Inivèsite Popilè 2023 | Atelye refleksyon gran Nò | Deklarasyon Papay
Nou menm, òganizasyon ak mouvman peyizan, òganizasyon fanm, òganizasyon popilè, òganizasyon politik, ak òganizasyon jèn nan 5 depatman ki nan gran Nò peyi a, nou reyini nan dat 24 ak 25 jen 2023, nan lokalite Papay, ki nan twazyèm seksyon Agwayedyonn, komin Ench (nan Sant Nasyonal Fòmasyon kad peyizan), pou nou twoke lide sou tèm « Mwayen patisipasyon sitwayen yo nan politik peyi a : teren batay ak rapò fòs ». Pataj eksperyans ak brase lide sa fèt nan kad Inivèsite popilè a ki se yon espas refleksyon ak atikilasyon ki anba kòdinasyon ICKL, ITECA, PAPDA, SAKS, PAJ ak SOFA. Pandan 2 jou sa yo, gen plis pase 20 òganizasyon ak rezo òganizasyon ki soti nan 5 depatman nan rejyon gran Nò a ki te prezan nan rankont sa. Nan kad atelye sa, inivèsite a te tou pwofite manifeste solidarite l ak Mouvman Peyizan Papay (MPP) k ap selebre 50 lane egzistans li. Nou rive pataje eksperyans sou lit revandikatif nou abitye mennen yo, sou koze eleksyon nan peyi a ak sou inisyativ ekonomi sosyal ak solidè peyizan yo ap mennen sou teren an pou kreye altènativ fas ak modèl ekonomi kapitalis dechèpiyè a.
Ansanm pataj eksperyans ak refleksyon nou fè yo pèmèt nou konstate :
1) Mafya lokal ak entènasyonal, ap sèvi ak bandi ak sapat pou fè dappiyanp sou tè peyizan yo nan plizyè depatman nan peyi a, patikilyèman nan rejyon gran Nò a pou fè zòn franch, agwo endistri, eksplwatasyon min ak lòt ankò.
2) Malgre sanksyon k ap pran kont patwon gang yo, zam ak minisyon kontinye soti pa pil ak pa pakèt pou vin jwenn bandi ak sapat k ap fè peyizan yo monte lesyèl pa do.
3) Anpil tantativ ap fèt pou kriminalize batay òganizasyon popilè revandikatif yo, yon fason pou kontinye ak rejim piyajè bandi legal yo, ak sistèm peze souse a k ap pwodui esklizyon ak majinalizasyon.
4) Gen obligasyon pou òganizasyon pwogresis yo ak pati politik lagoch konsekan yo marande fòs yo ansanm pou wete peyi a anba grif mafya lokal ak entènasyonal yo atravè batay ak altènativ n ap devlope toupatou nan peyi a.
Nou denonse ak tout fòs nou, dappiyanp k ap fèt sou tè peyizan yo nan gran Nò a, sitou nan Prevwayans, Plenn Maribawo, Pitobè, Limonad, Sen Michèl Latalay, Papay (Ench), nan tout Nòdwès la ak Latibonit. Nou pote solidarite nou ak tout peyizan (fanm tankou gason) ki kontinye viktim nan batay pou defann tè agrikòl yo, kont eksplwatayon min nan tout peyi a. Se pou sa, nou pran angajman pou nou pote kole nan tout inisyativ mobilizasyon pou defann yon modèl agrikilti peyizan familyal agwoekolojik, kote tè agrikòl dwe rete nan men peyizan k ap travay tè pou defann dwa granmoun peyi a nan zafè lamanjay.
Nou denonse enperyalis ameriken, boujwa ak politisyen san lanvè san landwat ki kontinye ap debake zam ak minisyon bay bandi pou kontinye kenbe peyi a ak richès li yo anba grif yo, yon fason pou kenbe peyi a toujou nan depandans epi detwi tout posiblite pou konstwi yon peyi granmoun.
Nou pran angajman pou nou kontinye batay pou wete peyi a nan sitiyasyon malouk « kominote entènasyonal » la, boujwa ak politisyen kriminèl, bandi legal yo mete l la.
Nou pwofite okazyon sa a pou nou voye yon gwo kout chapo pou popilasyon an nan divès zòn nan peyi a ki leve kanpe pou dechouke gang ak sapat yo. Nou mande popilasyon nan kat kwen peyi a ak nan dyaspora a, kontinye leve kanpe pou dechouke gang ki nan boujwazi a ak nan tèt leta a ki mare sosis yo ak gang ak sapat yo.
Nou deside marande fòs nou pou nou patisipe nan konstriksyon fòs nesesè pou rive mete anplas yon modèl Leta popilè ki soti nan matris popilasyon an e ki ap sèvi yon garanti pou mete anplas mekanis nesesè pou peyi a rejwenn souverènte ak endepandans li.
Òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a
Plato Santral – Mouvman Peyizan Papay (MPP)
Mouvman pou Ranmase Chalmay Peralt ak Benwa Batravil (MRCPBB)
Latibonit – Blòk Politik Chimen klere
Konbit Tanbou Pale Mouvman Inite Ti Peyizan Ayisyen (MITPA)
Mouvman Revandikatif Peyizan San Tè (MRPST)
Mouvman Revolisyonè pou Liberasyon Mas yo (MORELIM)
Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA) – branch Latibonit
Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK)
Nò – Asosyasyon Fanm Limonad pou Devlopman Pwodiksyon Agrikòl ak Atizana (AFLIDEPA-J)
Federasyon Demokratik Katye Moren (FEMODEK)
Inisyativ Patriyòt Maryen (IPAM)
Mouvman Oganizasyon pou Desantralizasyon ak Devlopman Nò ak Nòdès (MODOD)
Mouvman Oganizasyon Peyizan Plezans (MOPP)
Nòdwès – Altènativ Sosyalis (ASO)
Fwon Patriyotik Popilè (FPP)
Rezo Oganizasyon Nòdwès (R.O.N)
Nòdès – Inyon Koperativ Pwodiktè Kakawo Nòdès (IKOPKANE)
Kòdinasyon Rezistans Popilè Nòdès (KRPN)
Mouvman Oganizasyon Peyizan pou Defann Enterè Savanolèt (MOPDES)
Mouvman Peyizan Nasyonal Kongrè Papay (MPNKP)
Sant pou Kilti ak Devlopman Karis (SKDK)
Pou otantifikasyon
Astride NOEL, MOPDES, Depatman Nòdès, +5094818-4391
Junior JEUNE, IPAM, Depatman Nò, +5093218-2937
Kerby JOSEPH, FPP, Depatman Nòdwès, +509 4159-5939
André CEUS, MRPST, Depatman Latibonit, +5094163-4516
Edmond MATHIIEU, MPP, Depatman Sant, +5093393-7282