HomeSociétéDeklarasyon woumble nasyonal kont dappiyanp sou tè ak min nan rejyon Nò ak Nòdès Ayiti

Deklarasyon woumble nasyonal kont dappiyanp sou tè ak min nan rejyon Nò ak Nòdès Ayiti

Deklarasyon woumble nasyonal kont dappiyanp sou tè ak min nan rejyon Nò ak Nòdès Ayiti

Savanolèt, Prevwayans (Wanament), 8 jen 2023 

Nou menm divès òganizasyon sosyal ki sòti nan 10 depatman peyi a, nou reyini jou ki 8 ak 9 jen 2023 nan Prevwayans, anba envitasyon òganizasyon ak mouvman peyizan nan rejyon Nò ak Nòdès, anba lobedyans Mouvman Peyizan pou Defann Enterè Savanolèt (MOPDES), Kòdinasyon Peyizan Seksyon Kominal Ba Maribawo (KPSKBM), pou nou reflechi sou sitiyasyon peyi a espesyalman sou nesesite pou kore batay ti peyizan Prevwayans yo ap mennen pou defann dwa yo genyen pou yo viv, pou yo jwenn tè pou yo travay epi defann diyite fanmi yo ak kominote yo anfas tout malfini ki vle detwi lavi nan lokalite sa a.

Nou wete chapo nou tou pou salye plizyè milye fanmi ki sot frape anba gwo inondasyon 3 jen 2023 pase a, ki touye moun, kraze kay, detwi jaden, pote bèt ale. 2 jou apre yon goudougoudou frape popilasyon an nan vil Jeremi epi fè gwo dega. N ap di tout fanmi ak kominote ki viktim yo n ap kanpe avèk yo. N ap pote solidarite nou kapab pou yo reprann travay ak rekipere sa yo pèdi nan 2 katastwòf sa yo. N ap raple chanjman nan klima a se rezilta piyaj ak dappiyanp sistèm kapitalis k ap detwi lanati, k ap piye richès kolektif Pèp pou yo ka fè plis lajan posib sou do travayè. Tout òganizasyon pwogresis nan peyi a dwe bati yon plan espesyal pou nou kanpe anfas chanjman klimatik la pou nou ka kontinye pwodwi richès epi defann lavi nan bonjan kondisyon. Sistèm kapitalis peze souse a ap vin pi voras chak jou e l ap lage nou nan grangou pandan lap fè plizyè milya dola vèt chak jou kòm pwofi.

Nou wete chapo nou yon lòt fwa pou salye gwo rezistans Pèp ayisyen nan 4 kwen peyi a ap fè fas ak gwo frap (masak, piyaj, boule moun tou vivan, boule kay, kidnaping, vyòl, vòlè tè, arestasyon ilegal ak yon latriye fòm represyon) gwoup oligachi a ak fòs enperyalis yo ak alye politik yo enstale nan peyi a depi plizyè lane pou bloke revandikasyon ak pwosesis òganizasyon klas popilè yo. Nou kontan wè depi 24 avril 2023 gen yon nouvo enèji nan rezistans la ki koumanse netralize fòs lanmò yo nan plizyè rejyon nan peyi a.

Nou reyini jodi a, e n ap gonfle fòs nou, nan kad gwo mobilizasyon peyizan (fanm kou gason) nan tout peyi a, ki vin nan Prevwayans pou nou di Tè agrikòl dwe rete nan men peyizan k ap travay latè epi ki itilize richès pwodiksyon an pou defann lavi.

Nou reyini e nou gonfle fòs nou pou pouse yon gwo rèl anfas dappiyanp kap fèt sou tè peyizan ak preparasyon kap fèt pou pran tè yo nan men peyizan yo pou fè zòn franch, eksplwate min, fè pwojè touristik, fè pwodiksyon agrikòl pou ekspòtasyon. Otorite Leta yo pa di anyen sou zak dappiyanp ilegal kap fèt yo epi nan anpil ka yo konplis kote yo kore epi yo patisipe nan sitiyasyon sa yo. Nan plizyè kote tankou sa ap pase nan Limonad, Pitobè, Papay, Sen Michel Latalay, Monwi (Pyat) Prevwayans, ak divès lòt kote yo itilize gang pou chase peyizan yo epi vòlò tè yo. Otorite Leta (politik, tankou lajistis) ap itilize tout kalte fòm, sitou bandi legal ki gen zam nan men yo pou rive mete peyizan deyò sou tè yo.

N ap denonse ak tout fòs nou anpil otorite nan lajistis, nan lapolis, politisyen ak bandi ak zam (tankou Estime Saint-Juste, Henry-Claude Nelson ak lòt) nan Nòdès ki mete tèt yo ansanm pou pèsekite peyizan, mete yo nan mawon, yon fason pou yo ka vòlè tè agrikòl kote y ap travay depi plis pase 86 lane, sou baz desizyon Leta ki garanti dwa yo sou espas sa yo.

N ap denonse Gouvènman Ayisyen yo, patikilyèman rejim PHTK a, jis nan 4triyèm vèsyon li ak Premye Minis defakto Ariel Henry ak tout alye li yo, ki ap aplike yon seri politik antipeyizan, antipèp, ki ap kore gwo zouzoun kapitalis, politisyen kowonpi, bandi ak zam pou yo kapab kouri dèyè peyizan yo sou tè agrikòl yo, yon fason pou kraze pwodiksyon nasyonal la, detwi byodivèsite peyi a, epi detwi tout kapasite peyi a genyen pou li konstwi dwa granmoun li nan zafè lamanjay.

N ap reyafime volonte fèm nou genyen pou kontinye batay san pran souf pou dwa granmoun Pèp yo nan zafè lamanjay, pou yon modèl agrikilti peyizan familyal agwoekolojik, pou refòm agrè popilè entegral epi aplikasyon Deklarasyon Nasyonzini sou dwa peyizan fanm kou gason ak tout moun kap viv nan milye riral (UNDROP). N ap reyafime volonte fè m nou pou kontinye batay pou valorize pi plis enpòtans fanm peyizàn yo nan chèn pwodiksyon nasyonal la.

Nou pran angajman pou nou limen flanm mobilizasyon an tout kote nan peyi a, sitou nan rejyon Nò, Nòdès, Plato Santral, nan Latibonit, (sitou nan Sen Michel Latalay) ak lòt ankò, kote peyizan yo ap sibi tout kalte vyolans paske y ap defann tè yo, ki se lavi yo.

Tout òganizasyon ki prezan jodi a, nou deside kanpe anfas deblozay sa yo epi defann dwa peyizan yo genyen pou jwenn tè pou yo travay e kontinye pwoteje lavi ak lanati.

N ap mande liberasyon prese prese epi san kondisyon kanmarad nou yo ki nan prizon jouk jounen jodi a, apre bandi ak zam ki gen nan tèt yo Estime Saint-Juste (ansyen vis-delege PHTK) fin kidnape yo epi mennen yo nan komisarya polis. Krim yo repwoche peyizan sa yo se paske yo leve kanpe kont dappiyanp dechèpiyè yo ap chache fè sou tè yo nan Prevwayans (yon koloni agrikòl ki tabli depi 1937 e ki garanti apati dekrè septanm 1939) ak lòt zòn tankou Pitobè (Plenn Maribawo). Fòk yo libere yo san pèdi tan e fòk fanmi yo jwenn dedomajman pou tout enjistis yo fè yo.

Nou pran desizyon KANPE MIN pou kreye yon kad favorab pou devlopman agrikilti peyizan agwoekolojik la, epi pwoteje lavi ak espas travay nan kominote yo.

N ap mande INARA pran responsablite li pou li kapab mete an aplikasyon tout desizyon ki pran nan avantaj peyizan yo pou garanti dwa yo sou tè yo okipe yo, kit se nan koloni agrikòl yo, kit se nan kad pwosesis refòm agrè a.

Nou pran angajman pou fòse Leta ayisyen elabore epi mete an aplikasyon bon jan politik piblik ki garanti yo pran ankont tout revandikasyon peyizan yo ki enskri nan Kaye Nasyonal Revandikasyon peyizan yo, ki se zouti batay peyizan yo.

Tout òganizasyon, tout estrikti ki patisipe nan 2 jou mobilizasyon sa yo, pran angajman pou pote kole nan tout mobilizasyon, tout inisyativ MOPDES, KPSKBM, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, MPP, ak lòt aktè ankò ap pran nan rejyon Nò, Nòdès ak Plato Santral, ak tout lòt kote peyizan ap batay jiskaske revandikasyon peyizan yo jwenn repons.

 

Viv Batay peyizan Prevwayans ak tout lòt k ap sibi zak vyolans ak dappiyanp!

Aba zòn franch ! Aba eksplwatasyon min !

Viv solidarite ant tout òganizasyon ki pare pou defann dwa travayè peyizan pou yo jwenn tè pou yo travay ak tout lòt dwa yo genyen !

Viv batay pou yon chanjman total kapital nan peyi a.

Viv yon agrikilti peyizan agwoekolojik.

Jistis klimatik la dwe fèt kounye a menm!

Viv Ayiti!

 

Òganizasyon ki siyen nòt sa:

Mouvman Peyizan pou Defann Enterè Savanolèt (MOPDES)

Kòdinasyon Peyizan Seksyon Kominal Ba-Maribawo (KPSKBM)

Platfòm Ayisyen k ap Plede pou yon Devlòpman Altènatif (PAPDA)

Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen (TK)

Mouvman Peyizan Papay (MPP)

Solidarite Fanm Ayisyen (SOFA)

Kolektif Jistis Min (KJM)

Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun yo (POHDH)

Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS)

Enstiti Kiltirèl Karl Levèque (ICKL)

 

Pou Otantifikasyon:

Wilnaire DESARMES, MOPDES (+509 3316-0070)

Guillaume Antoinéus JOSAPHAT, KPSKBM (+509 4358-9299)

Tania MERILIEN, SOFA (+509 3849-2692)

Camille CHALMERS, PAPDA (+509 3837-1899)

Origène LOUIS, TK (+509 3786-8573)

Share With:
Rate This Article
Author

roodaffair@gmail.com