HomeEconomieEksperyans enteresan (2) | Fonksyònman boulanje Pen Lakay ak mannyè li vann

Eksperyans enteresan (2) | Fonksyònman boulanje Pen Lakay ak mannyè li vann

Eksperyans enteresan (2) | Fonksyònman boulanje Pen Lakay ak mannyè li vann

Dezyèm piblikasyon sa a toujou konsène boulanje Pen Lakay ki nan Marigo. Ladan li, n ap gade fonksyònman antrepriz la ak mannyè li vann. Menm jan ak premye piblikasyon an, dezyèm sa a ekri nan twa (3) lang : kreyòl, franse ak anglè.

Se yon manm youn nan òganizasyon patnè nou yo sou teren an k ap jere boulanje Pen Lakay chak jou. Moun sa a kwòdone travay yon ekip genyen 5 anplwaye. Yon komite jesyon la pou voye je chak semenn sou jan boulanje a ap fonksyone.

Antrepriz la gen ekipman ki ka bay bon sèvis : fou ki mache ak gaz pwopàn, moulen farin elektrik, dèlko, elatriye. Ekipman sa yo rann pwodiksyon an pi fasil epi li pèmèt boulanje a pwodui yon bon kantite pen. Sa ki fè tou antrepriz la ofri pi bon kalite pen ak yon pri ki pi ba.

Se yon rezo machann ki fè boulanje a vann pen an. Nan moman antrepriz la te atenn pi gwo volim pwodiksyon li nan peryòd 2017-2018 la, rezo a te genyen 52 machann. Men depi pwodiksyon an ap bese a, kantite machann yo desann jiska 15. Se yo ki pote pen an pi pre popilasyon an. Gras ak boulanje a, machann ki nan rezo a gen yon revni ki estab.

Expériences inspirantes | Boulangerie Pen Lakay : fonctionnement et commercialisation

Cette deuxième publication concerne encore la boulangerie « Pen Lakay » à Marigot. Nous y présenterons le fonctionnement de l’entreprise et son procédé de commercialisation. À l’instar de la première publication, celle-ci est rédigée en trois (3) langues : le créole, le français et l’anglais.

La gestion quotidienne de la boulangerie Pen Lakay est assurée par un membre de l’une de nos organisations partenaires sur le terrain. Cette personne coordonne le travail d’un personnel de 5 employés. Le fonctionnement de la boulangerie est supervisé de façon hebdomadaire par un comité de gestion.

L’entreprise dispose d’équi-pements performants : four à propane, laminoir à pâte électrique, génératrice… Ces équipements facilitent le processus de production et permettent une économie d’échelle. Cela permet à l’entreprise d’offrir un pain de meilleure qualité et à moindre coût.

La commercialisation du pain est assurée par un réseau de marchandes. Durant le pic de production de 2017-2018, celui-ci comptait 52 marchandes. Mais depuis le ralentissement de la production, le réseau est réduit à une quinzaine de marchandes. Celles-ci apportent le pain au plus près de la population. Grâce à la boulangerie, les marchandes du réseau ont des revenus stables.

Inspiring experiences | Bakery Pen Lakay : operation and commercialization

This second publication concerns the « Pen Lakay » bakery in Marigot. In it, we present the company’s operation and its commercialization. Like the first publication, this one is written in 3 languages: Creole, French and English.

Daily management of the Pen Lakay bakery is handled by a member of one of our partner organizations in the field. This person coordinates the work of a staff of 5 employees. The operation of the bakery is supervised on a weekly basis by a management committee.

The bakery is equipped with high-performance equipment, including a propane oven, an electric dough sheeter and a generator. This equipment facilitates the production process and enables economies of scale. This enables the company to offer better quality bread at lower cost.

The bread is marketed by a network of merchants. During the peak of production in 2017-2018, this network included 52 merchants. But since the production slowdown, the network has been reduced to around fifteen merchants. They bring the bread closer to the population. Thanks to the bakery, the network’s merchants have a stable income.

Share With:
Rate This Article
Author

roodaffair@gmail.com