Ane 2006 - Nimewo 1 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Mouvman popilè ak lit politik an Ayiti

Nan prèske tout peyi sou latè, toujou gen sa yo rele mouvman popilè e toujou gen lit politik tou. Menm lè yo pa gen menm fòm nan chak peyi. Men se toujou yon mas moun byen detèmine ki leve kanpe pou fè pase revandikasyon yo. Mouvman popilè yo, ak lit politik pa toujou parèt sou menm aspè, ni tou sa pa vle di y ap defann menm kòz nan tout peyi kote yo ekziste.

Kisa mouvman popilè a ye ? Kisa yon lit politik ye tou ?

Mouvman popilè a se lè pèp la ini, rasanble tout fòs li ak tout zam li, tankou lide, mobilizasyon ( leve kanpe) patisipasyon elatrye pou l fè pase revandikasyon l yo. Gen de lè li konn chanje faz lè sa pa ka mache, li pran zam ki ka touye pou yo kontinye mouvman an.

Paske gen yon gwo revolisyonè ki te di : "fè politik se fè lagè san pa gen san ki koule. Epi fè lagè se fè politik kote san ap koule". Revolisyonè sa te rele Mao Tse Tong. Se te yo Chinwa.

Lit politik la menm se lè tout moun swa yon fason endividyèl oubyen pa regwoupman ap patisipe tout bon vre nan batay politik yon peyi. Sepandan se pati politik yo oubyen òganizasyon yo ki konn parèt pi klè nan batay sa.

Kijan n wè mouvman politik ak lit popilè nan peyi d Ayiti ? Epi ki objektif yo tou ?

Pandan (2) syèk istwa peyi Ayiti, mas popilè a, politisyen restavèk boujwa peze souse voye jete a, monte sou sèn politik la pou fè pase revandikasyon l yo pandan y ap mande yon chanjman total, sistematik, radikal, nan mòd sosyete ke yap viv la.

Mouvman ak lit sa yo te kòmanse parèt depi byen lontan nan istwa pèp ayisyen an. Nou kapab fè sonje kèk ki pi enpòtan tankou : Leve kanpe peyizan nan Sid ki te gen nan tèt yo, Jean-Jacques Acaau, nan lane 1844.

Kiyès ki konn ranpòte laviktwa ?

Nou kapab di se pèp ki konn ranpòte viktwa malgre tout risk yo pran pou yo sòti nan lari pou rele, leve kanpe, denonse move tretman y ap sibi anba men otorite an plas yo. Men elas se pa janm yo menm ki al jwi viktwa sa yo kòmanse sou premye yo, rive sou sa ki pre nou yo.

Eske se pwoblèm swivi ? oubyen èske se te byen konte mal kalkile ?

Nou kapab konstate aprè batay sa yo tras ansyen rejim ki dechouke a toujou vle parèt aklè. E li konn menm vle pase pou pi bon. Kesyon n ap poze nou se kote chanjman sistematik yo ?

Chanjman nan aparèy Leta yo ak yon lòt sosyete se toujou rezilta sa a mas popilè yap rete tann. Pèp la toujou revandike bagay ki jis e ki gen enpòtans pou demen peyi a. Men se fwi rezilta yo ki toujou anmè. Pou pi pre nou ka pran de (2) dènye soulèvman ki voye Jean-Claude Duvalier ale a epi sa ki voye Jean Bertrand Aristide ale a. Nou wè aklè kondisyon sosyal ak ekonomik yo pa chanje tout bon. Eske batay mas yo fini ? An prensip batay sa yo ta toujou mande anpil prevwayans pou evite echèk yo demen.

Angwo nou kapab di premye pa se mas popilè yo ki toujou fè l. Yo fè l epi yo fè l byen. Paske se dwa tout moun sou tout fas tè a pou rele kont enjistis sou tout fòm ak enpinite. Yon lòt kote nou kapab di fòm lit politik sa yo ta merite anpil pase men paske se politik k ap dirije.

Jounen jodi a li ta enpòtan anpil pou sektè popilè a apiye sou sektè politik la pou kapab gen yon lòt sosyete pou tout moun kapab viv byen. Sa se espwa pèp la. Lespwa fè viv, se sa yo di. Eske se vre ? Enben n ap tann toujou.

Coordination Militants Dorilas (CMD)

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Koutje sou eleksyon 2006 yo

- Pwosesis elektoral la : soti nan enskripsyon rive nan rezilta

- Rara / Kilti popilè

- Eksperyans Moulen nan KPN


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL