Institut Culturel Karl Lévêque (ICKL)

Economie, Société

Eksperyans (2) | Fonksyònman boulanje Pen Lakay ak mannyè li vann

Dezyèm piblikasyon sa a toujou konsène boulanje Pen Lakay ki nan Marigo. Ladan li, n ap gade fonksyònman antrepriz la ak mannyè li vann. Menm jan ak premye piblikasyon an, dezyèm sa a ekri nan twa (3) lang : kreyòl, franse ak anglè.

Se yon manm youn nan òganizasyon patnè nou yo sou teren an k ap jere boulanje Pen Lakay chak jou. Moun sa a kwòdone travay yon ekip genyen 5 anplwaye. Yon komite jesyon la pou voye je chak semenn sou jan boulanje a ap fonksyone.

Antrepriz la gen ekipman ki ka bay bon sèvis : fou ki mache ak gaz pwopàn, moulen farin elektrik, dèlko, elatriye. Ekipman sa yo rann pwodiksyon an pi fasil epi li pèmèt boulanje a pwodui yon bon kantite pen. Sa ki fè tou antrepriz la ofri pi bon kalite pen ak yon pri ki pi ba.

Se yon rezo machann ki fè boulanje a vann pen an. Nan moman antrepriz la te atenn pi gwo volim pwodiksyon li nan peryòd 2017-2018 la, rezo a te genyen 52 machann. Men depi pwodiksyon an ap bese a, kantite machann yo desann jiska 15. Se yo ki pote pen an pi pre popilasyon an. Gras ak boulanje a, machann ki nan rezo a gen yon revni ki estab.

Expériences inspirantes | Boulangerie Pen Lakay : fonctionnement et commercialisation

Cette deuxième publication concerne encore la boulangerie « Pen Lakay » à Marigot. Nous y présenterons le fonctionnement de l’entreprise et son procédé de commercialisation. À l’instar de la première publication, celle-ci est rédigée en trois (3) langues : le créole, le français et l’anglais.

La gestion quotidienne de la boulangerie Pen Lakay est assurée par un membre de l’une de nos organisations partenaires sur le terrain. Cette personne coordonne le travail d’un personnel de 5 employés. Le fonctionnement de la boulangerie est supervisé de façon hebdomadaire par un comité de gestion.

L’entreprise dispose d’équi-pements performants : four à propane, laminoir à pâte électrique, génératrice… Ces équipements facilitent le processus de production et permettent une économie d’échelle. Cela permet à l’entreprise d’offrir un pain de meilleure qualité et à moindre coût.

La commercialisation du pain est assurée par un réseau de marchandes. Durant le pic de production de 2017-2018, celui-ci comptait 52 marchandes. Mais depuis le ralentissement de la production, le réseau est réduit à une quinzaine de marchandes. Celles-ci apportent le pain au plus près de la population. Grâce à la boulangerie, les marchandes du réseau ont des revenus stables.

Inspiring experiences | Bakery Pen Lakay : operation and commercialization

This second publication concerns the « Pen Lakay » bakery in Marigot. In it, we present the company’s operation and its commercialization. Like the first publication, this one is written in 3 languages: Creole, French and English.

Daily management of the Pen Lakay bakery is handled by a member of one of our partner organizations in the field. This person coordinates the work of a staff of 5 employees. The operation of the bakery is supervised on a weekly basis by a management committee.

The bakery is equipped with high-performance equipment, including a propane oven, an electric dough sheeter and a generator. This equipment facilitates the production process and enables economies of scale. This enables the company to offer better quality bread at lower cost.

The bread is marketed by a network of merchants. During the peak of production in 2017-2018, this network included 52 merchants. But since the production slowdown, the network has been reduced to around fifteen merchants. They bring the bread closer to the population. Thanks to the bakery, the network’s merchants have a stable income.

Publications

Rapò diskisyon Inivèsite Popilè 2023

Dokiman sa a fè yon ranmase sou tout kontni diskisyon ki te fèt nan kad edisyon 2023 Inivèsite Popilè a. Tèm pou edisyon sa a se te : Mwayen patisipasyon sitwayen ayisyen yo nan lavi politik peyi a: tèren batay ak rapò fòs.

Nou espere li ap ede moun ak òganizasyon ki ap travay pou konstwi yon peyi ki garanti libète ak patisipasyon sitwayen yo, yon peyi ki granmoun tèt li epi ki garanti aksè ak byen ak sèvis ki fondamantal pou tout moun viv nan diyite.

Vèsyon PDF la nan lyen ki anba a.

📎 Inivèsite Popilè 2023_rapò diskisyon

Economie

Eksperyans (1) | Boulanje Pen Lakay nan premye moman li yo

Premye piblikasyon sa a konsène boulanje Pen Lakay ki nan Marigo. Ladan li, n ap gade kreyasyon antrepriz la ak premye moman li yo. Menm jan ak tout piblikasyon nan seri « Sou Teren » an, sila a ekri nan twa (3) lang : kreyòl, franse ak anglè.

Eksperyans boulanje “Pen Lakay” nan Marigo
Aprè li te fin kreye an 2016, boulanje a te atenn pi gwo volim pwodiksyon li pandan lane 2017-2018 la : pou pi piti 300 sak (50 kg) farin ble nan yon mwa nan yon komin ki genyen 74,700 moun, daprè chif Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (IHSI an fransè) te bay nan lane 2015.
Akoz gwo kriz ki genyen nan peyi a, espesyalman wout nasyonal yo ki bloke, pwodiksyon boulanje a bese, paske li difisil pou pwodiktè yo jwenn matyè premyè yo (espesyalman farin ble a) epi pri yo moute tou. Sa ki fè, depi finisman lane 2018, volim pwodiksyon boulanje a desann nan 100 sak pou yon mwa.
Pou pwodiktè yo ka kontrekare konsekans kriz nou pale pi wo a, pou yo pa esklav farin ble a tou, yo anvizaje transfòme yon seri pwodui agrikòl, tankou pòmdetè ak lamveritab pou yo ka fè farin.
Boulanje Pen Lakay rete yon sous revni enpòtan ak yon mwayen pou simante bon relasyon travay nan mitan rezo asosyasyon patnè ICKL yo ki nan Marigo.
Les expériences de la boulangerie Pen Lakay (Pain local) à Marigot
Cette première publication concerne la boulangerie Pen Lakay à Marigot. Nous y reviendrons sur la création de l’entreprise et ses premiers instants. Comme toutes les publications de la série « Sou Teren », celle-ci est rédigée en trois (3) langues : créole, français et anglais.
Après sa création en 2016, la boulangerie a atteint son pic en matière de volume de production au cours de l’année 2017-2018 : en moyenne 300 sacs (de 50 kg) de farine de blé par mois dans une commune dont la population fut estimée en 2015 à 74,700 habitants, selon les données de l’Institut Haïtien de Statistiques et d’Informatique (IHSI).
En raison de la grande crise à laquelle le pays est confronté, notamment le blocage des routes nationales, la production de la boulangerie a diminué, car il est difficile pour les producteurs de s’approvisionner en matières premières (principalement de la farine de blé) et les prix augmentent parallèlement. En conséquence, depuis la fin de 2018, le volume de production de la boulangerie a chuté à 100 sacs par mois en moyenne.
Face aux conséquences de la crise évoquée plus haut, afin aussi d’éliminer leur dépendance de la farine de blé, les producteurs envisagent de transformer des produits agricoles tels que la pomme de terre et le fruit à pain pour en faire de la farine.
La boulangerie Pen Lakay continue d’être une importante source de revenus et un levier de cohésion pour le réseau des associations partenaires de l’ICKL à Marigot.
Experiences from the bakery Pen Lakay in Marigot
This first publication is about the Pen Lakay bakery in Marigot. In it, we look back at the creation of the company and its early days. Like all publications in the « Sou Teren » series, this one is written in three (3) languages: Creole, French and English.
After its creation in 2016, the bakery reached its peak in terms of production volume during the 2017-2018 year: an average of 300 bags (of 50 kg) of wheat flour per month in a commune whose population was estimated in 2015 at 74,700 inhabitants, according to data from the Haitian Institute of Statistics and Informatics (IHSI in French).
Due to the major crisis the country is experiencing, including the blocking of national roads, bakery production has decreased, as it is difficult for producers to source raw materials (mainly wheat flour) and prices are rising in parallel. As a result, since the end of 2018, bakery production volume has fallen to an average of 100 bags per month.
Faced with the consequences of the aforementioned crisis, also in order to eliminate their dependence on wheat flour, producers consider processing agricultural products such as potatoes and breadfruit to make flour.
The Pen Lakay bakery continues to be an important source of income and a lever of cohesion for ICKL’s network of partner associations in Marigot.