pozisyon klasis pa prensip sou nati nouvo Leta a. Nou kwè nan yon transfòmasyon total rapò ant klas yo pou konstri yon Leta altènatif. Konstriksyon nouvo Leta sila dwe pase nan kad yon pwojè revolisyonè sosyalis. Leta popilè a dwe yon Leta ki granmoun kap travay pou devlòpman sosyete a. Yon Leta ki fè prensip demokratik yo tounen chwal batay li. Li dwe mennen peyi a selon bezwen moun k ap viv ladan yo. Fason l ap mennen peyi a dwe genyen kòm pèspektiv entegrasyon tout sosyete a. Patisipasyon ti peyizan yo nan divès mouvman sosyal popilè nan 19èm ak 20èm syèk yo te jistifye paske peyizan yo pa t vle rete ankò ak estati moun andeyò a. Entegrasyon tout sosyete a genyen pou obligasyon lajistis sosyal. Yonn nan kòz lamizè k ap depafini ak klas popilè yo se konsekans inegalite ki ekziste nan pwodiksyon ak redistribisyon richès nasyonal la. Jistis sosyal la se mwayen pou nouvo Leta a rekonèt dwa sitwayen tout pitit peyi a. Rekonesans dwa sitwayen moun rich ak moun pòv, fanm ak gason, moun lavil ak moun andeyò ap bay nouvo Leta sa yon wòl abit nan batay k ap kontinye mennen ant klas yo pou kontwòl sosyete a.

Pozisyon prensip nou genyen sou Leta altènatif la pa rann nou poutan avèg, li pa rann nou dogmatik, li pa rann nou ensansib ak pwoblèm klas popilè yo ap viv chak jou ki mande repons rapid. Pozisyon prensip la fè n reyalis sou yon kalte kesyon tankou : degradasyon lavi nan peyi a, sitirasyon lit popilè yo, sitirasyon rapò ant klas yo ak kapasite òganizasyonèl divès klas yo jounen jodi a. Lè n reflechi sou divès pwen sa yo, nou bout ak yon konsta ki di peyi a prèske disparèt ak tout sa li posede. Resous ekonomik, moun, lakilti oubyen lapanse deja afekte. Nou prèske pèdi kapasite pou n viv tankou moun. Nan sans sa, premye etap pwojè revolisyonè sosyalis la se batay pou nou tounen moun non sèlman nan pwòp peyi nou, men nan rapò nap tabli ak letranje. Nan kad sa, diferan aktè sosyal yo dwe defini yon plan minimal pou redrese Leta ak sosyete a. Plan redresman sila pa vledi, lit yo kaba men li dwe bay resous nesesè pou aktè yo kontinye goumen. Nan sans sa, genyen yon seri kesyon tankou lamizè, anviwònman ak endepandans peyi a ki dwe konsène tout aktè ki estime yo genyen rasin yo nan sosyete sa. Plan redresman minimal la se ansanm defi ki pandye sou tèt tout ayisyen kelkilanswa orijin sosyal li. Plan redresman minimal la dwe favorize konsètasyon ant tout klas yo sou ki jan nou ta renmen demen ye. Klas popilè yo pap kapab pase yon lòt 100 lane nan kras li trouve l jodi a.

Ki kalte moun ki kapab pote lit pou tabli nouvo Leta a ?

Si pou pwojè revolisyonè sosyalis la li nesesite alyansay sèlman ant klas popilè yo ak lòt sektè ki vle pran kòz yo, Plan minimal pou sove peyi a pap kapab tabli nan eksklizyon men nan konsètasyon ant aktè ki soti nan tout sektè ki genyen yon pozisyon pou peyi a pa disparèt. Premye demach la se pran konesans kritik revandikasyon tout sektè pa rapò a Leta ayisyen. Savledi konkrètman, fòk nou jwenn yon kote pou n diskite diferan pwojè sosyal yo. Fòk pwojè sosyal popilè a tabli kad pou li diskite ak kontra sosyal la. Diskisyon ant 2 pwojè sa yo dwe bay yon rezilta konkrè, se sa n rele plan minimal redresman Leta ayisyen an. Objektif demach sila se chache tout revandikasyon ak pozisyon ki sanble enterè tout nasyon an. Si n rive fè sa, nap genyen yon plan ki kapab ranmase enterè minimal klas popilè yo ak sektè nan boujwazi a ki deside pote kole yo. Plan sila ap genyen pou pèspektiv : limite dominasyon boujwazi a pandan nap bay klas popilè yo mwayen pou yo reziste. Se yon akò politik minimal ant aktè klas kap mete de fason otonòm mekanis òganizasyonèl pou pran kontwòl aparèy Leta yo.

Nouvèl dinamik sa dwe pèmèt sektè popilè a monte sou sèn nan kòm aktè politik konsekan ak yon pwojè sosyal konsekan. Nan sans sa, sektè popilè a dwe bay tèt li zouti politik pou ankadreman mas popilè yo. Pèspektiv politik sa dwe klè nan kad konstriksyon yon mouvman kòm espas pou poze koze pran pouvwa. Leta pap kapab transfòme san yon vizyon politik ak ideyolojik klè. Leta pap kapab transfòme san aksyon politik djanm. Aksyon politik yo vledi an menm tan n ap mennen aksyon kominotè ak batay revandikatif yo n ap chache espas nan pouvwa tou. Prezans sektè popilè òganize a nan pouvwa dwe ranfòse presyon klas popilè yo sou Leta.

Oganizasyon popilè ki kanpe sèlman pou chache ti pwojè nan ONG pap kapab regle anyen pou klas popilè yo. Oganizasyon yo dwe antre nan batay ak yon vizyon global ki ranmase 3 dimansyon sa yo : aksyon kominotè, aksyon revandikatif epi enfliyans ak prezans nan pouvwa yo. Nou panse, plan redresman minimal la kapab pote yon nouvo elan politik ak òganizasyonèl nan sektè popilè a.

San elan sila, sektè popilè a pap genyen fòs nesesè pou li ekzije yon Leta altènatif. Nesans Leta alatènatif nan kad pwojè revolisyonè sosyalis la ap posib sèlman si diferan aktè nan sektè popilè yo aksepte pou yo fè politik an granmoun. Politik granmoun nan vledi, aktè sa yo konstri fòs politik nesesè ki kapab pote yon pwojè politik korèk. Li vledi tou, aktè yo viv tèt yo kòm fòs politik kap chache enfliyanse sosyete a nan lide ak nan pratik sosyal. Nan sans sa, sektè popilè a oubyen òganizasyon popilè yo ap sispann ti zouti prive lokal oubyen familyal pou tounen zouti lit kap aji sou kontradiksyon sosyal yo. Kesyon n ta poze tèt nou, èske òganizasyon popilè yo kapab antre nan yon batay politik konsekan ? Eske fòm òganizasyon sa yo pa depase ? Ki wòl yo kapab jwe annatandan klas popilè yo envante lòt estrikti pou goumen ?

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Yon lòt Kontra Sosyal oswa yon lòt Leta nan yon lòt kalte sosyete ?

- Leta ak fonksyonman li nan peyi a

- Kisa Leta ye ?

- Nou ka rebati kay la !


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL