HomeRendez-vous ICKLInivèsite Popilè 2023 | Sesyon Lwès | Deklarasyon

Inivèsite Popilè 2023 | Sesyon Lwès | Deklarasyon

Inivèsite Popilè 2023 | Sesyon Lwès | Deklarasyon

Delma, 8 jiyè 2023

Nou menm òganizasyon ak regwoupman òganizasyon ki siyen deklarasyon sa a, nou te reyini 7 ak 8 jiyè 2023 nan Dèlma nan yon atelye ki t ap reflechi sou patisipasyon mouvman sosyal ak popilè yo nan politik peyi a, sou gwo defi pèp ayisyen ap viv nan konjonkti jounen jodi a epi sou estrateji pou nou refè eskanp figi peyi a.

Atelye refleksyon sa a te reyalize nan kad inisyativ ki pote non Inivèsite popilè ki fèt anba kòdinasyon Enstiti Kiltirèl Kal Levèk (ICKL), Enstiti Teknoloji ak Animasyon (ITECA), Pwogram pou yon Altènativ Jistis (PAJ), Platfòm Ayisyen k ap fè Pledwaye pou yon Devlopman Altènatif (PAPDA), Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS) ak Solidarite Fanm Ayisyèn (SOFA).

Pandan 2 jounen travay sa yo, nou reflechi sou nesesite yon pi bon maryaj ant batay mouvman sosyal ak popilè yo ap mennen nan diferan domèn aktivite. Nou te analize rapò istorik òganizasyon sosyal ak politik pwogresis yo devlope ak leta epi reflechi sou nesesite pou fòs pwogresis yo defini estrateji tèt ansanm pou yo patisipe plis nan lavi politik peyi a pou kontribye nan konstwi yon leta ki ka garanti enfrastrikti ak sèvis ki pèmèt tout moun viv nan diyite.

Nou ap atire atansyon pèp ayisyen an sou danje ki pandye sou peyi a akoz pwojè ekonomik yon seri enstitisyon finansye entènasyonal, gwo antrepriz entènasyonal ak yon seri leta dominan prepare pou aplike Ayiti. Se yon pwojè ki chita sou dappiyanp sou tè agrikòl peyi a pou konstwi zòn franch epi piye min ki anba tè a san okenn konsiderasyon pou anviwònman an ak lavi moun. Pou pèp ayisyen an bloke pwojè sa a, pou li tabli yon lòt pwojè selon bezwen peyi a apati kapasite peyi a, mouvman sosyal ak popilè yo dwe kreye kondisyon pou patisipe aktivman nan lavi politik peyi a. Pou sa, fòk pèp ayisyen an goumen pou chanje kalite eleksyon ki ap òganize nan peyi a. Fòk nou tabli yon gouvènman tranzisyon koupe fache ki lejitim epi ki enspire konfyans, fòk nou evalye epi redefini sistèm elektoral la, tabli sekirite nan peyi a. Mezi sa yo se kondisyon minimal pou nou anpeche peyi a kontinye plonje nan kriz ak banditis.

Nan sans sa, nou pran angajman pou nou kontinye travay ansanm epi kontre lòt òganizasyon pwogresis pou konstwi yon gwo fòs ki genyen ase lejitimite pou bloke pwojè ekonomik danjere ki ap deplòtonnen nan peyi a epi kreye kondisyon politik pou nou konstwi yon pwojè altènatif. Pwojè altènatif sa a dwe chita sou dwa grandèt majè pèp ayisyen an nan desizyon politik li ap pran, nan deside kisa li ap pwodui pou li manje epi satisfè lòt bezwen fondamantal li, yon pwojè ki kadre ak dimansyon listwa peyi a, yon pwojè ki ka kore inisyativ ekonomi sosyal solidè mouvman sosyal popilè yo ap devlope nan kat kwen peyi a epi ki garanti aksè byen ak sèvis piblik pou tout moun.

Viv yon peyi ki granmoun tèt li !
Aba okipasyon ak dominasyon etranje !
Viv bonjan inite nan kan pèp la !

Òganizasyon ki te patisipe nan atelye a
Sèk Gramsci
Konbit Pou Yon Lojman Altènatif (KAYLA)
Kolektif Jistis Min (KJM)
Pati Rasin Kan Pèp La (RASIN)
Sèk Janil Lwijis
Antèn Ouvriye
MPNKP / Branch lwès
Fòs Popilè Laplèn (FPL)
Unnion Nationale des Normaliens /nes D’Haiti (UNNOH)
Rezo Òganizasyon Bèlfontèn (ROB)
Mouvement de Liberté, d’Egalité des Haïtiens pour la Fraternité (MOLEGHAF)
Konbit Oganizasyon Politik, Sendikal ak Popilè (KONBIT)
Pou konfimasyon
Ricardo Boucher / MOLEGHAF / 4085 9164
Péguy Noël / UNNOH / 47394987
Fabiola Jose Josera / MPNKP / 4431 6046
Patrick Joseph / Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè / 4747 3902
Nobert Bedouby / Sèk Janil / 4403 7118
Share With:
Rate This Article
Author

roodaffair@gmail.com