Ane 2005 - Nimewo 2 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Kisa Leta ye ?

Leta se yon mo moun itilize anpil. Mo sa tèlman itilize li ka fè yon moun panse Leta te toujou egziste nan listwa limanite. Sa fè tou lè yon moun ap pale sou Leta li ka toujou panse yo konprann trapde sou kisa l ap pale. Men konsèp sa a, mo sa a, pa toujou klè nan tèt tout moun k ap itilize l, oubyen k ap koute moun k ap pale de li. Se paske se pa fasil pou w di kisa Leta ye nan de (2) twa (3) ti mo. Nou konn tande "nou se Leta, Leta se nou". Lè sa a Leta vle di peyi. Nou ka pran egzanp OEA ki se Òganizasyon Eta Ameriken yo. Òganizasyon sa a rasanble tout peyi ki fè pati kontinan ameriken an. Men Kiba pa ladan l. An Ayiti moun yo gen abitid repete tou "lari a se lari Leta". Ki vle di lari se pou tout moun. Men machin ki gen plak « Service de l'Etat », yo rele yo "machin Leta". Sa vle di se machin k ap fè travay yon ministè, oubyen yon enstitisyon. Nan ka sa a Leta se sèlman enstitisyon yo, aparèy yo. Nou konn tande tou lè yon moun konprann li se sèl kòk chante, yo di moun sa a panse se Leta li ye. Nan sans sa a, Leta vle di pouvwa. Men yon pouvwa ki fè sa l vle, ki pa gen kont pou rann bay pèsòn. Nou wè mo Leta kapab vle di anpil bagay. Lè nou di Leta, li kapab voye nou pou pi piti nan twa (3) bagay ki kapab makònen youn ak lòt : 1) peyi ; 2) administrasyon, aparèy ; 3) pouvwa. Poutèt sa a, lè nou ap fè politik oubyen lè n ap pale sou politik li enpòtan anpil pou nou konn sans mo nou ap di yo epi nan ki kontèks n ap di yo.

Leta vle di peyi

« Leta se nou, nou se Leta » vle di se nou ki fè peyi a. Pa gen peyi san nou. Pa gen peyi san moun. Konsa Leta ak peyi se menm bagay. Pou nou konprann sans li, nou dwe ale lwen nan listwa. Se paske Leta, otorite politik yo, te pral jwe yon gwo wòl nan konstriksyon ak ranfòsman nasyon yo. Nan listwa, sitou depi nan lane 1500 ak 1600 yo, Leta (otorite politik) te toujou parèt kòm pi gwo sipò, poto mitan, nasyon yo. Lè yon pil Wayòm an Ewòp te deside siyen Trete "Westphalie" yo nan lane 1648, trete ki te mete bout nan yon gè ki te dire trant lane, makònay Leta ak peyi te pral kòmanse jwenn yon baz jiridik. Yo te mete kanpe konsèp souverènte Leta yo. Yon Leta se yon peyi, li gen yon otorite politik, ki pa timoun okenn lòt otorite, k ap fè lalwa, k ap fè respekte lalwa ak pwoteje moun k ap viv sou teritwa l. Peyi yo pat toujou egziste. Tout moun ki t ap viv sou teritwa yo rele Lafrans jounen jodi a pa t toujou rele epi konsidere tèt yo kòm Fransè. Se dinamik politik ak ekonomik ki te pral soude tout teritwa yo ak moun ki t ap viv ladan yo epi bay peyi a yon non. Se menm jan pou Ayiti. Oubyen moun ki t ap viv Gonayiv pa t toujou panse sa k ap pase Pòtoprens te regade yo. Tout moun ki t ap viv sou bout tè sa a pat toujou konsidere tèt yo kòm Ayisyen. Se 1e janvye 1804 otorite politik yo te pral deklare ti bout tè sa a endepandan epi ba li non Ayiti. Gen yon lòt bagay ankò ki eksplike Leta se nou, nou se Leta a. Nan lane 1700 yo, sa yo rele dizwityèm syèk la, sitou ak revolisyon fransèz 1789 la, kesyon sou ki baz Leta a dwe chita te pra l poze. Revolisyonè franse yo te pral di Leta dwe kanpe sou souverènte pèp la. Leta a chita sou volonte sitwayen yo. Se sitwayen yo ki deside ansanm fonde Leta a. Egzanp sa yo montre ki kote Leta se nou, nou se Leta soti. Tankou nou te wè l, listwa nou tou kapab pèmèt konprann esplike pwovèb sa a. Menm lè apre lendepandans Leta a (pouvwa politik) ta pral dirije kont enterè peyi a. Se sa ki fè yo konn di gen yon Leta antinasyonal nan peyi Ayiti. Lè sa se pa de sitwayen yo y ap pale. Leta sa vle di yon lòt bagay.

Leta se aparèy

Lè yo di tèl machin se machin Leta, sa pa vle di li pou tout moun. Yo vle di se machin yon administrasyon. Leta lè sa a, se ministè yo, se lapolis, se kontribisyon, se ladwann, elatriye. Leta sispann idantifye l ak sitwayen yo tankou nan sitiyasyon Leta se nou, nou se Leta a. Li se tout enstitisyon oubyen administrasyon ki anba lobedyans dirèk oubyen endirèk pouvwa politik la. Eleman sa yo fòme sa nou kapab rele aparèy Leta yo. Leta lè sa a se tankou gwo machin ki fèt ak anpil pyès (aparèy, enstitisyon). Gen de (2) kalite aparèy Leta nan vizyon maksis la. Se yon kote, aparèy politik administratif ak represif Leta a. Li gen ladan ministè yo, lapolis, lame, tribinal elatriye. Se tout bagay ki pèmèt Leta mete lòd, pwoteje tèt li kont menas anndan kou deyò peyi a, pini moun ki pa respekte lalwa ak tout lòt bagay sosyete a pa aksepte. Yon lòt kote nou jwenn aparèy ideyolojik Leta a. Se tout enstitisyon ki dwe fè sitwayen yo wè tèt yon fason nan sosyete. Pa egzanp « menm si gen patwon, menm si gen ouvriye, nou tout se menm fanmi, nou tout se Ayisyen ». Aparèy sa yo se lekòl, legliz, lafanmiy ak lòt ankò. Yo tou la pou fè sitwayen yo obeyi Leta, aksepte l (pèsyazyon) san l pa oblije itilize lafòs ak menas (koyèsisyon). Men Leta montre wòl li ak prezans li nan yon sosyete lòt fason tou. Nan asire laswenyay pou sitwayen yo, nan mete kanpe bon sistèm sekirite sosyal, pwoteje anviwònman nan yon optik sèvis piblik. Se pou rezon sa yo, yo pale de pouvwa piblik pou montre entèvansyon Leta ki ale nan sans misyon sèvis piblik la. Leta toujou bezwen sa w rele yon koyezyon nasyonal, yon ekilib ant klas ak kategori sosyal yo. Poutèt sa a, lè n ap gade Leta a, nou dwe gade tou ki mòd ale vini li tabli ak sosyete global la. Kijan Leta pran an kont aspirasyon depaman oubyen kontradiktwa k ap travèse sosyete sila a. Men lè nou konsidere Leta tankou aparèy gen yon kote, yon bagay ki mete aparèy sa yo an mouvman. Lè yo di Leta deside fè yon lekòl nan yon seksyon riral, gen yon kote desizyon sa pran. Se sa yo rele pouvwa politik la.

Pouvwa politik ak Leta

Lè nou di Leta nou di vle pa vle pouvwa nan yon sosyete oubyen nan yon fòmasyon ekonomik ak sosyal. Men se pa tout lè ou di pouvwa ou di Leta. Yon monseyè pran desizyon epi fè respekte l nan dyosèz l ap dirije. Kidonk li gen kapasite pou l egzèse yon pouvwa nan dyosèz sa a. Se pouvwa nan legliz. Pouvwa se tout pwosesis (modalite) ak pozisyon (wòl oubyen plas moun) ki pèmèt pran ak fè aplike desizyon ki angaje yon gwoup, yon kominote. Leta pèmèt moun oubyen gwoup moun ki gen pouvwa politik la nan men l, sètadi gouvènman, pran desizyon ki konsène tout sosyete a. Men se pa paske gen desizyon ki pran epi ki konsène tout yon sosyete ki fè nou ka pale de Leta. Nan sosyete kote yon moun gen pouvwa paske li gen talan, kalite pèsonèl, lòt moun nan sosyete sa a pa genyen, sa sosyològ alman Max Weber rele pouvwa karismatik la, nou pa ka pale de pouvwa Leta. Pouvwa Leta pa yon pouvwa pèsonèl, li se yon pouvwa enstitisyonèl. Leta, nan sans modèn lan, parèt nan yon moman patikilye, moman kote separasyon ant pouvwa enstitisyonèl la ak moun k ap egzèse l la pral fèt. Kidonk, nan sosyete modèn yo, se Leta ki pèmèt egsèsis pouvwa politik la. Se sak fè lè yon pouvwa tonbe Leta pa fòseman kraze avè l. Nan ka yon revolisyon se yon lòt bagay. Men kòm Leta pa soti anlè pou l tonbe sou latè, Leta nan yon fòmasyon sosyoekonomik gen pou wè ak jan fòmasyon sa ye.

Leta nan yon fòmasyon sosyoekonomik

Nan sosyete yo, nan fòmasyon sosyoekonomik yo, tout kategori, tout klas sosyal yo pa gen menm enterè, pa wè sosyete sa a menm jan, enterè youn konn pa ka mache ak enterè lòt, se sa yo rele kontradiksyon sosyal yo. Konsa Leta ki pèmèt egzèsis pouvwa politik la se yon bagay ki gen gwo enpòtans pou klas sosyal yo. Klas ki genyen l nan men lan pa vle pèdi l, pandan klas ki pa genyen l lan vle pran l. Se sa nan lang franse yo rele yon anje nan batay ant kategori oubyen klas sosyal sa yo. Gwoup ki rive gen Leta nan men l lan gen plis mwayen pou l defann enterè pa l oubyen fè fason li wè sosyete a pase. Se sa ki fè Leta pa yon bagay ki gen koulè, l ap pran koulè gwoup ki domine sosyete a. Kontrèman ak sa ideyològ liberal yo vle fè pase Leta pa janm panche bò kote youn oubyen yon lòt kategori oubyen klas sosyal. Nan sans sa a nou ka wè Leta menm jan ak maksis yo tankou yon zouti ki nan men yon klas sosyal pou garanti dominasyon l sou fòmasyon sosyoekonomik la. Men Leta, menm nan peyi kapitalis devlope yo, toujou vle montre l ap pwoteje tout moun nan sosyete a san paspouki. Nou pa ka neglije aspè sa a nan wòl yon Leta nan yon fòmasyon sosyoekonomik. Leta toujou vle fè aksepte l, montre l ap pwoteje, pou yo ka obeyi l. Kesyon mòd alevini ki genyen ant Leta ak rès sosyete a enpòtan anpil. Leta yon klas ou yon kategori sosyal pa kapab fèmen je sou lòt klas ak kategori sosyal yo. Kòm Leta soti nan fòmasyon sosyoekonomik, ajisman l depann de kijan fòmasyon sosyoekonomik lan ye. Leta bò isit pa enterese ak peyizan se paske peyizan meprize nan sosyete a, peyizan yo pa rive fè rès sosyete a konprann yo se yon gwo fòs. Kidonk fason Leta pral fonksyone ap tradwi tou nati rapò fòs nan yon sosyete. Sa vle di tou, ou gen dwa pran pouvwa politik la san w pa rive chanje Leta si rapò fòs sosyal yo pa pèmèt sa, si w pa genyen oubyen travay pou gen yon gwo baz sosyal ki mobilize pou pran direksyon sosyete global la.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Yon lòt Kontra Sosyal oswa yon lòt Leta nan yon lòt kalte sosyete ?

- Leta ak fonksyonman li nan peyi a

- Yon pwojè transfòmasyon Leta ayisyen

- Nou ka rebati kay la !


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL