HomeSociétéAnsanm kont kapitalism dezas la pou yon jistis entèseksyonèl

Ansanm kont kapitalism dezas la pou yon jistis entèseksyonèl

Ansanm kont kapitalism dezas la pou yon jistis entèseksyonèl

Lendi 1e jiyè 2024 la, Enstititi kiltirèl Karl Lévêque te patisipe nan yon atelye sou Kapitalis dezas nan peyi Jamayik. Reprezantan li a te pale sou sitiyasyon Ayiti. Nou deside pibliye entèvansyon sa a, menm lè difikilte tan te anpeche prezantasyon an fèt egzakteman jan li te ekri a.

M ap salye chak reprezantan òganizasyon ki nan atelye a fizikman, kèlkeswa peyi kote li sòti. Nou regrèt gen reprezantan òganizasyon ki pa prezan bò kote nou pou divès rezon : menas ekolojik oubyen ansanm difikilte ki genyen pou moun sikile nan mond lan kòmsadwa.

Mwen ap pale sou Ayiti jodi a nan yon kontèks kote nan finisman mwa jen an yon misyon militè entènasyonal antre nan peyi a. Yon premye delegasyon 400 militè Kenyan debake nan swadizan objektif pou yo pote lapè. Alòske nou konnen ensekirite ki genyen Ayiti a se rezilta tout yon mizanplas ki fèt pou detui peyi a. Malerezman, gen peyi frè nan rejyon Karayib la ki dakò voye delegasyon pa yo nan misyon sa a. Nou ka tounen sou sa pi devan.

Entèvansyon mwen an genyen 2 pati. Nan yon premye tan, mwen ap mete aksan sou 3 gran aks ki ap ede nou konprann grav sitiyasyon Ayiti jounen jodi a, san mwen pa kite sou kote reyalite rejyon karayib la, paske istwa nou sanble sou anpil aspè. Aprè sa mwen ap soulinye kèk mezi ki dwe pran, yon mannyè pou Ayiti ak lòt peyi nan rejyon an jwenn jistis kont eksplwatasyon ak dominasyon yo sibi nan istwa yo.

3 aks pou nou konprann sitiyasyon Ayiti ak rejyon an
1- Eksperyans kolonizasyon ak okipasyon

Nou dwe sonje Ayiti fèt premye janvye 1804, aprè plis pase 3 syèk eksplwatasyon kolonyal teritwa sa a ak tout popilasyon ki t ap viv sou li t ap sibi. Pandan plis pase 3 syèk, youn aprè lòt, kolonizatè Espanyòl, Anglè ak Fransè piye teritwa a, yo maltrete popilasyon otoktòn yo ak sila yo yo te ale chache ann Afrik nan kad operasyon komès moun ki te pote non Trèt negriye. 18 novanm 1803, zansèt yo te pran endepandans lan nan Batay Vètyè. Yon ventèn lane aprè pwoklamasyon endepandans lan, Charles X, Wa peyi Lafrans, enpoze Ayiti yon ranson 150 milyon fran-lò pou li rekonèt endepandans lan. Depi lè sa, Ayiti tonbe nan prete lajan tout jounen nan men lòt peyi oubyen enstitisyon finansyè entènasyonal. Kondisyon kredi sa yo kontribiye nan mete peyi a sou po vant li. Kòm egzanp, prèske 13% bidjè peyi a pou ane fiskal 2023-2024 la ap sèvi pou peye dèt.

Endepandans Ayiti pran Vètyè kont lame Napoléon an pa te fè puisans kolonyalis, esklavajis, enperyalis ak segregasyonis yo byen ditou. Se konsa sa toujou pase nan listwa : fòs k ap eksplwate epi domine yo pa janm ankouraje fòs ki kanpe kont eksplwatasyon ak dominasyon. Mete sou sa, yo pa janm sispann kreye kondisyon nonplis pou yo kontinye eksplwate epi domine. Se nan lojik sa sòlda ameriken debake Ayiti nan mwa jiyè 1915, sou pretèks yo vin pwoteje enterè ameriken ki ta anba menas enstabilite politik. Sòlda sa yo tabli yon okipasyon sou peyi a pandan 19 lane. Okipasyon sa reprezante yon lòt moman enpòtan nan piyaj resous peyi a. Fòk nou di tou se menm sòlda ameriken sa yo ki te antre nan Bank nasyonal peyi a nan mwa desanm 1914, pou yo te pote ale rezèv lò peyi a ki te gen yon valè 500 mil dola nan epòk la. Nou ka di aksyon sa te fèt nan menm lojik pou fè Ayiti esklav kapital ameriken yo nan yon premye tan epi fè peyi a toujou gen dèt pou li peye.

Mete sou tout sa yo, nou pa ka pa soulinye pratik debwazman yo nan moman kolonizasyon ak okipasyon yo ki fè Ayiti frajil anpil fas ak katastwòf natirèl yo. Kolonizatè yo te koupe pyebwa yo pou yo te ka jwenn espas pou yo plante kafe ak kakawo ki te sous richès yo nan peyi a. Soti 1915 rive 1934, okipasyon amerikèn nan te ogmante to deforestasyon peyi a tou.

2- Kriz ekolojik

Pwosesis akimilasyon kapitalis la ki fè lajan pase anvan tout bagay, menm anvan lavi moun, gen gwo konsekans sitou sou peyi yo rann pòv yo. Tankou nou konnen sa, pou gwo endistri kapitalis yo rive pwodui, yo fè anpil dega sou atmosfè a atravè kantite « gaz à effet de serre » yo degaje. Lè pakèt gaz sa yo konsantre nan atmosfè a, se youn pami plizyè faktè ki mennen nan kriz klimatik ki genyen jounen jodi a. Se sa ki fè bò kote pa nou nou pa di chanjman klimatik, paske pou nou, destriksyon anviwònman an nan jan nou obsève li a pa enskri nan evolisyon yon tan istorik. Se rapò moun ak anviwònman an ki kreye menas ekolojik yo ki tankou yon epe Damoclès sou tèt nou. Pandan nou nan atelye sa, rejyon Karayib la anba menas siklòn Beryl.

Sa ki pi grav nan sitiyasyon sa, peyi endistriyalize kote ki genyen anpil antrepriz ki pa sispann detui atmosfè a pa vrèman aji pou rezoud pwoblèm nan. Plizyè pwotokòl gentan siyen nan sans sa, men rezilta yo pa vle di anpil bagay. Okontrè, plis mezi ap pran pou kontinye epi ranfòse pwosesis destriksyon atmosfè a : – vann dwa pou polye – itilize kanal politik ak diplomatik pou entènasyonalize plis antrepriz endistriyèl. Sou dènye aspè sa a, nou sonje nan lane 2012, sou pouvwa ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ak premye minis li Laurent Salvador Lamothe, « Ayiti ouvè pou biznis » se yon slogan ki te alamòd anpil. Pouvwa sa a te enterese anpil pou fè antrepriz miltinasyonal antre nan peyi a, san li pa te konsilte popilasyon an sou desizyon li t ap pran sans sa, tandiske jan pouvwa li a te pran desizyon yo pran pa te nan enterè popilasyon an. Se konsa pwojè « Destination Ile-à-vache » la te bloke devan gwo rezistans peyizan ayisyen yo ak lòt òganizasyon ki nan sosyete a. « Destination Ile-à-vache » se te yon pwojè ki te vle fè zòn Zile Lavach ki nan Sid Ayiti vini yon espas touristik, san respekte priyorite ak revandikasyon popilasyon nan zòn sa a.

Tout rale sa se pou nou di kriz ekolojik la ki soti nan matris pwosesis akimilasyon kapitalis la gen gwo konsekans sou Ayiti, menm jan ak lòt peyi nan rejyon an. Nou kwè sitiyasyon sa a fè gen òganizasyon ki te gen gwo difikilte pou yo bò kote jodi a. Endistri kapitalis yo ki se yon seri antrepriz miltinasyonal ap ogmante pwofi yo pandan yo ap detui anviwònman an. Anpil ladan yo menm gen dwa pou yo pa peye taks oubyen pa peye kantite yo dwe peye. Se vre Ayiti pa yon peyi ki genyen anpil antrepriz miltinasyonal, men li sèvi anpil nan pwosesis akimilasyon kapitalis la, nan bay mendèv bon mache, fè soutretans oswa konsome prèske tout sa yo pwodui. Mete sou sa, pa vrèman gen envestisman ki fèt nan enstitisyon piblik ki konsène yo pou ranfòse kapasite peyi a pou li fè fas ak manifestasyon kriz ekolojik la. Kòm konsekans, Ayiti ak yon pakèt peyi nan rejyon an toujou ap repare dega katastròf ekolojik yo, sa ki se youn nan sitiyasyon ki nui pwogrè yo.

3- Diplomasi enjerans ak dominasyon politik

Depi 30 dènye lane yo, peyi k ap domine Ayiti yo pa sispann entèvni nan politik li. Gouvènman ayisyen yo ak oligachi a kolabore anpil nan sans sa a. Kidonk, responsablite yo pataje. Diplomasi enjerans ak dominasyon politik nou ap pale a kòmanse parèt klè depi Koudeta kont ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, 29 septanm 1991. Pandan koudeta sa, depatman deta ameriken te parèt ap jwe yon wòl mitan jwèt pandan li te pwofite defann enterè pa li ; 3 lane aprè (oktòb 1994), se sòlda ameriken ki mennen Jean Bertrand Aristide tounen nan peyi a. Èske nou ka panse sa te fèt san kondisyon ? Aprè sa nan divès konjonkti kriz peyi a konnen yo, nou pa sispann konstate prezans ambasadè peyi ki ap domine Ayiti yo. Souvan, se sou dikte yo menm yon seri gwo desizyon pran nan peyi a, tankou rezilta eleksyon, chanjman nan gouvènman, elt.

Anplis, peyi ki ap domine Ayiti yo itilize koulwa diplomatik yo pou anpeche li kreye epi devlope patenarya Sid-Sid ak lòt peyi, sa ki te ka plis sèvi enterè nasyon an. Nou gen plizyè egzanp kote gouvènman ayisyen pran yon seri desizyon ki pa koresponn ak listwa rapò Ayiti genyen ak lòt peyi. Youn nan ka ki petèt pi resan yo pase nan mwa janvye 2019, kote Ayiti vote kont Venezyela nan òganizasyon Leta Ameriken yo (OEA, an fransè). Anvan sa, nou sonje kijan anbasad Etazini te travay ak gwo konpayi petwòl yo pou yo te anpeche Ayiti antre nan pwogram Petwokaribe a nan lane 2006. Pwogram Petwokaribe a se yon akò koperasyon Venezyela ak divès peyi nan rejyon an, ki pèmèt peyi sa yo achte petwòl ak yon kondisyon ki vrèman nan avantaj yo.

Pou Ayiti ak lòt peyi nan rejyon an jwenn jistis

 Nou egzije gen mezi ki pran pou repare krim esklavaj ak okipasyon Ayiti ak lòt peyi nan rejyon sibi nan listwa yo.

 Nou egzije gen mezi ki pran pou repare dega ekolojik pwosesis akimilasyon kapitalis la fè sou planèt la epi fè prevansyon kont menas yo.

 Li nesesè pou solidarite ant pèp yo, sitou nan Karayib la, fòse peyi ki ap domine Ayiti ak lòt pèp nan rejyon an chanje apwòch yo, pou yo konnen peyi sa yo granmoun nan tout nivo.

Viv yon Karayib solidè !
Viv respè nan relasyon ant pèp yo !
Viv Ayiti !
Mèsi anpil.

Jamayik, 1e jiyè 2024

Wisvel Mondélice
Enstiti kiltirèl Karl Lévêque

Share With:
Rate This Article
Author

roodaffair@gmail.com