Ane 2005 - Nimewo 1 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Eleksyon ak patisipasyon popilè nan listwa Ayiti

Kèk konsiderasyon sou eleksyon : lejitimite, demokrasi

Anvan nou rantre nan fon koze a sou eleksyon ak patisipasyon popilè nan listwa peyi a, li enpòtan pou nou fè kèk konsiderasyon sou bagay yo rele eleksyon an paske eleksyon pa fèt menm fason nan tout sosyete ni li pa gen menm enpòtans nan tout sosyete ak nan tout moman nan listwa sosyete yo.

Nan sistèm politik ki chwazi fè eleksyon, eleksyon se yon mannyè pou sistèm sa a pote chanjman nan pèsonèl politik la. Sètadi si nou pran Ayiti kòm egzanp,pèsonèl politik la se : manm KASEK, majistra, depite, senatè ak prezidan. Lè systèm nan fè eleksyon, li vle di men sèl mwayen ki genyen pou pran kontwòl aparèy Leta a. Eleksyon se yon mòd, yon mannyè pou sistèm lan bay tèt li yon lejitimite, sètadi fè rekonèt li epi fè aksepte l. Men nan tout sosyete lejitimite sa pa oblije yon lejitimite ki soti nan eleksyon. Sa vle di lejitimite sa a ka soti nan sèvis ou rann gwoup oubyen klas sosyal ki pi reprezantif sosyete a. Nan lane 1804, lè Desalin te vin nan tèt peyi a, pa t gen eleksyon. Se te paske se li menm ki te mennen lame esklav yo nan laviktwa pandan lagè endepandans lan. Se sa yo rele yon lejitimite istorik. Nan sistèm monachik yo, kote ki gen wa ak rèn, lejitimite se yon lejitimite dinastik, se moun ki soti nan yon fanmi ki gen dwa dirije. Se pitit moun ki te wa oubyen rèn ki gen dwa monte sou twòn lan. Pa egzanp Elizabeth II rèn Wayòm Ini (Angletè) te monte sou twòn lan paske li se pitit wa George VI. Nan sistèm politik ki gen eleksyon, lejitimite sa a sistèm nan ap chèche a, l ap jwenn li sèlman lè majorite moun nan sosyete a deside patisipe nan eleksyon yo epi aksepte rezilta vòt yo.

Pou nou ale pi lwen, li nesèse pou nou fè yon eklèsisman ki gen anpil enpòtans : eleksyon pa vle di demokrasi. François Duvalier te fè yon referandòm pou l te vin prezidan avi nan lane 1964 ; sou diktati sa tou te konn gen eleksyon pou majistra oubyen depite. Se poutèt sa nou konn tande yo di eleksyon fo mamit, eleksyon bidon, eleksyon magouy. Youn nan bagay ki ta fè yon eleksyon demokratik se lè li bay posibilite pou anpil pati oubyen òganizasyon politik patisipe. Men kontrèman ak sa ideyològ demokrasi fòmèl oubyen senpman ensitisyonèl yo vle fè pase, anpil pati politik pa vle di gen anpil chwa politik, gen anpil pwojè politk oswa pwojè sosyete ki diferan youn ak lòt. Kòm tout sistèm politik makònen ak yon sistèm sosyo-ekonomik, prezans plizyè pati politik nan eleksyon ta vle di gen pwojè tout klas oubyen kategori sosyal yo ki reprezante. Men si nou gade byen, nan konjonkti aktyèl Ayiti a, pami tout pati politik k ap batay pou ale nan eleksyon, konbyen nan yo ki pote revandikasyon ti peyizan, ouvriye, tout moun yo mete sou kote k ap viv nan katye popilè yo, klas ak kategori sosyal ki viktim sistèm peze souse a ? Kidonk eleksyon kapab fèt san gwo pwoblèm k ap brase bil peyi a, pwoblèm ki konsène majorite moun nan peyi a pa janm poze. Jounen jodi a yo pale anpil sou patisipasyon sitwayen nan eleksyon, ann gade kijan bagay sa a te prezante nan listwa nou.

Yon rale istorik sou eleksyon an Ayiti

Konstitisyon 1801 Tousssaint Louverture a te egzije se nan eleksyon pou chwazi manm asanble santral ak minisipal yo. Toussaint te vle aplike kèk prensip ki soti nan Revolisyon fransèz nan koloni Sen Domeng lan. Men nan konstitisyon 1805 Dessalines nan, zafè eleksyon an te pral disparèt. Nan plas asanble yo ki t ap soti nan eleksyon, jan konstitisyon 1801 te di l, te pral genyen Konsèy Deta ki fòme dirèkteman ak jeneral lame endijèn nan. Men nan toulède ka yo, Dessalines ak Toussaint te chèf Leta nan kad sa nou rele lejitimite istorik la.

Se nan konstitisyon 1806 la, aprè kò asasinay aristokrat milat ak konplisite aristokrat nwa yo te fè sou Dessalines, zafè eleksyon pou prezidan te pral parèt. Se Senatè yo, ki te yon pil gwo jeneral nan lame a epi ki te gwo pwopriyetè tè oubyen grandon, ki te vin gen pouvwa chwazi prezidan an. Men se te yon mètdam politisyen tankou Petion ak akolit li yo t ap fè pou fè Christophe konprann li pa fin sou tèt lòt jeneral aristokrat yo nèt, men se yo ki mete l ; sa vle di li pa kapab dirije kont enterè yo. Deja nan moman sa a zafè eleksyon an pa t poze pou pèmèt pèp la di kisa li vle pou peyi l. Tout moun pa t ka vote, fòk ou te pwopriyetè tè, fòk ou te gen yon aktivite ekonomik ki te pèmèt ou peye taks pou ou te gen dwa sitwayen sa a, sètadi vote. Se sa yo rele sifraj sanzitè a. Aspè sa a dwe ede nou evite konfizyon ant patisipasyon sitwayen ak patisipasyon popilè. Patisipasyon sitwayen an souvan defini nan kad lalwa, kad sa a defini selon nati Leta a.

Sifraj sanzitè a te redwi sa nou rele kò elektoral la, sa vle di kantitte moun ki te gen dwa vote. Li pèmèt yon patisipasyon sitwayèn ki limite, ki pa t yon patisipasyon popilè. Se konstitisyon 1879 la ki te pral pèmèt sifraj inivèsèl la : tout moun ki majè kapab vote. Men konstitisyon 1889 la te retounen ak sifraj sanzitè a. Nou pa dwe bliye sifraj inivèsèl konstitisyon 1879 la se te pou gason sèlman. Men se pat an Ayiti sèlman bagay la te konsa. Lè nan lane 1848 revolisyonè fransè yo te pral vini ak sifraj inivèsèl la, se te pou gason sèlman. Yon lòt fwa ankò nou wè patisipasyon sitwayèn pa vle di patisipasyon popilè. Fanm yo pa t gen dwa vote, epoutan yo te reprezante plis pase mwatye popilasyon nan peyi Ayiti. Fòk yo te tann eleksyon 1957 yo pou yo te gen dwa vote. Nou dwe di menm lè konstitisyon yo mete pou gen eleksyon pou prezidan depi 1806 sa pa dwe fè nou kwè se eleksyon ki te prensipal manyè pou moun te monte sou pouvwa a. Anpil fwa, jiska premye lokipasyon amerikèn (1915 - 1934) se te yon chèf militè ki te rive pran pouvwa ak fòs zam li. Eleksyon nan Palman an te plis yon fòmalite pou bay fòs zam lan yon kout penti legal.

Sou lokipasyon ameriken (1915 - 1934) sifraj inivèsèl pou gason yo te pral retounen. Nan eleksyon 1930 yo, kote nasyonalis yo ki te vle mete okipasyon a kaba te pral ranpòte laviktwa, tout gason majè te kapab vote. Men kesyon eleksyon prezidansyèl segon degre a, sètadi se Palman ki te chwazi prezidan, te kenbe jis nan lane 1950 kote Paul Eugène Magloire te pral vin prezidan ak vòt dirèk elektè yo. Lè nou konnen nan tout listwa nou se te rejim prezidansyèl ki te genyen, kote tout pouvwa egzekitif la nan men prezidan an, nou wè pèp la pa t vrèman gen mwayen pou li te mete moun ki te pral dirije peyi a reyèlman. Nan lane 1946 Dumarsais Estimé te vin prezidan, men pi fò moun nan peyi a pa t konn kiyès li te ye. Se te yon ti gwoup palmantè nwaris te fè magouy pou fè misye jwenn vòt lòt palmantè yo. Men sa pa vle di lè sifraj la te vin dirèk pèp la te chwazi tout bon vre moun ki pou dirije peyi a. Nan lane 1957 François Duvalier te vin prezidan nan eleksyon magouy lame Dayiti te òganize pou li. Sa vle di eleksyon ak sifraj inivèsèl dirèk pou fanm ak gason pa vle di se chwa pèp la ap pase kanmenm. Premye fwa nan listwa nou pèp la te chwazi reyèlman prezidan ki pou dirije peyi a se te dimanch 16 desanm 1990 la.

Pou nou fini nou ka di sifraj inivèsèl la se kanmenm yon pwogrè nan sa nou rele patisipasyon sitwayèn. Poutèt sa nou pa kapab jete eleksyon an nèt, kòm mwayen pou chwazi dirijan yo. Dayè, eleksyon 16 desanm 1990 yo te montre se pa nesesèman politisyen tyoul klas dominant yo ak enperyalis yo ki ka rive monte sou pouvwa a nan eleksyon. Men li pa yon garanti menm lè se yon moun nan sektè popilè a ki gen bon jan pwojè popilè, dirijan sa a ap rive chanje estrikti ekonomik ak sosyal yo. Se sa k fè patisipasyon sitwayèn nan pa dwe manifeste l senpman nan jou vòt yo, paske menm lè yon dirijan ta genyen eleksyon yo sou baz yon pwogram popilè, li kapab toujou pase pwogram nan anba pye. Kidonk li enpòtan pou rete veyatif epi aktif. Yon lòt difikilte ankò, se lè menm si dirijan ki pase nan eleksyon an ta vle mennen bak peyi a nan sans pwogram popilè sa a, gen posibilite pou klas dominant yo reyaji ak lafòs, sètadi fè yon koudeta. Sa te pase nan peyi Chili nan lane 1973 lè enperyalis ameriken, klas dominant yo te sèvi ak lame Jeneral Pinochet la pou asasinen prezidan Salvador Allende. Fòs vòt la ka bò kote pèp la pandan fòs zam lan ka bò kote reyaksyonè yo. Yon lòt kesyon pou nou poze tèt nou sou koze eleksyon an : èske eleksyon se pi bon mwayen pou chanje sistèm peze souse a ? Depi w ap fè politik ou dwe toujou reflechi sou mwayen w ap itilize pou fè pwojè w pase.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Demokrasi, diktati ak eleksyon

- Patisipasyon sitwayen ak eleksyon

- Kesyon eleksyon ann Ayiti : deba ak pèspektiv


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL