Institut Culturel Karl Lévêque (ICKL)

Podcast, Rendez-vous ICKL

Konstriksyon rapò fòs nan nivo diplomatik pou enfliyanse epi chanje sistèm politik ayisyen an

Envite : Yves Michel Thomas (Istoryen, Chèf pwojè nan enjeniri dokimantè ak jesyon konesans [Conservatoire National des Arts et Métiers-Paris])

Prezantasyon : Wisvel Mondélice

Mizik : Kebert Bastien, Awozam

Pwodiksyon : Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS)

Rendez-vous ICKL

Inivèsite Popilè 2023 | Sesyon Lwès | Deklarasyon

Delma, 8 jiyè 2023

Nou menm òganizasyon ak regwoupman òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a, nou te reyini 7 ak 8 jiyè 2023 nan Dèlma nan yon atelye ki t ap reflechi sou patisipasyon mouvman sosyal ak popilè yo nan politik peyi a, sou gwo defi pèp ayisyen ap viv nan konjonkti jounen jodi a epi sou estrateji pou nou refè eskanp figi peyi a.

Atelye refleksyon sa a te reyalize nan kad inisyativ ki pote non Inivèsite popilè ki fèt anba kòdinasyon Enstiti Kiltirèl Kal Levèk (ICKL), Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA), Pwogram pou yon Altènativ Jistis (PAJ), Platfòm Ayisyen k ap fè Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA), Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) ak Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA).

Pandan 2 jounen travay sa yo, nou reflechi sou nesesite yon pi bon maryaj ant batay mouvman sosyal ak popilè yo ap mennen nan diferan domèn aktivite. Nou te analize rapò istorik òganizasyon sosyal ak politik pwogresis yo devlope ak leta epi reflechi sou nesesite pou fòs pwogresis yo defini estrateji tèt ansanm pou yo patisipe plis nan lavi politik peyi a pou kontribye nan konstwi yon leta ki ka garanti enfrastrikti ak sèvis ki pèmèt tout moun viv nan diyite.

Nou ap atire atansyon pèp ayisyen an sou danje ki pandye sou peyi a akoz pwojè ekonomik yon seri enstitisyon finansye entènasyonal, gwo antrepriz entènasyonal ak yon seri leta dominan prepare pou aplike Ayiti. Se yon pwojè ki chita sou dappiyanp sou tè agrikòl peyi a pou konstwi zòn franch epi piye min ki anba tè a san okenn konsiderasyon pou anviwònman an ak lavi moun. Pou pèp ayisyen an bloke pwojè sa a, pou li tabli yon lòt pwojè selon bezwen peyi a apati kapasite peyi a, mouvman sosyal ak popilè yo dwe kreye kondisyon pou patisipe aktivman nan lavi politik peyi a. Pou sa, fòk pèp ayisyen an goumen pou chanje kalite eleksyon ki ap òganize nan peyi a. Fòk nou tabli yon gouvènman tranzisyon koupe fache ki lejitim epi ki enspire konfyans, fòk nou evalye epi redefini sistèm elektoral la, tabli sekirite nan peyi a. Mezi sa yo se kondisyon minimal pou nou anpeche peyi a kontinye plonje nan kriz ak banditis.

Nan sans sa, nou pran angajman pou nou kontinye travay ansanm epi kontre lòt òganizasyon pwogresis pou konstwi yon gwo fòs ki genyen ase lejitimite pou bloke pwojè ekonomik danjere ki ap deplòtonnen nan peyi a epi kreye kondisyon politik pou nou konstwi yon pwojè altènatif. Pwojè altènatif sa a dwe chita sou dwa grandèt majè pèp ayisyen an nan desizyon politik li ap pran, nan deside kisa li ap pwodui pou li manje epi satisfè lòt bezwen fondamantal li, yon pwojè ki kadre ak dimansyon listwa peyi a, yon pwojè ki ka kore inisyativ ekonomi sosyal solidè mouvman sosyal popilè yo ap devlope nan kat kwen peyi a epi ki garanti aksè byen ak sèvis piblik pou tout moun.

Viv yon peyi ki granmoun tèt li !
Aba okipasyon ak dominasyon etranje !
Viv bonjan inite nan kan pèp la !

Òganizasyon ki te patisipe nan atelye a
Sèk Gramsci
Konbit Pou Yon Lojman Altènatif (KAYLA)
Kolektif Jistis Min (KJM)
Pati Rasin Kan Pèp La (RASIN)
Sèk Janil Lwijis
Antèn Ouvriye
MPNKP / Branch lwès
Fòs Popilè Laplèn (FPL)
Unnion Nationale des Normaliens /nes D’Haiti (UNNOH)
Rezo Òganizasyon Bèlfontèn (ROB)
Mouvement de Liberté, d’Egalité des Haïtiens pour la Fraternité (MOLEGHAF)
Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè (KONBIT)
Pou konfimasyon
Ricardo Boucher / MOLEGHAF / 4085 9164
Péguy Noël / UNNOH / 47394987
Fabiola Jose Josera / MPNKP / 4431 6046
Patrick Joseph / Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè / 4747 3902
Nobert Bedouby / Sèk Janil / 4403 7118

Rendez-vous ICKL

Inivèsite Popilè 2023 | Atelye refleksyon gran Nò | Deklarasyon Papay
Papay, 25 jen 2023

Nou menm, òganizasyon ak mouvman peyizan, òganizasyon fanm, òganizasyon popilè, òganizasyon politik, ak òganizasyon jèn nan 5 depatman ki nan gran Nò peyi a, nou reyini nan dat 24 ak 25 jen 2023, nan lokalite Papay, ki nan twazyèm seksyon Agwayedyonn, komin Ench (nan Sant Nasyonal Fòmasyon kad peyizan), pou nou twoke lide sou tèm « Mwayen patisipasyon sitwayen yo nan politik peyi a : teren batay ak rapò fòs ». Pataj eksperyans ak brase lide sa fèt nan kad Inivèsite popilè a ki se yon espas refleksyon ak atikilasyon ki anba kòdinasyon ICKL, ITECA, PAPDA, SAKS, PAJ ak SOFA. Pandan 2 jou sa yo, gen plis pase 20 òganizasyon ak rezo òganizasyon ki soti nan 5 depatman nan rejyon gran Nò a ki te prezan nan rankont sa. Nan kad atelye sa, inivèsite a te tou pwofite manifeste solidarite l ak Mouvman Peyizan Papay (MPP) k ap selebre 50 lane egzistans li. Nou rive pataje eksperyans sou lit revandikatif nou abitye mennen yo, sou koze eleksyon nan peyi a ak sou inisyativ ekonomi sosyal ak solidè peyizan yo ap mennen sou teren an pou kreye altènativ fas ak modèl ekonomi kapitalis dechèpiyè a.

Ansanm pataj eksperyans ak refleksyon nou fè yo pèmèt nou konstate :

1) Mafya lokal ak entènasyonal, ap sèvi ak bandi ak sapat pou fè dappiyanp sou tè peyizan yo nan plizyè depatman nan peyi a, patikilyèman nan rejyon gran Nò a pou fè zòn franch, agwo endistri, eksplwatasyon min ak lòt ankò.

2) Malgre sanksyon k ap pran kont patwon gang yo, zam ak minisyon kontinye soti pa pil ak pa pakèt pou vin jwenn bandi ak sapat k ap fè peyizan yo monte lesyèl pa do.

3) Anpil tantativ ap fèt pou kriminalize batay òganizasyon popilè revandikatif yo, yon fason pou kontinye ak rejim piyajè bandi legal yo, ak sistèm peze souse a k ap pwodui esklizyon ak majinalizasyon.

4) Gen obligasyon pou òganizasyon pwogresis yo ak pati politik lagoch konsekan yo marande fòs yo ansanm pou wete peyi a anba grif mafya lokal ak entènasyonal yo atravè batay ak altènativ n ap devlope toupatou nan peyi a.

Nou denonse ak tout fòs nou, dappiyanp k ap fèt sou tè peyizan yo nan gran Nò a, sitou nan Prevwayans, Plenn Maribawo, Pitobè, Limonad, Sen Michèl Latalay, Papay (Ench), nan tout Nòdwès la ak Latibonit. Nou pote solidarite nou ak tout peyizan (fanm tankou gason) ki kontinye viktim nan batay pou defann tè agrikòl yo, kont eksplwatayon min nan tout peyi a. Se pou sa, nou pran angajman pou nou pote kole nan tout inisyativ mobilizasyon pou defann yon modèl agrikilti peyizan familyal agwoekolojik, kote tè agrikòl dwe rete nan men peyizan k ap travay tè pou defann dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay.

Nou denonse enperyalis ameriken, boujwa ak politisyen san lanvè san landwat ki kontinye ap debake zam ak minisyon bay bandi pou kontinye kenbe peyi a ak richès li yo anba grif yo, yon fason pou kenbe peyi a toujou nan depandans epi detwi tout posiblite pou konstwi yon peyi granmoun.

Nou pran angajman pou nou kontinye batay pou wete peyi a nan sitiyasyon malouk « kominote entènasyonal » la, boujwa ak politisyen kriminèl, bandi legal yo mete l la.

Nou pwofite okazyon sa a pou nou voye yon gwo kout chapo pou popilasyon an nan divès zòn nan peyi a ki leve kanpe pou dechouke gang ak sapat yo. Nou mande popilasyon nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, kontinye leve kanpe pou dechouke gang ki nan boujwazi a ak nan tèt leta a ki mare sosis yo ak gang ak sapat yo.

Nou deside marande fòs nou pou nou patisipe nan konstriksyon fòs nesesè pou rive mete anplas yon modèl Leta popilè ki soti nan matris popilasyon an e ki ap sèvi yon garanti pou mete anplas mekanis nesesè pou peyi a rejwenn souverènte ak endepandans li.

Aba pouvwa gang bandi legal !
Aba Leta rèstavèk ak politisyen machann peyi !
Viv lit pèp la ! !
Viv bonjan inite nan kan pèp la !
Òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a

Plato Santral – Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Mouvman pou Ranmase Chalmay Peralt ak Benwa Batravil (MRCPBB)

Latibonit – Blòk Politik Chimen klere

Konbit Tanbou Pale Mouvman Inite Ti Peyizan Ayisyen (MITPA)

Mouvman Revandikatif Peyizan San Tè (MRPST)

Mouvman Revolisyonè pou Liberasyon Mas yo (MORELIM)

Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) – branch Latibonit

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK)

Nò – Asosyasyon Fanm Limonad pou Devlopman Pwodiksyon Agrikòl ak Atizana (AFLIDEPA-J)

Federasyon Demokratik Katye Moren (FEMODEK)

Inisyativ Patriyòt Maryen (IPAM)

Mouvman Oganizasyon pou Desantralizasyon ak Devlopman Nò ak Nòdès (MODOD)

Mouvman Oganizasyon Peyizan Plezans (MOPP)

Nòdwès – Altènativ Sosyalis (ASO)

Fwon Patriyotik Popilè (FPP)

Rezo Oganizasyon Nòdwès (R.O.N)

Nòdès – Inyon Koperativ Pwodiktè Kakawo Nòdès (IKOPKANE)

Kòdinasyon Rezistans Popilè Nòdès (KRPN)

Mouvman Oganizasyon Peyizan pou Defann Enterè Savanolèt (MOPDES)

Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP)

Sant pou Kilti ak Devlopman Karis (SKDK)

Pou otantifikasyon

Astride NOEL, MOPDES, Depatman Nòdès, +5094818-4391

Junior JEUNE, IPAM, Depatman Nò, +5093218-2937

Kerby JOSEPH, FPP, Depatman Nòdwès, +509 4159-5939

André CEUS, MRPST, Depatman Latibonit, +5094163-4516

Edmond MATHIIEU, MPP, Depatman Sant, +5093393-7282

Rendez-vous ICKL

Deklarasyon Labòd, 31 me 2023

Nou menm, òganizasyon peyizan, òganizasyon fanm, òganizasyon popilè ak òganizasyon jèn nan 4 depatman ki nan gran Sid la, nou te reyini nan dat 30 ak 31 me nan twazyèm seksyon Labòd ki nan komin Okay pou brase lide sou tèm « Mwayen patisipasyon sitwayen yo nan politik peyi a : teren batay ak rapò fòs ». Gwo rankont pataj eksperyans ak brase lide sa fèt nan kad Inivèsite popilè ICKL, ITECA, PAJ, PAPDA, SAKS ak SOFA ap òganize nan peyi a. Pandan 2 jou sa yo, gen yon ventèn òganizasyon ak rezo òganizasyon nan 4 depatman gran Sid la ak nan komin Tigwav ki te prezan nan rankont sa. Atelye sa a te pèmèt nou reflechi sou sitiyasyon peyi a, reyalite batay la ak aktivite ekonomik peyizan yo ap mennen sou teren an.

Ansanm pataj eksperyans ak refleksyon nou fè yo pèmèt nou konstate :

  • Peyizan yo ak rès popilasyon nan gran Sid la toujou nan tèt chaje depi tranbleman tè 14 dawout 2021 an. Anyen pa fèt pou wete peyizan ki viktim yo anba tant. Peyizan yo pa jwenn ankadreman pou relanse aktivite agrikilti ak elvaj yo. Menm dlo peyizan yo pa genyen pou yo bwè nan plizyè komin nan gran Sid la.
  • Leta pa fè anyen pou debloke wout Matisan an ki koupe gran Sid la ak rès peyi a. Sa lakoz pwodui peyizan yo rive sove yo paka rantre nan Pòtoprens. Se nan gwo malè pandye anpil ti machann ap pase anba bal pou pote kèk pwodui al vann nan Pòtoprens. Blokaj wout nasyonal yo ak ogmantasyon pri gaz la, ki pa menm disponib nan ponp yo, lakoz pri pwodui yo pa janm sispann grenpe.
  • Gwo babin lokal ak entènasyonal, bandi ak kòl ap fè dappiyanp sou tè peyizan yo nan plizyè depatman nan peyi a pou fè zòn franch ak agwo endistri. Nou pa dwe bliye batay peyizan Ilavach yo te mennen kont mafya gwo pòch ki te vle pouse do yo sou zile a sou rejim PHTK a.
  • Gen gwo nesesite pou òganizasyon ak pati konsekan yo marande fòs yo ansanm pou wete peyi a anba grif malfini lokal ak entènasyonal yo.

Pou tout rezon sa yo, nou menm òganizasyon sila yo ki nan gran Sid la, nou pran angajman pou nou travay ansanm pou nou kontinye batay pou wete peyi a nan sitiyasyon atè plat « kominote entènasyonal » la ak boujwazi a mete l la.

Nou pwofite okazyon sa a pou nou voye yon gwo kout chapo pou popilasyon an nan divès zòn nan peyi a ki leve kanpe pou dechouke ganng ak sapat yo.

Nou mande popilasyon an nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, kontinye leve kanpe pou dechouke ganng gwo babin ki nan boujwazi a ak nan tèt Leta a ki nan tete lang ak ganng ak sapat yo.

Pise gaye pa kimen ! Viv bonjan inite nan kan pèp la !

Òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a :

Sid –      Platfòm Òganizasyon Peyizan Baradè Kavayon / POPBAK

–      Rezo Òganizasyon Peyizan Dori (Manich)

–      Konbit Peyizan Ilavach / KOPI

–      Mobilizasyon Peyizan San tè Sid / MOPSATES

–      Mouvman Pou Libète ak Byennèt / Moun LIB

–      Òganizasyon Lave je Koray Anri (Senlui) / OLAJEKA

–      Konbit Popilè Aksyon Sid / KPAS

–      Coordination des Organisations Pour le Changement de Cavaillon / COCC

–      Rasanbleman Fanm pou Pwomosyon Awondisman Aken / RAFPAA

Grandans –      Fwon Patriyotik Popilè / FPP-Grandans

–      Solidarite Fanm Ayisyèn / SOFA-Grandans

Nip –      Rezo Òganizasyon Peyizan Baradè / ROPEB

–      Kwòdinasyon Òganizasyon Rejyonal Nip / KORENIP

–      Konbit Peyizan Nip / KPN

Sidès –      Kwòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sidès / KROS

–      Rezo Òganizasyon Marigo

–      Solidarite Fanm Ayisyèn / SOFA-Sidès

–      Viv Espwa Pou Devlopman Kapwouj / VEDEK

Tigwav –      Rezo Òganizasyon Tigwav

 

Pou otantifikasyon :

  • Marie Guerda Jérôme (Sidès) / 3875 8966
  • Blandine Signé (Grandans) / 4315 7094
  • Daniel Sanon (Nip) / 3671 2303
  • James Francisque (Sid) / 4013 3420 / 3790 9544