HomeEconomieEksperyans enteresan (3) | Sa ki fèt ak lajan ki antre nan aktivite boulanje Pen Lakay

Eksperyans enteresan (3) | Sa ki fèt ak lajan ki antre nan aktivite boulanje Pen Lakay

Eksperyans enteresan (3) | Sa ki fèt ak lajan ki antre nan aktivite boulanje Pen Lakay

Twazyèm piblikasyon sa a toujou konsène boulanje « Pen Lakay » ki nan Marigot. Nou pral prezante sa ki fèt ak lajan ki antre nan aktivite antrepriz la. Menm jan ak de premye piblikasyon yo, sa a ekri nan twa (3) lang: kreyòl, franse ak angle.

Lajan ki antre nan aktivite boulanje a kontribye nan bay kominote a sèvis atravè 3 mekanis: 1- kontribisyon nan salè pwofesè ak pèsonèl administratif yon lekòl kominotè, 2- ranfòsman kapital yon bank kominotè, 3- sipò pou kouvri kèk depans nan lojistik ki gen pou wè ak fonksyònman rezo asosyasyon ki mèt antrepriz la.

Lekòl kominotè a sitou akeyi timoun ki soti nan fanmi ki pa gen gwo mwayen lajan. Kòb paran yo peye lekòl la pa vrèman ka peye anplwaye yo. Nan sitiyasyon sa a, kontribisyon boulanje a enpòtan pou fonksyònman lekòl la. Li pèmèt direksyon an konplete yon sipò finansye ICKL bay pou peye salè yo. Enstiti a jwenn sipò sa a nan men Christian World Service (CWS) ki Nouvèl Zeland ak Église Unie ki Kanada.

Kanta bank kominotè a, li bay moun ki sitou nan ti komès enfòmèl kredi ak yon to 1% chak mwa. Se gwoup 5 moun ki pataje responsablite ranbousman kredi a ansanm ki jwenn li. Se yon bank ki gen yon tikal enfrastrikti ak yon nivo egzijans ki pi ba pase bank komèsyal yo. Fonksyònman bank kominotè a chita sou relasyon konfyans ki tabli nan kominote a.

Depans pou lojistik lajan ki antre nan boulanje a kouvri yo sitou konsène transpò, ti goute ak kominikasyon nan kad aktivite rezo asosyasyon ki mèt antrepriz la ap fè.

Expériences intéressantes | Usage des revenus de la boulangerie Pen Lakay

Cette troisième publication concerne encore la boulangerie « Pen Lakay » de Marigot. Nous y présenterons l’usage des revenus générés par l’entreprise. À l’instar des deux premières publications, celle-ci est rédigée en trois (3) langues : créole, français et anglais.

Les revenus générés par la boulangerie contribuent à offrir des services à la communauté à travers 3 mécanismes : 1- contribution aux salaires du personnel enseignant et administratif d’une école communautaire, 2- renforcement du capital d’une banque communautaire, 3- appui à la prise en charge de certaines dépenses logistiques liées au fonctionnement du réseau d’associations propriétaire de l’entreprise.

L’école communautaire accueille principalement les enfants des familles de faibles revenus. Les frais scolaires versés par leurs parents sont largement insuffisants pour payer le personnel. Dans ces conditions, la contribution de la boulangerie est importante pour le fonctionnement de l’école. Elle permet à la direction de compléter un appui financier de l’ICKL pour payer les salaires. L’institut reçoit de cet appui de Christian World Service (CWS) de la Nouvelle-Zélande et de l’Église Unie du Canada.

Quant à la banque communautaire, elle offre du crédit à un taux mensuel de 1% à des personnes engagées pour la plupart dans le petit commerce informel. Les prêts sont accordés à des groupes de 5 personnes solidairement responsables du remboursement. Il s’agit d’une banque qui dispose de très peu d’infrastructures, avec un niveau de formalité moindre que celui des banques commerciales. Le fonctionnement de la banque communautaire est basé sur les relations de confiance établies dans la communauté.

Les dépenses de logistique assurées grâce aux revenus de la boulangerie concernent principalement le transport, la collation et la communication liés aux activités du réseau d’associations propriétaire de l’entreprise.

Interesting experiences | Using revenues from the Pen Lakay bakery

This third publication concerns the Pen Lakay bakery in Marigot. In it, we present the use of revenues generated by the company. Like the first two publications, this one is written in three (3) languages: Creole, French and English.

The revenues generated by the bakery contribute to providing services to the community through 3 mechanisms: 1- contribution to the salaries of the teaching and administrative staff of a community school, 2- strengthening the capital of a community bank, 3- support for certain logistical expenses linked to the operation of the network of associations that own the business.

The community school mainly caters for children from low-income families. The school fees paid by their parents are largely insufficient to pay the staff. Under these conditions, the bakery’s contribution is important to the running of the school. It enables the management to supplement financial support from the ICKL to pay salaries. The institute receives this support from Christian World Service (CWS) of New Zealand and the United Church of Canada.

As for the community bank, it offers credit at a monthly rate of 1% to people mostly engaged in small-scale informal trade. Loans are granted to groups of 5 people who are jointly responsible for repayment. This is a bank with very little infrastructure, and a lower level of formality than that of commercial banks. The community bank’s operations are based on relationships of trust established within the community.

The logistical expenses covered by the bakery’s income mainly concern transport, snacks and communication linked to the activities of the network of associations that own the business.

Share With:
Rate This Article
Author

roodaffair@gmail.com