Ane 2006 - Nimewo 2 Pòtvwa mouvman popilè a


 

Ki konpozisyon sosyal Kan popilè a, ki liy estratejik li, ki lit ki pou mennen ?
Ranmase entèvansyon KSIL, nan yon koferans-deba ICKL te òganize

Pou nou rantre nan pawòl sa fòk nou raple yon eleman ki pou nou menm enpòtan, se pwosesis konstriksyon nasyon ayisyèn nan, se yon bagay ki pran yon gwo pàn depi 1915. Sa vle di dinamik ki te aklannche nan Bwa Kayiman an 1791 ki te pase kalfou 1804 la, li kòmanse pran souflèt nan kou deta 1806 la kote yo asasinen Dessalines, li kontinye pran souflèt an 1825 nan siyati konpwomi avèk Lafrans, peye dèt bagay sa yo. Li pran anpil souflèt tou pandan 19èm syèk la sou fòm anbago, blokis naval, pisans etranjè k ap fè presyon sou nou pou l al fè bèk atè konplètman nan lane 1915. E depi 1915 nou kapab di peyi a, pèp ayisyen an, nasyon ayisyèn nan anba yon sistèm dominasyon. Sistèm dominasyon ki blayi kò l depi 90 zan sou peyi d Ayiti vle di kisa ? Sa vle di pèp ayisyen an pa genyen desten istorik li nan men l. Menm yon bagay ou ta di ki banal ki karakterize yon pèp souvren se dwa l pou l chwazi li menm ki moun ki pou dirije l, enben dwa sa a pèp ayisyen an pèdi l depi 1915. Eleman konpreyansyon sa a pèmèt nou jete yon limyè pi klè sou sa ki pase an 90-91 avèk kesyon Aristide, lavalas eksetera.

An 90-91, se te pou lapremyè fwa depi 1915 pèp ayisyen an t ap eseye li menm montre kapasite l pou l chwazi dirijan l li menm. Nan sans sa chwa Aristide la se yon bagay ki te trè senbolik, malerezman li pase jan l pase a. E dènye fwa ankò, nan mwa fevriye 2006 la, se menm bagay la ki sot fèt, pèp ayisyen an eseye montre yon lòt fwa ankò li kapab e li vle chwazi dirijan l. Donk eleman sa mennen nou sou mak fabrik batay nou gen pou n mennen an. Mak fabrik fondamantal li pou nou menm se yon lit liberasyon nasyonal li ye. Sa vle di se yon lit ki opoze tout pèp ayisyen an nan tout konpozant li ak yon sistèm dominasyon etranje ki tabli sou li. Donk lè nou di lit liberasyon nasyonal li gen yon karaktè, li gen espesifisite l. Sa pa vle di lit la pa gen yon dimansyon sosyal. An reyalite nou menm kòm pèp, kòm peyi, kòm nasyon n ap viv yon doub kontradiksyon, n ap sibi yon doub opresyon. Genyen kontradiksyon ki opoze ansanm pèp ayisyen an avèk sistèm dominasyon etranje a, epi genyen kontradiksyon ki opoze sa n rele kan popilè a avèk ti gwoup moun, ti ponyen moun k ap pwofite yon sistèm eksplwatasyon entèn.

E de (2) nivo kontradiksyon sa yo nan chak moman istorik fòk nou konnen kòman pou nou jwe ladan yo, kiyès ki parèt pi fondamantal nan yon moman, kiyès ki parèt segondè nan yon lòt moman. Paske nou menm nou gen yon nasyon pou nou konstwi, depi 1915 pwosesis konstriksyon nasyonal la bloke. Nou vin gen yon nasyon pedevi, ou konn sa sa vle di yon timoun ki pedevi. Nou gen yon sosyete ki mafreze epi nou gen yon peyi ki fin kraze. Donk sa vle di gen yon seri paramèt, konsèpt, kategori chematik, klasik ki pa sifi pou nou sezi konpleksite yon fòmasyon sosyal konsa. Donk sa vle di fòk nou oblije fè prèv kreyativite pou nou konprann fòmasyon sosyal ayisyèn nan, epi pou nou kapab degaje yon liy estratejik ki klè nan sa n rele konstwi kan popilè a.

Konpozisyon sosyal kan popilè a se tout sektè tout moun, tout kategori sosyal k ap sibi non sèlman sistèm dominasyon etranjè a men tou yon sistèm eksplwatasyon entèn. Nou pran prensipalman travayè yo sa vle di travayè riral, travayè oubyen peyizan, ouvrye, travayè entèlektyèl, travayè manyèl atizan. Men yon lòt bagay ankò ki trè enpòtan pou nou gade se degre mizè ki genyen nan sosyete ayisyèn nan ki fè nan kan popilè a majorite moun ou genyen yo se pa travayè, se moun ki nan chomaj, se moun k ap bat dlo pou fè bè, se sa k fè m te di anvan karaktè mafreze fòmasyon sosyal ayisyèn nan rann travay òganizasyonèl la difisil. Sa ki fè ba majorite moun sa yo yon konsyans de klas se yon bagay ki konplike. E nan sans sa a ou kapab plis rive ba l yon konsyans nasyonal pase yon konsyans de klas, paske fwontyè klas sosyal yo liyann, yo frajil. Donk li pral fè l trè difisil pou w devlope ou menm yon konsyans revolisyonè. Nou menm ki di nou vle konstwi kan popilè a nou pral gen pou n fè l non sèlman an tèm angajman reyèl, konbativite men tou an tèm kreyativite pou w jwenn eleman analiz, konsèp, chèn eksplikasyon ki plis kapab koresponn avèk fòmasyon sosyal nou genyen an.

Jan nou t ap di l anvan an, lit pèp ayisyen an gen pou l mennen an gen yon doub dimansyon. Poutèt sa a nou di konstwi kan popilè a se nan inite istorik tout pèp la. Poukisa nou di sa a ? Nou di sa akòz dimansyon mak fabrik fondamantal lit la ki se yon lit liberasyon nasyonal epi pou lòt rezon tou. Sosyete ayisyèn nan, fòmasyon sosyete ayisyèn nan pa gwòs revolisyon sosyalis. Lit liberasyon nasyonal la nou ka rele l tou revolisyon nasyonal demokratik e popilè yo te konn rele l revolisyon demokratik boujwaz de tip sosyal.

Nou menm nou klè. Tach sa a, liberasyon nasyonal la se kan popilè a ki ka mennen l jis nan bout li. Lè nou di reyini tout pèp la kont agresè eksteryè, kont dominasyon etranjè a se sou direksyon ejemonik kan popilè a, paske se sèl kan popilè a ki pa gen okenn enterè ditou nan sistèm dominasyon etranjè a, e se kan popilè a ki gen tout enterè pou mennen revolisyon sa a jisko bou. Sa vle di tach demokratik yo rele tach demokratik boujwaz yo li p ap kanpe ladan yo, l ap akonpli yo men yon fason inentèwonpi sa vle di transfòmasyon chak etap yo pou travèse nan yon lòt etap. Alòske lòt kategori sosyal k ap swa pwofite de sistèm eksplwatasyon entèn nan, swa ki pa fin gen pwoblèm avè l yo menm yo pa gen enterè ale lwen konsa. Donk sa vle di pou tach sa yo akonpli yon fason kòrèk fòk se kan popilè a ki pou mennen yo.

icklhaiti [ICKL HAITI]

..................................................

Nan menm nimewo sa a :

- Nesesite pou mete kanpe kan pèp la

- Pozisyon Batay Ouvriye sou konstriksyon Kan pèp la


ICKL / Adresse : 22, rue Dadjuna, Delmas 75, Delmas - HT 6120, HAÏTI
E-mail : ickl @icklhaiti.org - URL :
www.icklhaiti.org
Tous droits réservés | © ICKL 2005 | URL: http://www.icklhaiti.org
Site concu et réalisé par
Gotson Pierre du Groupe Medialternatif
Utilisation de SPIP, logiciel libre distribué sous license GPL