HomeVidéosAyiti – Tranbleman tè 14 dawout 2021 : Sitiyasyon popilasyon Gran Sid la pa miyò apre yon lane

Ayiti – Tranbleman tè 14 dawout 2021 : Sitiyasyon popilasyon Gran Sid la pa miyò apre yon lane

Ayiti – Tranbleman tè 14 dawout 2021 : Sitiyasyon popilasyon Gran Sid la pa miyò apre yon lane

14 dawout 2021 an, tè a te souke byen fò nan Gran Sid peyi a ki gen ladann depatman Sid, Nip ak Grandans. Dega yo te anpil. Daprè rapò Sant operasyon ijans nasyonal la (COUN an fransè) te pibliye nan dat 4 septanm 2021 an, 2 248 moun mouri, 12 763 lòt blese, 329 disparèt, 53 815 kay kraze pandan 83 770 lòt andonmaje, 690 000 moun afekte, pou n site sa yo sèlman.

Kèk mwa apre, pouvwa Tèt Kale twazyèm chapit la, atravè Ministè planifikasyon ak kowoperasyon ekstèn, te fè yon evalyasyon sou dega yo. Apati evalyasyon sa a, pouvwa a ak konkou « kominote entènasyonal » la te prepare yon plan pou rekonstwi Gran Sid la sou 2 lane. Gouvènman an te prezante plan sa a 16 fevriye 2022 a nan Pòtoprens, 6 mwa apre tranbleman tè a. Nan plan sa a, pouvwa a te prevwa mobilize 192,5 milya goud pou rekonstwi 3 depatman yo. Lajan sa a te dwe pèmèt li aji sou bezwen ki genyen nan 11 sektè li te evalye yo : agrikilti, komès ak endistri, touris, lojman, sante, edikasyon, lamanjay, transpò, dlo ak asenisman, enèji epi jesyon malè pandye (risk) ak anviwonnman. Premye minis defakto a, Ariel Henry, te fè konnen pou premye ane reyalizasyon plan an, gouvènman li an t ap bezwen anviwon 454 milyon dola, ki te reprezante 45 milya 900 milyon goud si nou konvèti li nan to chanj 102 goud pou yon dola ki te genyen nan dat 16 fevriye 2022 a daprè bank santral.

Daprè peyizan yo nan komin Baradè, Kavayon ak Manich, dega tranbleman tè a te gen gwo konsekans sou lavi yo. Yon lane apre katastwòf sa a, 5 mwa apre prezantasyon plan pou rekonstwi Gran Sid la, pa gen okenn amelyorasyon nan jan popilasyon an ap viv.

Share With:
Rate This Article
Author

roodaffair@gmail.com